Edikasyon

Battle Creek Public Schools (Lekòl Piblik Battle Creek) ofri inovasyon ak sa elèv yo bezwen pou lavni

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Pandan pandemi an, Battle Creek Public Schools (BCPS) te konnen ke elèv li yo pa t ap ka reyisi sou plan akademik la si bezwen debaz yo pa t satisfè.  Lè aprantisaj anpèsòn nan pa t yon opsyon, distri a te aji rapid pou asire ke tout elèv yo te resevwa sipò yo te bezwen yo. BCPS te distribiye plis pase yon milyon repa bay elèv yo pandan ane eskolè a Epi yo te fè yon envestisman 1.5 milyon dola nan teknoloji pou ofri tout elèv yo yon aparèy pou garanti ke yo tout te ka angaje nan aprantisaj adistans lan. Pwogram inovan ki te kreye nan patenarya avèk òganizasyon ki nan tout kominote Battle Creek la te ede elèv yo atenn bon rezilta akademik, malgre pètibasyon aprantisaj ke pandemi an te lakoz.  BCPS te atenn yon to preparasyon nan lekòl matènèl  ki apèn depase 50%, sa ki plis ke triple to preparasyon nan lekòl matènèl nan lane 2013 la ki te 15.5%.
Ekspè ak pwofesyonèl nan kominote Battle Creek la te angaje elèv ki nan distri a pou ede yo konprann kijan sa yo aprann lekòl la ka aplike sou objektif yo pou lavni.  BC STEM Innovation Center (Sant Inovasyon BC STEM), yon lekòl presegondè yo te lanse pandan dezyèm ane transfòmasyon an, te òganize konvèsasyon vityèl avèk ekspè nan karyè konsène yo. Gen youn nan konvèsasyon yo ki te ofri elèv yo opòtinite pou yo jwenn enfòmasyon sou karyè nan eksplorasyon espasyal ak ayewonotik, lè yo te pale ak yon anplwaye NASA Jet Propulsion Laboratory ki te travay sou Mars Perseverance Rover (yon etid sou wòch yo sou planèt Mas la).  Elèv yo te jwenn enfòmasyon tou sou opòtinite ki genyen nan endistri famasetik la lè yo te rankontre yon anplwaye Pfizer ki t ap travay nan devlòpman vaksen kont COVID-19 la. Anplis, gen yon laboratwa similasyon swen sante ki gen teknoloji anvanse ki ouvri nan lekòl segondè Battle Creek Central High School (BCCHS), sèl li ki genyen nan kalite sa a nan Lwès Michigan.  WKKF, nan patenarya avèk BCPS ak Grand Valley State University, te rive jwenn lajan nan yon sibvansyon Plan Marshall pou Talan (Marshall Plan for Talent) pou envesti nan konsepsyon ak konstriksyon laboratwa a, avèk ekipman, teknoloji ak founiti dènye kri, ki gen ladan yo kabann lopital, sivyè, tab, asansè ak mannken medikal ki prezante yon fidelite elve.
Olivia Seitz, yon elèv BCCHS di “Li ede w anpil paske ou ka pratike, manyen pasyan an, fè bagay ou t ap fè vreman nan lavi reyèl.”  “Mwen vle realize yon bagay nan domèn swen sante a. Kidonk sa a pral ede m alontèm, paske m pral gen eksperyans avèk li.”
Nan lane 2017, W.K. Kellogg Foundation te anonse yon angajman ki pat janm fèt anvan ak Battle Creek Public Schools (BCPS): yon sibvansyon 51 milyon dola, sou senk lane pou transfòme distri a pou atenn reyisit pou tout elèv. Ane eskolè 2020-21 an te make katriyèm lane a epi distri a te kontinye fè pwogrè odasye nan aplikasyon chanjman yo pou asire elèv yo resevwa tout sa yo bezwen pou yo pwospere.  
Anplis, BCCHS ofri yon pwogram Akademi Karyè [Career Academies] (yon pwogram pou prepare elèv yo pou inivèsite ak karyè), nan patenarya avèk Ford Next Generation Learning (Aprantisaj pou Pwochen Jenerasyon Ford), pou konekte elèv yo ak cheminman ki akse sou karyè kote yo angaje nan aprantisaj ki baze sou enterè epi ki eksperimantal.  Elèv ki nan cheminman swen sante ak syans enfimyè pwogram Akademi Karyè yo (Career Academies) la fòme nan laboratwa similasyon swen sante a. Elèv ki gen plis pase 18 lane yo ka jwenn sètifikasyon konplè kòm Enfimye/Enfimyè Oksilyè Sètifye (Certified Nursing Assistant, CNA) oswa Teknisyen Medikal pou Ijans (Emergency Medical Technician, EMT) gras ak pwogram nan, pou lè yo resevwa diplòm yo, yo ka deja ap monte nan echèl karyè a nan domèn swen sante a. Cameron Daniels, yon elèv BCCHS epi patisipan nan career academies di “(Ou resevwa) konpetans … nou fèk fè yon antrevi lòt jou – ekri kourikoulòm vite – jwenn pratik sa yo pou konnen kijan sa ap ye nan mond reyèl la.” “Y ap resevwa resous epi y ap fè manm kominote a patisipe.  Se tankou yo tou ranje domino yo pou elèv yo.” W ap jwenn plis enfòmasyon sou transfòmasyon k ap fèt nan Battle Creek Public Schools la sou changestartsherebcps.org.

Mezi klima a ap chanje, kèk modèl finansman chanje tou

Previous article

Envesti nan chanjman: Ekite rasyal nan sèvis finansye

Next article

Comments

Comments are closed.