Ekite Rasyal

Corps Network: Fason pou nou angaje 139 òganizasyon nan aprantisaj sou ekite rasyal

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Kit eksperyans lan enplike yon moun, òganizasyon oswa kominote, transfòmasyon dirab rive fèt anndan kou deyò. Pou plizyè semèn k ap vini yo, n ap tire leson nan nouvo seri Limyè sou Ekite Rasyal nou an.

Seri twa piblikasyon sa a bay yon apèsi espesyal sou yon divès patnè sibvansyon WKKF ki pran angajman pou transfòme pratik entèn yo ak fason yo pou ranfòse travay yo pou sipòte timoun ak fanmi yo.


An brèf

 Youn nan pilye prensipal New Deal Prezidan Franklin D. Roosevelt nan ane 1930 yo se te kreyasyon Civilian Conservation Corps la ki te resevwa finansman federal, ki te kreye travay pou plizyè milyon ameriken ki san travay epi ki te pèmèt envestisman nan tè ak pak piblik yo. Yon dimansyon nan CCC a toujou egziste jodi a, depi 1985 yo konnen l sou non National Association of Service and Conservation Corps oswa The Corps Network (https://corpsnetwork.org/) (TCN).

The Corps Network jere pwojè sèvis sou tè piblik ak nan kominote nan vil ak andeyò yo atravè amerik la, bay jistis anviwònman ak opòtinite ekonomik pou 25,000 jèn adilt ak ansyen militè chak ane.

Konvèsasyon sou ekite ak jistis te fè pati Corps ak pami manm Corps depi lontan. Sepandan, yon analiz ekite rasyal konplè konplike nan yon òganizasyon rezo tankou TCN. Biwo nasyonal la gen sèlman 24 manm nan ekip li, men rezo a kouvri 139 òganizasyon atravè peyi a, ak diferan anplwaye, konsèy administrasyon ak manm Corps, ak nan diferan kote, yo tout fè pwòp eksperyans pa yo nan koze ekite.

Rezon ki fè sa enpòtan

Konvèsasyon sou ekite rasyal nan TCN te kòmanse onivo lokal. De òganizasyon Corps nan Kalifòni te fasilite yon atelye ekite rasyal an 2016. Enterè a te tèlman wo TCN te chwazi “Avanse Ansanm: Pwomosyon Ekite Rasyal, Anviwònman ak Kominote” kòm tèm konferans anyèl 2017 li a.

Nan prentan sa a, grasa yon sibvansyon ki soti nan Fondasyon Kellogg, TCN te lanse Moving Forward Initiative (MFI) li a (https://corpsnetwork.org/programs-initiatives/moving-forward-initiative/) pou adrese kesyon patipri enkonsyan ak rasis estriktirèl nan kominote Corps la.

Premye gwoup MFI a te gen anplwaye TCN, manm konsèy, patnè ajans federal jesyon tè ak 10 òganizasyon Corps, ki reprezante gwo divèsite fason Corps kolabore ak fonksyone. Apre premye fòmasyon MFI a, yo te etabli yon espas aprantisaj kominotè vityèl pou kontinye konvèsasyon, epi apati konvèsasyon sa yo ak resous pataje TCN te devlope yon «kou« sou ekite rasyal kote patisipan yo te patisipe nan vitès pa yo.

Patisipan nan gwoup la te nome plizyè avantaj nan travay MFI yo, tankou:

  • Yon pi gwo konpreyansyon de nosyon tankou rasis ki òganize oswa patipri enkonsyan;
    Fason òganizasyon yo òganize yo ka ranfòse inegalite;
  • Repanse opòtinite pou manm Corps yo, sa ki gen ladan apre travay TCN yo fini;
    Fè envestisman fòmèl nan pwogram ak pwojè ekite rasyal;
  •  ngaje konsiltan pou ede plis nan eksperyans ekite òganizasyon yo a;
  •  Kreye konsèy konsiltatif pou bay eksperyans manm Corps yo priyorite;
  •  Elabore vizyon pataje ak angajman pwòp òganizasyon yo;
  •  Aliyen politik ak fason bagay yo fèt ak valè ekite òganizasyonèl yo.

Opòtinite

Si òganizasyon w lan fòme ak rezo konplèks, ou ka gen difikilte pou w imajine kòman konvèsasyon sou ekite rasyal yo ta ka mache lè patnè w ak kòlèg ou yo nan diferan kote nan eksperyans ekite rasyal yo. Li plis  (https://wkkf.issuelab.org/resource/organizational-journeys-in-centering- racial-equity-part-one.html) sou fason The Corps Network te kreye pwojè Moving Forward li a ak kijan li te prepare yo pou reyaji nan ete 2020 la.

Chanje eksperyans matènite pou fanm ki gen po nwa yo: Kesyon ak Repons ak Kay Matthews, fondatè ak direktè egzekitif Shades of Blue Project

Previous article

Remete piblik la nan sante piblik: Kesyon ak repons ak Caroline Brunton

Next article

Comments

Comments are closed.