Ekite Rasyal

Envesti nan chanjman: Ekite rasyal nan sèvis finansye

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Lidè odasye yo rekonèt egzijans komèsyal ak sosyal yo pou yo transfòme antrepriz yo pou yo pi ekitab sou plan rasyal, pi divèsifye epi pi enklizif. Selon rechèch resan yo, pou chak 10% anplis nan divèsite rasyal oswa koulè po nan ekip senyò yon antrepriz, benefis li anvan enterè ak taks (EBIT) anviwon 1% pi wo. Yon fason jeneral, gen potansyèl tou pou $8 mil milya nan kwasans PIB ameriken an distans pou rive lane 2050 si antrepriz yo ede fèmen eka ki genyen nan ekite rasyal yo.

Deplizanpli, dirijan nan sektè sèvis finansye ak sektè prive a ap adopte mantalite ak estrateji ki akse sou aksyon pou rive atenn objektif transfòmasyon entèn ak ekstèn yo, espesyalman nan sa ki gen pou wè ak avansman ekite rasyal, divèsite ak enklizyon (REDI). 

Pou sipòte enèji sa a ak efò yo,  W.K..Kellogg Foundation (WKKF) te lanse Expanding Equity  (Devlopman Ekite) nan lane 2020 avèk yon gwoup senk antrepriz sèvis finansye. Depi lè sa a, pwogram nan agrandi pou ede plis pase 50 antrepriz – kote gen 17 ladan yo ki se antrepriz sèvis finansye – atire, favorize epi kenbe divès talan epi finalman transfòme kilti, sistèm ak enfrastrikti nan milye travay yo pou yon efikasite alontèm. 

Definisyon: Ekite rasyal la se yon rechèch anbisye ki ensiste sou afè pou tout moun, kèlkeswa idantifikasyon rasyal/etnik, koulè po yo oswa trè fizik yo, ap gen menm opòtinite pou yo eksperimante byennèt nan yon sosyete ki jis. Atenn ekite rasyal vle di ke idantite yon moun p ap predi eksperyans kotidyen yo oswa rezilta lavi yo.

Nan antrepriz yo, ekite rasyal vle di ke tout anplwaye yo gen menm opòtinite pou yo antre, devlope, santi yo nan plas yo, reyisi, pwogrese epi jwenn respè nan travay la. Li vle di ke kilti, sistèm ak estrikti nan milye travay la pèmèt moun nan tout gwoup idantite yo epanouyi yo.

Sous: W.K. Kellogg Foundation

KIDONK, KISA REYALITE AK OPÒTINITE YO YE POU AVANSMAN REDI NAN DOMÈN SÈVIS FINANSYE YO?

Si w ap chèche pwòp estrateji antrepriz REDI w, analiz sa a ak refleksyon sa yo ofri enfòmasyon ki soti nan pwogram Expanding Equity a epi nan etid resan ki te realize nan kolaborasyon avèk McKinsey & Company: Ekite Rasyal nan Sèvis Finansye ak Ras nan Travay: Eksperyans Moun Nwa  nan Sektè Prive Ameriken an. Gen done adisyonèl ki te soti nan rapò Fanm nan Travay an 2021 McKinsey a tou.

Reyalite: eta aktyèl reprezantasyon rasyal ak sèks nan sèvis finansye yo

Pwopòsyon moun koulè yo nan nivo antre nan antrepriz sèvis finansye ameriken yo ale nan menm sans ak reprezantasyon yo nan sosyete a – anviwon 40%. Sepandan, li diminye yon fason regilye mezi w ap pwoche seri chèf yo (C-suite), kote li tonbe pou 75%. Nèf sou 10 direktè nan nivo seri chèf yo se Blan. Pwopòsyon gason blan nan seri chèf yo 112% pi wo pase nan nivo antre a; pwopòsyon sa a 30% pi ba pou fanm Blanch, 60% pi ba pou gason koulè epi 90% pi ba pou fanm koulè. Lè n ap dekonpoze done yo pou fanm koulè yo – gwoup ki gen pi piti reprezantasyon an yon fason jeneral – nou wè ke reprezantasyon pwopòsyonèl la nan nivo seri chèf yo tonbe nan 45% pou Fanm Nwa yo, 4% pou fanm Latino yo epi 14% pou fanm Azyatik yo. Sa montre nan ki pwen entèseksyonalite ras ak sèks la ta dwe yon konsiderasyon kle pou tout estrateji transfòmasyon REDI.
Imaj 1. Diminisyon fanm Latino ak Azyatik yo nan nivo siperyè yo antrene diminisyon global fanm koulè yo

