Edikasyon

Yon mouvman kominotè ki dire yon deseni pou aprantisaj pou timoun ki pi piti yo ak swen

0
photo of child. people like Vallerie

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Sa a se dezyèm pati nan seri pwogram edikasyon pou timoun ki pi piti nou an nan New Mexico.  

Nan New Mexico, founisè swen pou timoun tankou Valeria Holloway, paran yo ak defansè yo, ap dirije yon mouvman pou priyorize edikasyon pou timoun ki pi piti yo. Mouvman sa a ki gen plizyè fasèt ap pwomouvwa yon naratif ke pitit nou yo entèlijan, ke paran yo sousye yo pou yo e ke pwofesè yo angaje nan New Mexico.

Depi plis pase 10 lane, mouvman sa a ki santre sou timoun yo pran fòm, e se paran yo, pwofesè yo, dirijan Tribal ak kominotè yo, patnè benefisyè WKKF yo ak ekspè nan politik yo ki te òganize l. Objektif la se te pou adrese pwoblèm byennèt timoun yo nan New Mexico epi asire yon aksè inivèsèl pou aprantisaj pou timoun ki pi piti yo soti depi nan nesans rive nan laj 5an. Pandan dis dènye ane yo, efò konbine sa yo te vin pran elan. New Mexico te selebre lansman ofisyèl Depatman Swen ak Edikasyon pou Timoun ki Pi Piti yo (Early Childhood Education and Care Department, ECECD) nan dat 1ye jiyè 2020 – ki vin tounen katriyèm eta nan peyi a ki gen yon depatman otonòm ki dedye pou founi sèvis pou timoun soti nan nesans jiska laj 5 lane.

ETAP ENPÒTAN ISTORIK POU TIMOUN KI PI PITI YO NAN NEW MEXICO

Vwa otantik kominote a reprezante eleman santral valè yo e li se kle pou pwogrè a. Se koute kisa paran ak responsab yo bezwen pou timoun yo ki te fondman an. Ofiramezi, estrateji a te evolye pou li enkli rechèch, chanjman naratif ak analiz politik, sa ki te kontribye pou gide konvèsasyon ak pwogram pilòt yo ki founi kad ekspansyon istorik pwogram pou timoun ki pi piti yo.

ECECD atribiye kreyasyon li ak yon patenarya kominotè ki relye pwofesè, paran, dirijan Tribal, responsab politik, fonksyonè leta ak òganizasyon san bi likratif yo, ikonpri W.K. Kellogg Foundation.

Jodi a, gwoup defansè timoun sa a rete esansyèl etan depatman an ap travay ak paran yo e ak founisè yo pou evalye pwoblèm sekirite nan ka pandemi epi konprann bezwen pou aprantisaj adistans yo nan moman difisil sa yo.

Li plis sou angajman New Mexico pran pou priyorize edikasyon pou timoun ki pi piti yo.

Yon jounen nan lavi yon moun kap gade timoun nan New Mexico

Previous article

Konekte. Devlope. Dirije.

Next article

Comments

Comments are closed.