EdikasyonTravay

Pou lite kont kriz mendèv nan sektè gadri a, òganizasyon sa a konsantre l sou travayè yo

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

LIFT Fund se yon kolaborasyon inik ant filantwopi ak monn travay la. Avèk sipò W.K. Kellogg Foundation, sipòte nouvo fòm òganizasyon travayè pou rive atenn ekite ekonomik, fanmi k ap pwospere ak kominote ki pi solid. 

Lè Joanne Richards, ki bay sèvis gadri te vin yon lidè nan sendika lokal li a, se te yon fason natirèl pou li pou l respekte angajman l pou sèvi fanmi yo ak kominote l nan sektè Passaic, New Jersey.

Richards ki bay sèvis gadri tou se pilye nan kominote yo. Pandan premye ane timoun yo, peryòd ki pi enpòtan pou devlopman jeneral timoun yo, yo ede pou bay timoun yo swen yo bezwen pou garanti pi bon kòmansman nan lavi yo. Founisè sa yo sipòte paran yo tou, ki ka travay pandan yo konnen pitit yo ap resevwa swen yo bezwen pou yo pwospere.

Malgre wòl enpòtan founisè swen timoun yo jwe nan kominote atravè peyi a, founisè sa yo touche salè nivo povretekote yo touche an mwayèn $14.22 pa èdtan an 2022 epi touche mwens pase  98% nan tout lòt okipasyon Ozetazini chak ane. Mank yon salè ki pèmèt viv pou founisè gadri yo agrave diferans salè ki genyen ant sèks ak rasyal tou, paske 90% founisè gadri yo se fanm e 40% se moun ki gen po fonse. Nan yon endistri ki pa gen anpil finansman, fanm Nwa ak Latina yo kenbe sèvis gadri yo — ak kominote — ap mache.

Pou abòde gwo pwoblèm mendèv sa yo, yon kolaborasyon inik ant travayè òganize ak yon òganizasyon lokal san bi likrat if te kreye. New Jersey Communities United (NJCU) ak Communications Workers of America Local 1037 te fè patenarya pou fòme Workers in Early Childhood Action Network (WECAN!). Avèk sipò sibvansyon The LIFT Fund, WECAN! te kreye pou konstwi yon mouvman gadri nan New Jersey pou reponn ak kriz gadri nan Etazini an k ap ogmante. WECAN! fonksyone sou yon modèl ki baze sou kominote a ki depann de moun tankou Richards pou sèvi kòm delege sendika kominotè ki fè pati nan kominote yo pou yo rive jwenn founisè yo yon fason endividyèl, bati relasyon yo epi rete vijilan pou pwoblèm ki gen enpak sou lavi travay la ak byennèt founisè yo. Atravè modèl sa a, WECAN! asire l timoun yo resevwa bon jan kalite swen, kominote yo rete vivan, e founisè gadri yo travay nan anviwònman ki an sekirite epi touche yon salè ki pèmèt yo viv.

«Antanke delege sendik a, nou kouvri zòn jeyografik presi kote nou kapab fè konesans ak travayè yo epi konprann bezwen yo. Nou devlope konesans sou pwoblèm lokal ki an je pou lidè sendika yo ka mobilize resous pou reponn ak bezwen k ap chanje founisè yo ak kominote a». se sa Richards te di.

pastedGraphic.png

Pandemi COVID-19 la te pwouve fason modèl WECAN! nan efikas pou abòde bezwen founisè yo ak kominote a. Piske travayè esansyèl yo te gen pi gwo bezwen pou gadri pase tout tan, founisè gadri yo te fè fas ak plis risk pou yo ekspoze a COVID-19 epi yo te gen ti konesans sou fason pou yo kenbe tèt yo an sekirite. Donk, Richards ak de lòt delege sendika      WECAN! ki enskri nan yon pw     ogram sante ak sekirite «fòme fòmatè” ki finanse ak Rutgers University. Nan de semèn, WECAN! te fòme plis pase 350 travayè gadri, sa ki te ede kenbe timoun New Jersey, fanmi yo ak founisè yo an sekirite pandan yon tan ensèten e ki fè moun pè.

Men travay WECAN! nan pa t sispann la. Richards fè remake atelye sante ak sekirite yo te double kòm pandan etid sitiyasyon sou fason travayè yo ka fè fas ak estriki pouvwa ki pa ekitab ak kreye solisyon ki konsantre sou kominote a. Vitès ak efikasite WECAN nan bay travayè resous ki nesesè yo atravè atelye sa yo te montre travayè yo enpòt an s travay òganize, sa ki lakòz anpil moun antre nan sendika yo yon fason fòmèl.

Trina Scordo, Direktè Egzekitif pou New Jersey Communities United te di, «Peryòd pandemi an pwouve pouvwa modèl nou an nan abòde rapid enkyetid travayè yo ak reyalize amelyorasyon konkrè nan kondisyon travay yo». «Lè nou mete nou nan nivo travayè epi nou bati relasyon nan nivo kominote a, nou bay fòmasyon ki nesesè yo, sipò ak ranfòse pouvwa ki pèmèt travayè yo genyen pi bon kondisyon pou tèt yo, epi ranfòse kominote yo kote yo travay»

Mouvman pouvwa travayè gadri a nan New Jersey kontinye ap pran enpòtans pandan l ap ogmante resous pou gadri, agrandi aksè pou fanmi k ap travay epi amelyore kondisyon travay pou travayè gadri atravè eta a. Richards remake tandans lan ap chanje tou; atelye sante ak sekirite yo te double kòm edikasyon sou «diferans sendika a», Richards di, lè founisè ki nan sant yo te wè pouvwa òganize founisè fanmi yo ogmante pou jwenn sa yo bezwen.

Pandan plis òganizasyon ak kominote atravè peyi a san dout ap mande tèt yo fason pou yo rekrite plis founisè gadri, ogmante atirans ak rantabilite travay sa yo, epi asire bon salè ak pwoteksyon travayè yo, WECAN! prezante yon modèl siksè nan fason pou amelyore yon fason klè kondisyon travayè yo lè yo ranfòse pouvwa yo ak kapasite pou yo jwenn sa yo bezwen.

Reflechi sou Jounen Fèt Travay ak eta travayè ki touche yon ti kras salè

Previous article

Repanse Opòtinite pou Envestisman (ROI) nan Sid

Next article

Comments

Comments are closed.