This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Repanse Opòtinite pou Envestisman (ROI) nan Sid

Etazini Sid la se rejyon k ap grandi pi rapid nan peyi a. E se youn nan opòtinite ki pi neglije nan endistri envestisman an. Fondasyon W.K. Kellogg ap fè envestisman nan rejyon an depi plizyè dizèn ane. Epi nou te aprann pou w fè envèstisman ekitab nan Sid la, ou dwe konprann rejyon an ak tout bèl konpleksite l yo.

 

Nou te kreye Repanse Opòtinite pou Envestisman (ROI) nan Sid la pou angaje ak enfòme yon seri envestisè ki enfliyan pou egzamine prensipal opòtinite envestisman nan rejyon espesyal sa a. Pou rive fè sa, WKKF te konvoke yon gwoup ki gen divès envestisè – ki reprezante plis pase $100 milya dola nan byen ki ka envesti – pou adrese ekite rasyal ak kreye richès alontèm nan kominote Sid Etazini. Dekouvri eksperyans yo fè lè yo met ansanm pou mobilize yon ekosistèm envestisman dirab pou kominote moun po fonse yo ki pa gen ase kapital nan Sid Etazini.

Gade videyo yo ak istwa yo pou w aprann nan men lidè ki gen enfliyans yo— nan sektè byenfezans lan, pou fè pwofi, medya ak envestisman — ki konnen kisa ki nesesè pou bati patenarya nan rejyon an e fè envestisman ki pa fè ekstraksyon, men pito ki bati sou tout resous ki gen nan rejyon an epi ogmante opòtinite pou moun ki abite la.

Istwa ki soti nan sid la