Reyalite: Anplwaye koulè yo gen mwens chans pou yo jwenn pwomosyon

To pwomosyon yo lontan pi wo pou anplwaye Blan yo nan prèske tout nivo nan antrepriz sèvis finansye yo, pandan anplwaye Nwa yo gen apeprè mwatye chans pou yo jwenn pwomosyon pou yo vin administratè, administratè senyò oswa vis prezidan senyò. Anplwaye Latino yo gen 40% chans pou yo jwenn pwomosyon nan seri chèf yo menm jan ak anplwaye Blan yo. Reyalite sa a pa pase anba je anplwaye koulè yo: apeprè 40% anplwaye Nwa yo santi ke ras yo te rann li pi difisil pou yo jwenn yon ogmantasyon salè oswa yon pwomosyon epi ke li pral rann li pi difisil pou jwenn sa yo alavni. Apeprè 27% anplwaye Azyatik yo epi 10% anplwaye Latino yo santi menm bagay la, konpare ak 3% anplwaye Blan yo.

Reyalite: Anplwaye koulè yo fè fas ak eksperyans ki pi negatif nan milye travay la

Anplis pwoblèm sistemik yo yon fason jeneral, pwofesyonèl koulè ki nan sèvis finansye yo fè fas ak defi entèpèsonèl separe nan travay. Swasant kenz pousan anplwaye Nwa ki pi wo ke nivo antre a se “solitè” – yon moun ki prèske toujou twouve tèt li kòm sèl moun nan gwoup rasyal oswa koulè po l ki nan sal la – konpare ak 40% anplwaye Latino, 31% anplwaye Azyatik ak 4% anplwaye Blan yo. Moun koulè ki solitè yo gen plis chans pou yo santi y ap veye yo deprè epi ke aksyon pèsonèl yo reflete sou aksyon tout gwoup rasyal oswa koulè po ke yo idantifye avèk li a. zaAnplis, anplwaye koulè yo gen lontan plis chans pou yo sibi ti agresyon, ki defini tankou ti zak rasis ki, ke yo entansyonèl oswa non, sinyale yon mank respè oswa yon mank apatenans. Ensidan sa yo gen ladan yo lè yo kesyone jijman yon moun san nesesite, lè yon moun gen pou l bay plis prèv konpetans pase lòt yo, lè yo abòde yon moun yon fason ki pa pwofesyonèl, lè yo konfonn yon moun ak yon lòt ki nan yon pi ba nivo, lè yo meprize kontribisyon yon moun oswa lè yon moun tande remak degrandan sou aparans li. Fanm koulè yo fè fas ak ti agresyon pi souvan – egzanp, fanm Nwa yo gen kat fwa plis chans pase fanm Blanch yo pou yo konfonn yon ak yon lòt moun menm ras la.

Reyalite: Anplwaye koulè yo gen plis chans pou yo kite antrepriz kote yo travay yo

Inegalite pwofesyonèl koulè ki nan domèn sèvis finansye yo kontre nan reprezantasyon, pwomosyon ak santiman apatenans, yo tout kontribiye nan santiman izòlman ak pi wo nivo woulman. Yon fason jeneral, to woulman yo pi wo pou moun koulè yo ke pou anplwaye Blan yo, pandan ke pèt ki pi pwononse yo rive bonè. Nan nivo antre a, yon pwofesyonèl Nwa gen 1.4 fwa plis chans pase kòlèg Blan li pou li kite yon antrepriz sèvis finansye. Sa a gen yon enpak ki pa pwopòsyone sou reprezantasyon an yon fason jeneral epi sik la repete.

“Pou kreye yon chanjman reyèl nan divèsite, ekite rasyal ak enklizyon nan sektè antrepriz yo, ou dwe abòde ni reprezantasyon anplwaye yo nan tout nivo yo, ni eksperyans yo nan travay la. Transfòmasyon estrateji rekritman yo sèlman nan non divèsite a pa ase. Gen chanjman enpòtan ou ka fè nan kilti w, politik ou yo ak fason ou travay pou sipòte anplwaye w yo epi atenn kliyan w yo."

KISA ANTREPRIZ SÈVIS FINANSYE YO KA FÈ POU YO FÈ AVANSMAN REDI A NAN DOMÈN NAN?

