Ekite RasyalSante

Chanje eksperyans matènite pou fanm ki gen po nwa yo: Kesyon ak Repons ak Kay Matthews, fondatè ak direktè egzekitif Shades of Blue Project

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Kay Matthews di medam yo pa ta dwe soufri an silans.

Antanke fondatè ak direktè egzekitif The Shades of Blue Project, l ap chèche chanje fason yo dyagnostike ak trete fanm yo ki gen koulè apre yo fin akouche epi jwenn rezilta negatif sante mantal lè li kraze baryè kiltirèl nan sante mantal matènèl.

Shades of Blue Project resevwa sipò nan men òganizasyon san pwofi BabyCakes and Brunch Matthews a ki nan Houston, ki ofri pwogram ak sèvis nan 35 eta Ozetazini.

Matthews te lanse Shades of Blue Project pou premye fwa an 2013, yon ti tan apre lanmò pitit fi l la ki te fèt tou mouri. Antanke otè jounal devlopman pèsonèl la ki rele, “365 Days to Recovery: Finding Your Way Out of the Darkness, li te travay ak sipòte efò lejislatif federal kle yo pou ede amelyore rezilta ak eksperyans sante matènèl, lè l bay yon vizyon inik ki mete aksan sou ekite rasyal.

Grasa obligasyon ki gen enpak sosyal W.K. Kellogg Foundation nan, BabyCakes and Brunch te resevwa yon sibvansyon $499,000 pou ranfòse kapasite pou ogmante aksè nan sèvis sipò sante mantal matènèl yo ki adapte ak kilti pou fanm nwa ak po fonse yo atravè The Shades of Blue Project.

Matthews te reflechi sou eksperyans pèsonèl li, pwogrè òganizasyon l ak avni sante mantal matènèl:

Kesyon: Kay, ann kòmanse ak istwa w la. Kijan The Shades of Blue Project te kòmanse?

Kay Matthews: Travay sa a te chwazi m; se pa mwen ki te chwazi l.

Mwen te antre ladan l apre yon move eksepryans akouchman m te fè. Mwen akouche pitit fi m nan tou mouri. E sa gen dizan, yo jis pa t asosye pèdi yon bebe ak depresyon apre akouchman, oswa nenpòt bagay ki gen rapò ak sante mantal manman yo.

Donk, an jeneral, ou pèdi yon timoun, epi yo di w, ‘Se dèy’ , epi lavi a kontinye. Men, se pa sa ki te rive m an reyalite. E difikilte m te genyen se te pou m jwenn yon moun m te ka omwen retwouve m nan li. Mwen te oblije vrèman goumen pou tèt mwen.

Sa te gen prèske ennan anvan yon moun ta koute m. E se te doktè jeneralis mwen lè mwen te ale pou konsiltasyon nòmal mwen. M ap di l tout fason diferan m te santi m. E piske m ap suiv li pandan anpil, anpil ane, li te di, ‘Ebyen, sa se depresyon apre akouchman… Men l ap vin pi mal. Kite m wè sa m ka fè pou m ede w». Apre sa, mwen te oblije lage souf mwen.

Mwen te kòmanse ekri nan jounal kòm pwòp fòm terapi m. Epi li te tankou moman ‘dekouvèt’ sou sa k te pase bò kote m. Epi sa te vin kle gerizon m. E sa se te pati nan mwen te kòmanse pataje ak moun, ki se fason pou w annik senplifye bagay yo, pran bagay yo literalman yon jou alafwa.

Mwen te kreye The Shades of Blue Project apati pwòp eksperyans mwen. Mwen se yon founisè resous ak yon moun ki konekte moun. Mwen pa di mwen konnen tout bagay ak tou fason bagay yo dwe fèt, men mwen konnen yon moun ki fè sa. Donk ou bati yon rezo konsa.

Kesyon: Poukisa li enpòtan pou fanm – anvan ak apre akouchman – fè koneksyon epi ouvè pou pataje santiman yo ak eksperyans yo?

Matthews: Nou dwe konnen nou gen yon moun la a ki ka ede nou konprann sa bagay sa a ye, paske sa a nouvo. Ou ka gen senk timoun epi chak eksperyans akouchman ka diferan. Men, lè sa a moun pral gade w epi yo di, ‘Oke, ou deja gen kat lòt timoun, poukisa sa a difisil konsa?’

Lè yon bagay etranj rive nou pa abitye, nou gen tandans rejte l. Nou te entegre anpil bagay sa yo nan fason nou sèvi a, paske li se konble n ap konble vid ki genyen kounye a.

Nou konnen bagay sa yo pral rive, yon moun pral tonbe nan pwoblèm. Kijan nou ka rete anba      pou n atrap yo, pou yo pa santi yo konsa epi pou yo toujou jwenn, epi yo ap kapab jere sa? Sa vle di pou w vrèman byen kalkile tout bagay n ap fè ak fason n ap fè l. Si se te ou ki te chita      sou biwo sa a, kijan w t ap vle yo pale ak? Kijan ou ta vle yo trete w?

