Angajman Kominotè

Mezi klima a ap chanje, kèk modèl finansman chanje tou

0
Photo credit: Paolo Xiu Canché, Agroecology Fund of the Yucatan Peninsula (FAPY)

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Nan Konferans sou Chanjman Klimatik Nasyonzini (COP26) pou lane 2021 an, yon jèn aktivis Samoann ki rele Brianna Fruean te pouse yon rèl pou mande rasanbleman nan diskou l pou lidè mondyal yo:  “Nou p ap nwaye; n ap goumen.” Pawòl sa yo te fè konprann imaj kominote ki vilnerab ak chanjman klimatik la tankou ajan aktif olye viktim. Apresa, li te di NPR,

“Nou te vle rantre istwa sa a ki di ke nou tankou moun pasif k ap tann yo lonje men ba nou… Nou gen konesè tradisyonèl k ap fè travay adaptasyon sa a ke yo pa wè tankou klimatològ men ki vrèman ap fè syans klima."

Li te ka ap pale sou Basilio Velázquez Chí. Chí grandi nan yon distans plizyè milye mil ak Samoa, nan yon kominote agrikòl maya tradisyonèl sou Penensil ba meksiken Yucatan an. Lòtbò a, li te eksperimante pa sèlman agravasyon efè chanjman klimatik la, men tou efò pou entèvansyon nan ka katastwòf natirèl ki echwe yo, paske se pa kominote a ki pran desizyon ki konsène kominote a. “Pafwa gen yon kalite lapli ke yon ouragan pote ki fè pyebwa yo pa fleri, ki reprezante yon pwoblèm pou myèl yo siviv, epi sa afekte pwodiksyon agrikòl,” jan Chí te di, “men kòm se pa yon bagay ki vizib, poutèt se nan kominote a sèlman nou konn sa, li pa pwovoke yon reyaksyon lakay gouvènman an.” Chí di se menm bagay la lè lapli sa yo pote enfestasyon ravajè nan kilti mayi yo. “Lè w byen gade, se pa yon kriz ekonomik nan li menm, men se yon kriz alimantè, kidonk fòk moun yo jwenn fason pou yo siviv, epi se yon tikras sipò ki genyen pou sa.”
FAPY grantee Ya'ax Sot'Ot'Yook'ol Kaab strengthens Mayan farming practices in Quintana Roo, Yucatan Peninsula, Mexico.
Tandans donatè eksteryè yo pou ede ranje sa ki pi vizib pou yo sèlman, tankou pwoblèm rezo elektrik ak lòt domaj nan enfrastrikti, se sèlman youn nan latriye pwoblèm Chí wè nan entèvansyon tradisyonèl nan ka katastwòf.  Don semans, kòm egzanp, ka fèt avèk bon entansyon, men si yo pa lokal, yo ka pa byen mache nan klima a ak tè a.  Menm efò pou jwenn finansman pou agrikiltè lokal yo souvan echwe poutèt obstak teknik tankou dokiman ke abitan yo pa genyen oswa entènèt ke yo paka gen aksè ak li. Gen lòt pwoblèm avèk asistans ekstèn nan, tankou menas pou sante ke moun k ap vini nan ti kominote yo pandan pandemi an reprezante, oswa fason donasyon enpòte yo ka frape ekonomi lokal la epi dinamik pouvwa ki kreye oswa ki pwolonje lè òganizasyon ekstèn yo ap bay èd. Sa yo se yon seri mòd fonksyònman ki byen ankre, men avèk yon kout chans, yon ane katastwofik ta sanble anjandre kèk nouvo mòd fonksyònman.