Lè yo pran realite sa yo akè, anpil antrepriz ap pran angajman eksplisit epi devlope estrateji pou avansman ekite rasyal, divèsite ak enklizyon. Sa nesesè pou retire baryè yo epi akselere aksyon yo pou ogmante reprezantasyon an ak opòtinite yo epi pou kreye koneksyon ki pi solid ak yon kilti santiman apatenans pou anplwaye koulè yo. Kèk pwochen etap ki rekòmande ka gen ladan yo:

Amelyorasyon atraksyon an

Tout efò pou atire pwofesyonèl koulè nan sèvis finansye yo dwe apiye sou yon pwosesis transparan ki elaji regwoupman talan yo epi estandadize kritè antrevi ak anplwa moun yo. Li esansyèl pou yo responsabilize tout moun ki enplike nan pwosesis anplwaye moun nan pou yo respekte pwotokòl la epi ke tout kandida yo konprann kritè seleksyon yo, pou moun ki gen kapasite san koneksyon pèsonèl yo pa pèdi avantaj yo. Rekritè an chèf ak administratè rekirtman yo yo ka apiye sou pratik sa a lè yo pwopoze lis kandida byen kalifye e ki varye lè y ap fè rechèch pou pòs ki pi siperyè. Reminerasyon yo ka lye ak reyisit yo lè yo fè sa. Antrepriz yo ka ranfòse angajman yo nan REDI tou lè yo pataje yo yon fason piblik atravè sitwèb yo ak lòt sipò maketin yo, pandan y ap travay avèk gwoup afinite entèn ak ekstèn pou agrandi piblik yo atenn nan kominote koulè a epi ankouraje anplwaye yo pou yo refere moun koulè ki nan rezo yo.

Pwomosyon talan yon fason ekitab

Kritè pwomosyon ki klè asire ke tout moun konnen kisa yo mande yo, evalye yon fason ki ekitab nan evalyasyon yo epi konprann konpetans ak kapasite ki nesesè pou avansman an. Matris ki pa byeze epi ki estandadize ki dekri kisa reyisit la sanble nan chak etap devlòpman yon anplwaye ka ede garanti diskisyon sou pwomosyon ki baze sou merit epi ede sipèvizè yo fè kòmantè ki onèt, ki objektif. Anplis, parenaj ekitab se yon eleman enpòtan tout pwogram pou asire pwomosyon ki ekitab. Pa egzanp, rechèch montre ke pandan 87% antrepriz sektè prive ki patisipe yo te deklare yo gen yon pwogram parenaj anplas, sèlman 33% anplwaye Nwa yo te deklare ke yo gen yon parenn. Parenn yo ka ede anplwaye yo tradui kòmantè yo resevwa nan men lòt lidè, konble lakin devlòpman yo epi asire ke anplwaye koulè yo resevwa opòtinite ki pwoaktif avèk aksè ak relasyon yo bezwen pou yo avanse yo.
Si w enterese jwenn plis enfòmasyon sou pwogram Expanding Equity a, vizite www.ExpandingEquity.com.

Favorize yon santiman apatenans

Santiman apatenans – degre kote anplwaye yo gen yon santiman koneksyon epi ke yo ka bati relasyon ki sinyifikatif, otantik ak lòt moun yo nan travay la – esansyèl pou efò retansyon ak enklizyon yo. Ankèt avèk anplwaye yo, gwoup diskisyon ak lòt enstriman ka rasanble enfòmasyon enpòtan sou eksperyans diferan gwoup rasyal ak etnik, espesyalman si done yo ka dekonpoze. Lidè yo atravè tout nivo yon òganizasyon ta dwe enplike nan tradui lide sa yo pou fè yo tounen aksyon espesifik pou amelyore yo. Antrepriz yo ta dwe genyen estrateji kiltirèl dedye ki bati konfyans, devlope relasyon otantik atravè diferans yo epi afime valè fondamantal tout moun. Aksyon sa yo ka genyen yon latriye efè pozitif, tankou ogmantasyon angajman yon fason jeneral, angajman konstriktif nan konfli yo, amelyorasyon pwodiktivite a ak rediksyon woulman an.

Related Story

It seems we can't find what you're looking for.

Battle Creek Public Schools (Lekòl Piblik Battle Creek) ofri inovasyon ak sa elèv yo bezwen pou lavni

Previous article

Choctaw Fresh Produce: apwovizyone kominote a nan fason tradisyonèl

Next article

Comments

Comments are closed.