lidèchip

Konekte. Devlope. Dirije.

0
connect grow lead -- montage of photos of The Community Leadership Network participants

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

"Dezyèm Klas la fè pati eritaj nou pou devlope lidè lokal. Yo rantre nan yon rezo ki gen dè milye bousye ki kouvri dè dizèn lane travay nan kominote yo. Ide yo, pasyon ak sajès yo esansyèl pou kreye opòtinite ekitab pou timoun ak fanmi yo."

Rezo Lidèchip Kominotè W.K. Kellogg Foundation lan (W.K. Kellogg Foundation Community Leadership Network, WKKF CLN) se yon pwogram inovatè pou lidè yo kapab konekte, devlope ak dirije chanjman transfòmasyonèl vè yon sosyete ki pi ekitab. Ansanm, bousye yo ranfòse aptitid lidèchip yo epi yo mete konesans yo an aplikasyon pou kreye chanjman transfòmasyonèl nan kominote yo.

Sou direksyon Sant pou Lidèchip Kreyatif (Center for Creative Leadership), pwogram nan se yon kontinyasyon angajman Fondasyon Kellogg pran pou sipòte lidè lokal yo. Bousye inogiral Premye Klas la (2014-2017) epi kounye a Dezyèm Klas la (2018-) ap fè pwogrè nan ekite rasyal ak rekonsilyasyon rasyal pou amelyore opòtinite pou timoun ak fanmi yo.

“Sa a se klas ki gen bousye ki pi divèsifye ke Fondasyon Kellogg janm genyen”, sa a se deklarasyon Paul Martinez, estratejis anchèf lidèchip ak kapital imen nan W.K. Kellogg Foundation, te fè. “Nou monte yon rezo ki chaje ak lidè eksepsyonèl ki aji lokalman e ki panse globalman. Yo pare pou fè yon enpak pwofon.”

Dezyèm Klas la divèsifye onivo ras ak gwoup etnik, sektè, laj, eksperyans ak lòt idantite. Yo se lidè tribal, fonksyonè leta, pwofesyonèl nan domèn lasante, defansè jèn yo, edikatè, zòm dafè, militan pou dwa sivil, konsèvasyonis ak chèf relijye, pami plizyè lòt ankò.

Nan priyorize timoun yo, bousye sa yo angaje yo nan yon kourikoulòm inik ki konsantre sou oto-metriz lidèchip, transfòmasyon sistèm ak mizanrezo, tout sa yo ki ankre nan ADN (ekite rasyal ak rekonsilyasyon rasyal, angajman kominotè ak lidèchip).

Bousye yo te kòmanse lanse eksperyans yo lè yo te reyini nan syèj sosyal fondasyon an, nan Battle Creek, Michigan. Sou tout trajè a, bousye yo te kanpe nan kominote nan San Diego, California; Albuquerque, New Mexico; ak Jackson, Mississippi.

“Lidè ekstrawòdinè sa yo ap mete konesans ak aptitid yo an pratik an tan reyèl,” selon deklarasyon Shera Clark, direktè pwogram pou Rezo Lidèchip Kominotè WKKF, Sant pou Lidèchip Kreyatif la, te fè. “Klas sa a egzanplifye lidèchip kouraje, koneksyon pwofon, ajilite ak lanmou reyèl pou kominote.”

"Bous detid la chanje fason mwen panse parapò ak bezwen kominote mwen an paske li elaji vizyon mwen sou lemonn. Antanke yon vrè lidè, ou pa alatèt lòt yo, anreyalite, ou fè pati gwoup la."

Bousye Dezyèm Klas yo ta pral gradye lè pandemi a vin kanpe tout bagay. An mas 2020, pwogram nan vin chanje rapidman pou pase a yon eksperyans vityèl. Pwoksimite kominote yo, kidonk, mwayen vityèl la, te reprezante yon refij ak rajenisman pou lidè kouraje sa yo ki travay pou defann kominote yo toulèjou.

Bousye Dezyèm Klas yo nan yon sesyon videyo sou entènèt.

Soti nan lidèchip endividyèl pou rive nan enpak kolektif, bousye sa yo an premye plan nan zefò kominote yo fè pou adrese efè pandemi a ak enjistis rasyal. Yo vin mete ansanm ak yon liy byen long lidè lokal angaje ki remonte difikilte yo nan moman difisil sa yo epitou malgre tout obstak ki te sou wout yo.

Yon mouvman kominotè ki dire yon deseni pou aprantisaj pou timoun ki pi piti yo ak swen

Previous article

Fon brezilyen an favorize ekite rasyal pandan pandemi an

Next article

Comments

Comments are closed.