YON NOUVO EKSPERYANS NAN ENTÈVANSYON AN APRE YON LANE KATASTWÒF NATIRÈL SAN PRAN SOUF

Sezon siklòn lane 2020 an se te sezon ki te pi aktif ke yo te janm anrejistre nan Atlantik la ak Penensil Yucatan an te sibi yon sechrès apresa te vin gen lapli, ki te gen ladan l Depresyon Twopikal Cristóbal la, ki te pwovoke inondasyon ki te deplase plizyè milye fanmi epi detwi pifò kilti zòn nan. Apresa te vin gen fleyo ravajè yo. Se te yon ilistrasyon katastwofik agravasyon defi klimatik yo nan milye vilnerab nan tout mond la.  Malgre sa, apre tout sa, Chí te eksperimante yon nouvo bagay. Túumben Kóoben, yon koperativ ki fè pwomosyon pwodiksyon lokal, vin tounen administratè yon nouvo kès lajan pou entèvansyon nan ka katastwòf – youn ki kominotè epi ke prezidan Túumben Kóoben nan, Dulce Magaña, rele “pi sansib, pi anpatik, pi imen.” Kès Lajan pou Agwo-ekoloji Penensil Yucatan an (Agroecology Fund of the Yucatan Peninsula, FAPY) sipòte inisyativ lokal yo pou yo retabli sistèm alimantè yo epi ranfòse rezilyans kominote ke Cristóbal te afekte yo, . Chí, Yon manm fondatè Túumben Kóoben, syeje nan komite FAPY a ki seleksyone inisyativ lokal pou ti sibvansyon yo.  Tèm ‘agwo-ekoloji’ a fè referans ak aplikasyon prensip ekolojik yo nan pwodiksyon agrikòl dirab.  Selon Magaña, se esansyèlman yon pratik tradisyonèl kominote maya yo ki nan Penensil la. FAPY te devlope avèk sipò AgroEcology Fund, AEF (Kès Lajan pou AgwoEkoloji) entènasyonal la ak W.K. Kellogg Foundation. Li fè pati yon gwoup inisyativ ke WKKF te ede mete anplas apre Cristóbal avèk twa patnè finansye epi plizyè dizèn òganizasyon lokal.

VIZYON KOMINOTÈ YO GIDE PLAN POU LAVNI YO

Apre lansman faz entèvansyon inisyal la ki te vini apre Depresyon Twopikal Cristóbal la, lè abitan yo te ede vwazen yo reponn ak bezwen ijan manje ak abri yo, WKKF te kolabore ak kèk patnè pou devlope plan pou faz ki t ap vin annapre yo: rekonstriksyon epi atenyasyon ak preparasyon pou fiti katastwòf yo.  Pou sa, ekip WKKF nan peyi Meksik la, ke Chèf Pwogram Veronica Fernández de Castro Robles ap dirije a, te kontakte AgroEcology Fund (AEF)  Pwogram Nasyonzini pou Devlopman (United Nations Development Program, UNDP) ak Ispanik nan Zèv Charitab (Hispanics in Philanthropy, HIP). Fernández de Castro Robles te di “Gen yon aliyman valè ke patnè sa yo pote nan sa a.” Yo gen menm konviksyon an, jan li te di, “ke kominote yo gen konesans pou yo montre chimen an epi ke se vizyon pa yo a ki ta dwe dirije envestisman yo.”  Li te di tou ke gen yon rekonesans komen ke dènye katastwòf yo pa ni premye yo, ni dènye yo pou rejyon an, epi ke l ap ideyal ke kès lajan yo fonksyone ansanm pandan y ap respekte vizyon kominotè yo ki se “atenye enpak chanjman klimatik la nan rejyon an.”

Tanpèt twopikal Cristóbal la te kreye yon kochma imanitè nan sidès peyi Meksik la

Cristóbal te rive tankou yon tanpèt twopikal epi li vin tounen yon depresyon twopikal ki deplase dousman ki, pandan twa jou, te inonde eta Campeche, Yucatán, Quintana Roo ak kèk pati nan Chiapas.  Gen plizyè milye fanmi ki te deplase, wout ki te koupe, kominote ki te izole, plizyè milye rich myèl ak plis pase 80 pousan kilti nan rejyon ki agrikòl anpil yo ki te detwi.
Pandan ke AEF, UNDP ak HIP te devlope inisyativ separe avèk patnè lokal yo, yo te fè sa nan kowòdinasyon youn ak lòt – pandan yo pataje apèl pou pwopozisyon, konseye youn lòt epi rankontre yon fason regilye pou diskite sou aprantisaj yo, defi yo ak refleksyon yo, sa ki ranfòse divès efò yo.

“PA GEN MANYÈL” – YON NOUVO APWÒCH POU DONATÈ YO KOLABORE AVÈK KOMINOTE A NAN MITAN

Chak òganizasyon nan patenarya finansman an te pare pou yo fonksyone yon nouvo fason epi yo tout te enspire pou yo fè chanjman apre yo fin tande vwa kominote yo.
AgroEcology Fund

Nan mwa janvye 2021 an, avèk sipò WKKF, AgroEcology Fund entènasyonal la te lanse Kès Lajan pou Agwo-ekoloji Penensil Yucatan an (ke yo konnen sou akwonim panyòl li, FAPY). Sou direksyon Túumben Kóoben, FAPY te realize de sik finansman nan lane 2021 an, pandan li t ap sipòte 31 òganizasyon.  Se yon patenarya fondasyon ki te lanse AEF nan lane 2012 epi li travay avèk plizyè òganizasyon nan tout mond lan, men se premye fwa li te devlope yon kès lajan rejyonal.  Epi se pat dènye a. Avèk leson li te aprann nan FAPY, jodi a AEF ap vire sou End ak Afrik Delès pou sipòte devlopman kès lajan pou agwo-ekoloji ki jere yon fason lokal lòtbò a.

