Edikasyon

Premye depatman sante ak edikasyon pou timoun ki pi piti yo nan New Mexico adrese bezwen founisè yo pandan pandemi a

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Sa a se twazyèm pati nan seri pwogram edikasyon pou timoun ki pi piti nou an nan New Mexico.  

Depi lè pandemi an te kòmanse a, Depatman Swen ak Edikasyon pou Timoun ki Pi Piti yo nan New Mexico (ECECD) te òganize apèl chak semèn pou founisè sèvis gadri timoun nan tout eta a, kote li pataje enfòmasyon ki enpòtan epi devlope pwotokòl sekirite ki amelyore. Anplis, depatman an founi yon sipò ki trè endispansab pou founisè sèvis gadri timoun piti yo ki gen ladan konsèy ki pibliye pa gen lontan pou repriz vizit adomisil an pèsòn yo tou.

“Nan kòmansman COVID-19 la, nou te wè kijan founisè sèvis gadri timoun yo te jwe yon wòl enpòtan, nan okipe pitit travayè esansyèl yo – enfimyè, doktè, premye entèvenan yo."

Repons ECECD New Mexico

Plis pase 5 milyon pla manje bay Fanmi yo.

Prèske 3,000 tèmomèt san kontak pou gadri pou timoun

Plis pase 30,000 liv pake pou ti bebe pou Kominote Ameriken Natif Natal yo an kolaborasyon ak Depatman Zafè Endyen yo nan New Mexico.

Plis pase 1,500 pake ekipman pwoteksyon pèsonèl ki gen ladan gan, mask, dezenfektan pou men.

Prèske $12 milyon dola sibvansyon atravè pwogram Estabilizasyon ak Repriz Gadri pou Timoun (Child Care Stabilization and Recovery)

Peman ankourajman espesyalman pou travayè ki nan domèn swen pou timoun yo, an patenarya ak patnè benefisyè a, OLÉ Education Fund, ki vin tounen dezyèm eta ki fè sa.

Benefisyè WKKF OLÉ Education Fund, New Mexico, travay san rete pandan plizyè semèn pou defann peman ankourajman yo, sitou pou travayè nan swen pou timoun yo epi efò yo a te vin gen siksè. Nan mwa me a, ECECD te anonse yon peman mansyèl $700 k ap vèse dirèk bay travayè yo, sa ki vin fè ke New Mexico se dezyèm eta ki etabli peman ankourajman.

Direktè OLÉ Education Fund nan, Matthew Henderson eksplike, “Nan kòmansman COVID-19 la, nou te wè kijan founisè sèvis gadri timoun yo te jwe yon wòl enpòtan nan okipe pitit travayè esansyèl yo – enfimyè, doktè, premye entèvenan yo.” Pandan moun yo te nan karantèn, kèk founisè te pran gwo ris kite pòt yo ouvè. Henderson kontinye, “Sekretè ECECD a, Groginsky te reponn edikatè nou yo byen rapid, li te travay ak alye tankou Partnership for Community Action, nou te vin anmezi pou nou asire nou ke rezo swen pou timoun nou an gen meyè pwoteksyon.”

Pandan plizyè mwa, depatman an te peye founisè yo sou baz kantite enskripsyon yo, pa sou baz prezans, li te dispanse kopeman paran yo epi li kontinye founi kouvèti asirans pou anplwaye k ap travay nan sektè swen timoun ki pa gen asirans yo e ki teste pozitif pou COVID-19. ECECD ap founi tou prèske $12 milyon dola sibvansyon atravè pwogram Estabilizasyon ak Repriz Gadri pou Timoun (Child Care Stabilization and Recovery) pou ede sèvis gadri timoun ki agreye yo ke ijans sante a te afekte.

Pandemi an ekspoze disparite ki genyen ant travayè ki gen salè ki fèb yo – ki souvan idantifye kòm travayè esansyèl nou yo. OLÉ Education Fund ap fè patenarya ansanm ak depatman an ak lòt òganizasyon yo pou adrese inegalite sa yo, sitou pou sa ki gen rapò ak peman.

Li plis sou angajman New Mexico pran pou priyorize edikasyon pou timoun ki pi piti yo.

Seri sou Edikasyon Timoun Piti nan Nouvo Meksik

Pwochèn Jenerasyon an: Pi Gran Resous Nouvo Meksik

Gade pou wè lòt istwa  sou sistèm Edikasyon pou timoun Piti  nan Nouvo Meksik.

Pandan ka yon pandemi, pwodiktè emisyon televizyon pou timoun yo enplike Meksiken Endijèn yo nan konvèsasyon an

Previous article

Apwòch kominotè parapò ak ansèyman pou timoun ki pi piti yo ak swen

Next article

Comments

Comments are closed.