Edikasyon

Apwòch kominotè parapò ak ansèyman pou timoun ki pi piti yo ak swen

0
photo of child in an early education program

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Sa a se katriyèm pati nan seri pwogram edikasyon pou timoun ki pi piti nou an nan New Mexico.  

Malgre defi pandemi an pote, Depatman Swen ak Edikasyon pou Timoun ki Pi Piti yo nan New Mexico (New Mexico’s Early Childhood Education and Care Department, ECECD) kontinye travay sou misyon l ki se founi aksè ak bon kalite edikasyon pou timoun ki pi piti yo ak pwogram swen, ki baze sou kominote, pou sipòte devlòpman timoun yo pou prepare yo pou yo reyisi lekòl.

Sekretè Jeneral New Mexico Early Childhood Education and Care la, Elizabeth Groginsky, chwazi ekite rasyal ak angajman kominotè kòm prensip fondamantal priyorite depatman an, tout pandan l ap amonize yon sistèm pou devlòpman mendèv.

 

Sekretè Groginsky te pase plizyè èdtan ap pale ak paran epi responsab yo, founisè swen pou timoun piti epi pwofesè yo, tout pandan tou li t ap koute kominote yo pou l bay repons ak konsèy. “M te vle konn plis bagay sou divèsite tout kominote New Mexico yo touswit. Tradisyon ki byen anrasinen yo, ak edikasyon jenerasyonèl yo sou plan kiltirèl ak lengwistik,” li di. “Sa ki pi enpòtan toujou, mwen te vle aprann sou ezitasyon ak enkredilite yo pa rapò ak pwogram vizit adomisil yo ak pou yo voye timoun ki pi piti yo nan yon sant gadri.”

“Timoun nou yo vrèman twò enpòtan. Yo se byen ki gen pis valè ke nou genyen, e envestisman ke nou fè nan yo, patikilyèman nan premye lane yo, ap nan avantaj nou tout alontèm.”

Pandan ke kowonaviris la mete yon fen nan konvèsasyon an pèsòn sa yo, relasyon ak enfòmasyon inestimab ki te gentan rekeyi yo montre jodi a ke se yo ki pi enpòtan. Li te konseye sou fason pou yon pwogramasyon ki apwopriye kiltirèlman e sou plan lengwistik ak opòtinite egal pou edikasyon ak swen pou fanmi ki pa pale Anglè yo ta dwe nan premye plan apwòch depatman an pou li sèvi aprenan ki pi piti yo nan New Mexico.

Pou 19 Pueblos, 2 Tribi Apache ak Navajo Nation New Mexico yo, revitalizasyon lang nan enpòtan anpil pou konsève kilti yo, ke zansèt yo te fè anpil tan ap pwoteje. Lang jwe yon wòl ki enpòtan anpil nan gouvènans Tribal ak nan souverènte ke tribi yo goumen pou yo pwoteje. Deplizanpli, defansè edikasyon timoun ki pi piti yo rekonèt enpòtans enkòporasyon lang ak kilti nan kourikoulòm edikasyon timoun piti (ECE ann anglè) a pandan l ap konfime idantite chak timoun.

Donk, Jovanna Archuleta ki soti nan Nambe Pueblo se premye Asistan Sekretè pou Swen ak Edikasyon pou Timoun Ameriken Natifnatal ki Pi Piti yo (Native American Early Education and Care), yon pozisyon ki etabli nan ECECD, k ap onore vwa ak konsèy ki soti nan tradisyon kiltirèl Pueblos, Navajo Nation ak Apaches yo. Archuleta eksplike, “Gen anpil travay ki pou fèt e jan Vu Le te di l la nan reyinyon ak Fondasyon Kellogg la (reyinyon Benefisyè WKKF New Mexico yo te fèt vityèlman an Jen 2020).

“Nou gen anpil bagay pou nou dezaprann. Nou gen opòtinite pou nou kòmanse a zewo e fè sa ki apwopriye pandan n ap koute definisyon tribi yo genyen pou timoun ki pi pitit yo.”

Sa rete vre tou pou kominote imigran ak refijye New Mexico yo, kote ke konsèvasyon lang matènèl yo ak aprantisaj Anglè jwe yon wòl esansyèl nan kapasite timoun yo pou yo aprann epi adapte yo ak nouvo fwaye yo.

Sèvo timoun ki jèn anpil yo pwograme pou yo aprann lang, ansanm ak kapasite pou yo aprann plizyè lang.

Dapre rechèch yo fè, twa premye ane nan lavi yon timoun kritik anpil pou konstwi yon baz solid pou sikwi serebral la, sa ki sipòte devlòpman koyitif, sosyal ak emosyonèl timoun nan.

Sekretè Groginsky ansanm ak depatman an konprann enpòtans vital ki genyen nan envesti nan edikasyon konplè timoun, depi yo fèt rive laj 5 lane, kòm yon mwayen ki pwisan e ki rantab pou ogmante devlòpman yon timoun ep elaji opòtinite l yo nan laj adilt.

Akòzdesa, depatman an kounyea, sipèvize jesyon eta a ak agrandisman envestisman yo nan pwogram sa yo, ki te konn fèt nan plizyè lòt depatman deta, ki enkli:

  • Prematènèl ak Prematènèl prekòs
  • Swen pou timoun
  • Vizit adomisil
  • Lwa sou Edikasyon Moun ki Andikape yo – Pati C – entèvansyon bonè
  • Kolaborasyon ant Eta Head Start
  • Pwogram Manje ak Nitrisyon
  • Fanmi yo AN PREMYE

Menm si pandemi a kontinye, depatman an kontinye travay ansanm ak patnè san bi likratif yo, ak founisè swen pou timoun yo, ak paran yo ak dirijan kominote yo, epi pouswiv efò yo pou entwodwi nouvo pwogram ak amelyore sa ki egziste deja yo.

Ansanm, yo ede pou amelyore imaj mendèv ki nan sektè timoun piti yo, elaji aksè ekitab pou Prematènèl pou timoun twa ak kat lane yo epi envesti nan talan lokal yo atravè devlòpman mendèv lan epi yon kourikoulòm ki afime idantite ak kilti chak timoun.

Ak inegalite ke pandemi an ekspoze yo, yo egzamine yon fason kritik politik ak pratik enstitisyonèl ak estriktirèl ki la pou amelyore rezilta timoun yo, konsa lè n ap fini ak pandemi a, sistèm swen pou timoun yo ap pare pou akeyi plis timoun toujou.

Enfòmasyon Jeneral

Sekretè Groginsky vin nan New Mexico, li soti Washington, D.C., kote li te okipe pòs asistan sipè-entandan pou aprantisaj timoun ki pi piti nan District of Columbia depi 2014. Nan wòl sa a, li te jere yon bidjè anyèl $160 milyon dola ki t ap finanse pwogram pou asire aksè ekitab ak sèvis kalite pou timoun ki pi vilnerab nan Distri a ansanm ak fanmi yo.

Premye depatman sante ak edikasyon pou timoun ki pi piti yo nan New Mexico adrese bezwen founisè yo pandan pandemi a

Previous article

Yon jounen nan lavi yon moun kap gade timoun nan New Mexico

Next article

Comments

Comments are closed.