Edikasyon

Yon jounen nan lavi yon moun kap gade timoun nan New Mexico

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Sa a se premye pati nan seri pwogram edikasyon pou timoun ki pi piti nou an nan New Mexico.  

Solèy la poko menm leve sou Mòn Òg yo nan Las Cruces, New Mexico, men Valeria Holloway limenm te gentan dezenfekte chak kwen anndan gadri ki lakay li a, dezenfekte tout jwèt yo epi asire l ke estasyon aktivite yo ranje pou aprantisaj adistans yo sekirize.

Se yon woutin ke l fè souvan pandan jounen an chak jou, menm anvan pandemi an. E se sèlman youn nan pati wòl ke Valeria twouve l ladan plizyè lane deja, alòske bwi te kouri byen rapid sou lanmou gadri familyal li a ki bay bon kalite swen an genyen pou chak timoun.

Valeria Slideshow 4 copy
Valeria Holloway ansanm ak timoun preskolè li yo k ap gradye

Apre 12 lane nan domèn medikal la, Holloway sonje jou ke li te dekouvri vokasyon l.

“Mwen te gen yon timoun piti ki pa t janm pouse yon grenn son,” l ap eksplike, “mwen sonje chita m te fè ak paran yo, epi mwen mande yo si yo te fè tès oditif pou li, paske m te rete kwè ke timoun nan te malantandan.” Sa li te panse a te an reyalite kòrèk, e obsèvasyon li an demare pakou aprantisaj timoun nan. “Mwen pa t sèlman ede timoun nan, men fanmi an. Nan moman sa a, mwen te konnen m te vle ede timoun, espesyalman timoun ki gen bezwen espesyal yo.”

Valeria di, “Tout timoun espesyal. Kreye yon anviwònman ki pou akomode tout timoun, sitou sa ki bezwen l piplis yo, se sa ki pi enpòtan nan monn jodi a.

“Swen ke w bay timoun rete pou tout lavi.”

A 6 a.m., premye timoun piti a rive nan gadri Best of the Southwest Day Care Valeria a. Alòske lòt 10 timoun yo — kèk ladan yo gen bezwen espesyal — ap rive nan lè ki prevwa pou yo a, paran yo kòmanse fè woutin kotidyen an ki se pran tanperati, siyen fòmalite administratif epi ajiste mask yo nan figi pitit yo. Paran yo – pifò nan yo se travayè esansyèl – ale pou kòmanse jounen travay yo an tout konfyans paske yo konnen pitit yo an tout sekirite.

Valeria ap pran swen timoun depi anviwon 20 lane, e li poko ap pran retrèt li. Jan l konn di l la, “Mwen mande Bondye pou li akòde m 12 lane ankò paske m te pran yon angajman ak plizyè jenerasyon fanmi ki nan gadri mwen an.

"Ti bebe mwen te konn pran swen yo gen pwòp ti bebe pa yo kounye a, e yo mande m pou m fasonnen premye ane kritik aprantisaj yo jan m te fè l pou yo a.”

Pa gen dout nan sa, li se yon temwanyaj de angajman l pou l trete chak timoun kòmsi se te pa l.

Valeria se youn pami plizyè founisè nan eta a ki gen gwo tach pou li pran swen epi prepare timoun yo nan New Mexico yo pandan pandemi an. Enpak pandemi an frape sistèm gadri timoun yo ki te deja frajil, pou fè yo efondre, e sa vin agrave kesyon inegalite rasyal ak etnik ki te deja egziste pou paran, timoun, ak travayè ki nan sistèm gadri timoun nan tout peyi a. Mete anplas yon sistèm gadri pou timoun piti ki ekitab, bon kalite, pandan moman san parèy sa a ap bezwen kowòdinasyon ak kolaborasyon ant founisè, dirijan kominotè, defansè ak fonksyonè gouvènman New Mexico yo pou evalye epi rekonèt feblès yo pou asire epànwisman tout timoun yo.

Li plis sou angajman New Mexico pran pou priyorize edikasyon pou timoun ki pi piti yo.

Apwòch kominotè parapò ak ansèyman pou timoun ki pi piti yo ak swen

Previous article

Yon mouvman kominotè ki dire yon deseni pou aprantisaj pou timoun ki pi piti yo ak swen

Next article

Comments

Comments are closed.