Kesyon: Rechèch Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (Centers for Disease Control and Prevention) a montre anviwon yon fanm sou 8 ki pa gen lontan depi yo akouche gen sentom depresyon apre akouchman, kote medam Amerendyen ak medam ki nwa yo gen plis konsa. Poukisa nou wè mankman nan dyagnostik ak tretman depresyon apre akouchman nan mitan gwoup rasyal ak gwoup etnik?

Matthews: Sistèm swen sante a pa t janm entegre moun Nwa yo. N ap tann yon sistèm pou travay pou nou men ki pa janm fèt pou nou.

Sa a se yon pwoblèm jeneral ki pa pral rezoud lannuit lan, men li pral rezoud pa mwayen yon efò kolektif. Epi konprann ak konnen wòl nou tout jwe, e ke pa gen yon sèl moun ki gen pouvwa pou fè tout bagay sa yo ale.

Nou konnen pwoblèm nan. Sa nou pa ap fè ase se mete an valè solisyon yo. Gen yon pakèt solisyon. Menm nan sistèm sa yo ki neglije an jeneral. Gen anpil solisyon nan kominote nou yo ki souvan neglije. Se vrèman nou menm ki pou met ansanm epi konprann nou tout gen plas nou yo ak yon wòl pou n jwe.

Kesyon: Pandan pandemi an, òganizasyon benevòl atravè monn nan te oblije kontinye adapte yo pou yo rankontre defi imedya ak alontèm yo. Ki jan òganizasyon w lan te reyaji?

Matthews: 2020 te yon ane etranj, pa vre? Se te tou, onètman, youn nan pi bon bagay ki te ka rive nou. Mwen te bezwen abitye m pou m santi l nòmal pou m di sa. Mwen konnen li te difisil e se pa t eksperyans tout moun. Sa 2020 te pèmèt nou fè se te prepare nou pou pwogrè nou t ap travay pou li a. Nou te deja pare pou n avanse.

Sa pandemi an te pote pou nou, se te tankou monn nan te peze yon bouton rekòmanse. Ak moun ki pa pare pou antre nan monn nimerik la, yo te rete dèyè nan yon sans. Apre sa, mwen te santi se tankou nou te leve. Pwogrè a te kontinye, kote moun t ap pale ase sou nou pou rive nan nivo kote donatè yo te entèrese nan nou.

Lajan nou te resevwa nan men Fondasyon Kellogg la se te vrèman pou bati kapasite sa a. Rive nan fen ane 2020, mwen te kapab soti lakay mwen epi travay pou ouvè Sant Resous Sante Mantal Manman nou an, ki aktif kounye a, epi tou pou anboche kèk nan volontè mwen yo ki te avèk nou depi nan kòmansman, fè yo vin fè pati anplwaye nou yo.

Pou nou, se te etap nou te bezwen an pou kapab gen enpak ak kominike plis ak moun nou te deja rive jwenn men yo te limite akòz pwoblèm lajan. Sa te pèmèt nou grandi epi bay travay la plis enpòtans.

Kesyon: Kisa The Shades of Blue Project pral fè apre?

Matthews: Nou te kreye National I.N.S.P.I.R.E. Collaborative for Maternal Mental Health Disparities. (I.N.S.P.I.R.E. se yon akwonim pou: I-Involve ki vle di Enplike lòt moun, N-Nourishment/fè egzèsis, S-Spirituality ki vle di espirityalite/lapriyè, P-Patience, ki vle di Pasyans, I-Identify ak inisye chanjman, Repoze/detant, ak Chak jou se yon nouvo jou (Each day is a new day)). Sa pral pèmèt nou atache ak ak pwogram politik sante mantal tibebe, prenatal ak 3 zan (PN-3) nan yon pwennvi kolektif, epi mwen pral travay ak lòt lidè ak òganizasyon de baz kòm yon pati nan ekip konsèy mwen an sou pwoblèm sa yo. Kidonk, nou pral montre fason efò kolektif sa a sanble, nan espwa lòt moun pral kontinye wè enpòtans pou nou konekte.

Gen kèk moun ki jis bezwen èd. Men, si nou pa ede yo nan lè yo nan bezwen, lè sa a, bagay akoutèm sa a nan vire nan yon bagay alontèm ki ta ka ranje … Ann fè sa nou konnen k ap mache. Nou gen kapasite pou gen pi bon chif, premye ane apre akouchman an. Nou vrèman onètman gen kapasite pou fè bagay sa yo, men sa ap mande pou nou met tèt ansanm.

Pou plis enfòmasyonSegman ABC13 Houston TV sou Shades of Blue

Endnote

If you need immediate help, or you feel you may harm yourself or your baby, please dial 911 or your local emergency number; National Maternal Mental Health Hotline 833-TLC-MAMA (833-852-6262)​; or the 24/7 National Suicide Prevention Lifeline 1-800-273-8255.

Centro de Leyes y Políticas para los Niños: La necesidad continua de un trabajo interno de equidad racial

Previous article

Corps Network: Fason pou nou angaje 139 òganizasyon nan aprantisaj sou ekite rasyal

Next article

Comments

Comments are closed.