This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

APÈSI ANYEL POU 2022

Rann sistèm yo fonskyonèl pou chak timoun, chak fanmi, chak kominote.

Aprann konnen kijan W.K. Kellogg Foundation ap sipòte yon avni ki pi ekitab.

2022 Apèsi Anyèl Pou

Rann sistèm yo fonskyonèl pou chak timoun, chak fanmi, chak kominote.

Aprann konnen kijan W.K. Kellogg Foundation ap sipòte yon avni ki pi ekitab.

Se tout yon onè pou nou dèske n ap travay nan tèt kole ak benefisyè nou yo, patnè nou yo, antrepriz nou envesti ladan yo, kòlèg nou yo ak kominote nou yo pou chanje sistèm yo chak jou – pou tout timoun ka pwospere.

Sistèm ki pa ekitab yo anpeche timoun yo atenn tout potansyèl yo, espesyalman nan kominote moun ki pa blan yo. Ke se eka pèsistan ki genyen nan aksè ak bon kalite swen sante ak bon alimantasyon, ke se rezilta diferan nan edikasyon yo oswa ke se mank opòtinite travay ki peye yon salè ki pèmèt moun viv, ak ke se anpil lòt bagay – kijan nou ka travay ansanm pou reyimajine yon mond ki fonksyone pou tout timoun, tout fanmi ak tout kominote?

Sa kòmanse avèk gerizon rasyal, avèk di verite a, devlope relasyon epi priyorize ekite rasyal. Ansanm, nou ka chanje politik yo, pratik yo, resous yo, dinamik pouvwa yo ak mantalite yo. Nou ka sipòte solisyon inovan ki odasye, chanje istwa yo epi mete tèt nou ansanm pou devlope konfyans epi ranfòse pouvwa nan kominote yo pou mennen chanjman an.

Gerizon rasyal nan kè ekite rasyal

Pandan plis pase yon dizèn lane, gerizon rasyal te yon pati fondamantal nan angajman W.K. Kellogg Foundation pou pwomosyon ekite rasyal.

Nan Kesyon/Repons sa a, La June Montgomery Tabron, Prezidan ak Direktè Jeneral WKKF, pale sou enpòtans kwasan wòl gerizon rasyal genyen nan misyon fondasyon an.

Ekite rasyal ak bezwen pou transfòmasyon sistèm

Reyalizasyon ekite rasyal pral mande transfòmasyon enpòtan pami pil sistèm, enstitsyon ak estrikti ki gen enpak sou lavi chak jou nou.

Nan Kesyon/Repons sa a, Cathann Kress, Prezidan Konsèy WKKF, eksplike koneksyon ki genyen ant ekite rasyal ak chanjman nan sistèm ak estrikti ki kritik pou siksè timoun yo, fanmi yo ak kominote yo.

Transparans gras a chif yo

Kesyon/Repons ak Don Williamson, Vis Prezidan Finans ak Trezorye

Videyo

Wè ak pwòp je w vwa ekstrawòdinè yo prezante nan videyo ane a ki souliyen pwoblèm yo, opòtinite yo ak sa k ap vini pou kominote yo nan tout mond lan.

WKKF

W.K. Kellogg Foundation sipòte timoun, fanmi ak kominote yo etan y ap ranfòse tèt yo epi kreye kondisyon k ap pwopilse timoun ki vilnerab yo pou yo atenn siksè antanke moun ak antanke kontribitè pou ansanm kominote a ak sosyete a. Aprann plis sou wkkf.org.