This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Transparans grasa chif yo

Don Williamson – Vis Prezidan Finans ak Trezorye

APÈSI ANYEL POU 2022

Transparency by the numbers

Don Williamson, Vice President of Finance & Treasurer

Fondasyon an fonksyone sou yon ane fiskal ki kòmanse an septanm pou li fini nan mwa out. Brèf rezime anyèl ane sa a reflete done finansye ak sibvansyònman ki kòmanse 1ye septanm 2021 e ki fini 31 out 2022.

Pou reponn ak bezwen ijan epi kritik kominote yo, W.K. Kellogg Foundation Trust te pase yon tranzaksyon istorik pou li te bay ak siksè yon bon aksyon sosyal US$300 milyon pou ogmante peman anyèl nou an 50% oswa US$150 milyon, pou ane fiskal 2020/2021 ak 2021/2022 yo. Ogmantasyon peman an ajoute ak distribisyon tradisyonèl nou an, avèk objektif pou distrybiye lajan bon aksyon sosyal yo disi 31 desanm 2022.

Envestisman ak depans karitatif

Se ak anpil plezi mwen rapòte ke nou atenn objektif nou e totalite $300 milyon obligasyon sosyal la te angaje epi peye bay benefisyè nan fen ane 2022 a pou sipòte misyon fondasyon an genyen pou reyisit timoun , fanmi k ap travay ak kominote ekitab.

Sèl objektif envestisman Trust la se pou leve fon atravè yon estrateji envestisman ki gen siksè pou finanse sibvansyon an ak fonksyònman fondasyon an. Fondasyon an gen yon pòtfolyo envestisman ki se alafwa yon eleman ki baze sou misyon ak yon konsantrasyon sou kwasans alavni. Responsabilite fiskal kontinyèl nou ak jesyon konsantre nou sou risk mache pou toulède pòtfolio yo, ki enkli ajisteman pou aksyon Trust lan genyen nan Kellogg Company, rete eleman santral pou finansman ak estrateji plan finansye nou an. Nan dat 31 out 2022, pòtfolyo envestisman yo pou fondasyon an ak Trust la konbine te evalye a US$8.67 milya, ki pèmèt plis mwayen pou depanse nan sibvansyon, aktivite ki gen rapò ak pwogram, depans administratif ak enflasyon. Pòtfolyo Trust la ak fondasyon an kontinye atenn objektif referansyèl ki seleksyone yo pou suiv pèfòmans sou sik mache yo pou garanti respè egzijans peman yo ak kwasans alontèm.

Pòtfèy Envestisman ki ale nan sans Misyon nou an, te vo $109.5 milyon kòm ekivalan an kach, revni fiks ak kapital-envestisman prive, espere founi enpak sosyal ki sipòte misyon nou, menm jan pou jwenn randman selon to mache a. Lòt zouti fondasyon an itilize pou sipòte sibvansyon se envestisman ki baze sou pwogram (PRIs), ki se envestisman estratejik ki aliyen ak misyon nou an e ki tipikman pi ba to mache a pou òganizasyon oswa envestisman karitatif. Nan dat 31 out 2022, fondasyon an te gen $48.8 milyon nan PRIs sou bilan li, ki reprezante yon ogmantasyon apwoksimatif 30% sou ane anvan an.

Pou ane fiskal la, fondasyon an te fè nouvo angajman sibvansyon ki totalize plis pase $298 milyon ki te enkli distribisyon balans pwodui obligasyon sosyal yo.

Pami nouvo angajman fondasyon an, anviwon 59% te benefisye nan lokalite priyoritè nou yo nan Michigan, Mississippi, New Mexico ak New Orleans nan Etazini, e nan nivo entènasyonal nan sant ak sidwès Haiti ak nan montay Chiapas yo ak nan Penensil Yucatan nan Mexico. Adisyonèlman, nouvo agajman yo te fèt nan nivo nasyonl nan Etazini, menm jan ak sipò pou senk destinatè defi global Ekite Rasyal 2030 lan.

Sibvansyon pa zòn priyoritè

Manm konsèy (Fidisyè) fondasyon resevwa yon rapò trezorye chak de mwa ki genyen eta finansye konparab, enfòmasyon reyèl ak bidjè a epi avanse jiska atenn endikatè pèfòmans kle finansye yo. Anyèlman, ekip lidèchip fondasyon an prepare yon plan pwogramatik epi operasyonèl ki alwe yon fason reyalistik kapital imen nou ak resous finansye nou yo. Plan bidjè konplè fondasyon an prezante bay konsèy la e yo aksepte li.

Rapò oditè kontab endepandan anyèl nou yo pataje ak konsèy la okonplè e yo aksepte li. Mitchell Titus, LLP travay kòm kontab endepandan pou fondasyon an ak pou Trust la. Pou ekspètiz teknik taks, sèvis konsèy ak depo deklarasyon, fondasyon an Trust itilize Crowe LLP.

Yon ansanm konplè bilan finansye odite fondasyon an ak Trust la disponib pou telechaje, epi 990-PFs oswa lòt dat pou depo antisipe yo disponib tou sou wkkf.org.