HIP Fè Don: #TierrasMayas

Kanpay finansman patisipatif #TierrasMayas Hispanics in Philanthropy (HIP) a  te enspire donatè yo atravè kontribisyon ki egal ak kantite lajan moun bay epi li konekte yo ak òganizasyon lokal nan Penensil Yucatan an, pou sipòte rekonstriksyon ak rezilyans kominote yo. Kanpay la te gen twa etap kolèk lajan, ant novanm 2020 ak novanm 2021, kote dènye a te pote plis pase 161,000 dola bay 23 òganizasyon. . Pwojè yo te varye anpil men yo te gen ladan yo edikasyon anviwònmantal, fòmasyon sou pwodiksyon manje ak amelyorasyon aksè ak dlo pwòp. Anplis li ede gwoup sa yo kolekte lajan, HIP travay tou pou estimile yon kilti kote moun fè don nan rejyon Yucatan an epi li te ede enstitisyon ki pa gen objektif fè lajan ki t ap patisipe yo ranfòse kapasite òganizasyonèl yo. Se premye fwa ke HIP te konsantre yon kanpay finansman patisipatif sou kominote maya Penensil Yucatan yo.

Pwogram Nasyonzini pou Devlopman (UNDP)

Yon sibvansyon avèk Pwogram Jesyon Risk UNDP a pou ede rezidan sid peyi Meksik yo rekipere apre enpak COVID-19 la te etann li ak yon pi gwo inisyativ rekiperasyon ak rezilyans apre katastwòf lane 2020 yo. Inisyativ la sipòte efò lokal yo nan apikilti, sekirite alimantè ak touris ki nan avantaj ti antrepriz lokal yo.

Touswit apre tanpèt yo, yon dezyèm sibvansyon, avèk Pwogram Ti Sibvansyon (Small Grants Program, SGP) UNDP a, ede òganizasyon kominotè yo etabli kès lajan pou rezilyans finansye. SGP a t ap sipòte sèt òganizasyon lokal nan yon pwosesis imajinasyon fiti bezwen yo ak idantifikasyon fason pou yo reponn ak yo. Se premye fwa UNDP a te konsantre envestisman l nan kreyasyon kès lajan pou rezilyans, olye li te mete anplas mezi entèvansyon, epi li te fè sa avèk lidèchip kominote otoktòn yo.

Sebastien Proust, kowòdonatè nasyonal Pwogram Ti Sibvansyon UNDP a, te di ke travay avèk òganizasyon kominotè yo sou planifikasyon rezilyans ak chanjman klimatik la se yon pwosesis ke “pa gen manyèl” pou li, poutèt li potko janm fèt anvan.

"Kidonk, sa n ap fè aktyèlman la a se konstwi l ansanm.. [Konprann] kijan n ap kreye bank semans, kijan n ap kreye bank siwo myèl, kijan n ap kreye kès epay, kòm egzanp, pou lè yon ouragan frape, nou ka gen kapasite pou nou rekipere byen fasil… Li inovan anpil, anpil, anpil.”

Rezilta sou teren ansanm kès lajan pou entèvansyon Penensil Yucatan an se yon sipò pou yon gwo gam inisyativ lokal k ap ranfòse mwayen sibzistans yo ak sistèm natirèl yo nan yon fason ki pwòp ak lakay yo. Anpil ladan yo ap sèlman ranfòse pratik agrikòl tradisyonèl lokal maya yo. Pandan ke reyisit la chita nan oryantasyon ak lidèchip lokal, estrateji finansman yo te ka gen yon enpak global. Proust di “Nou santi ke sa n ap aprann la a ka itil anpil pou lòt kominote nan mond lan k ap fè fas ak kriz klimatik la.”

Bati pouvwa kominotè

Previous article

Battle Creek Public Schools (Lekòl Piblik Battle Creek) ofri inovasyon ak sa elèv yo bezwen pou lavni

Next article

Comments

Comments are closed.