Edikasyon

Done pataje yo ap fè diferans pou jèn timoun

0
Photo of Battle Creek’s children graduating

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

An 2014, 15.5% timoun nan Battle Creek yo sèlman te pare pou ale nan klas matènèl. Disi 2020, pousantaj sa a plis ke double rive nan 39.2%. Yon tèl amelyorasyon pa rive pa aksidan. Nan Battle Creek, se rezilta yon objektif kolaboratif sou yon peryòd dis lane kote te genyen plizyè òganizasyon nan domèn edikasyon ak swen pou timoun piti– ke tout te angaje yo pou amelyore rezilta pou timoun nan vil la. E si jodi a ou ta mande patnè yo ki kote angajman sa a te kòmanse, yo t ap refere w a done yo.
“Pataje done yo se yon etap inisyal enpòtan,” sa a se deklarasyon Dr. Chandra Youngblood, direktè edikasyon primè nan Lekòl Piblik nan Battle Creek (Battle Creek Public Schools, BCPS), . “Ou reyalize ou genyen yon destine pataje. …Sa konsène tout kominote nou an ak tout timoun nou yo.”
Nan lane 2010, W.K. Kellogg Foundation te finanse Enstriman pou Devlopman pou Timoun Piti (Early Development Instrument, EDI) pou rasanble ak santralize done sou senk domèn kle sou lavi jèn timoun yo nan Battle Creek. Chif yo te ede patnè lokal yo dekouvri yon lòt obstak yo te gen pou yo simonte. “Pat genyen okenn enfrastrikti an plas pou itilize done yo,” selon sa Kathy Szenda Wilson, direktè ko-egzekitif nan BC Pulse, te di. “Se te yon defi pou pran tout sa ki te la yo epi pou konnen kisa pou n fè ak yo … pat gen yon grenn enstitisyon ki te ka pran done yo epi detèmine kijan pou mobilize yo. Se kòmsi ou t ap bwè atravè yon tiyo ensandi.”

RELASYON YO ENPÒTAN

BC Pulse, ki se yon pwojè Enstiti W.E. Upjohn pou Rechèch sou Anplwa (W.E. Upjohn Institute for Employment Research), te kreye an 2012 e li te pran devan pou l jwenn siyifikasyon done yo epi pou l te rasanble gwoup kominotè ak lidè yo pou yo te konsidere done sa yo. “Li enpòtan anpil pou n konprann kòz fondamatal sa yo – rezon ki dèyè tout bagay – sa esansyèl nan pèmèt nou kòmanse devlope estrateji,” sa a se deklarasyon Maria Ortiz Borden, direktè ko-egzekitif nan BC Pulse, te fè. “Nou reyini paran ak lidè yo pou yo reflechi sou fason nou angaje fanmi yo epi pou koute sa yo gen pou di sou rezon ki fè sèten nan bagay sa yo ap rive nan kominote nou an.”
Li pat toujou fasil pou n te pwogrese nan kolaborasyon pou devlope solisyon, selon admisyon patnè yo, sepandan yo rekonèt yo te gen yon responsabilite pou yo travay ansanm pou timoun yo nan vil la. “Nan pwen sa a, nou pa kapab di done yo envizib,” sa a se deklarasyon Erika Burkhardt, asistan sipè-entandan pou sèvis Timoun Piti yo nan Distri Lekòl Mwayen nan Calhoun (Calhoun Intermediate School District, CISD), te fè. “Osito nou te fouye fon atravè done yo epi nou te vin wè pwoblèm ak bezwen ki te egziste yo, nou etabli relasyon ak konfyans ant youn ak lòt pou nou te sa avanse.” Konvèsasyon difisil te vin pote revelasyon. “Nou reyalize ke moun ideyal yo pat toujou bò tab la,” se sa Kathleen Moore, direktè egzektif nan Battle Creek Shared Services Alliance, te di. “Lè nou te asire nou ke nou te genyen moun ideyal nan kominote a – pa sa k ap pale sèlman pou kominote a – sa te vin pèmèt nou enplemante chanjman.” Pou n te vini ak nouvo moun bò tab la sa te mande pou patnè yo te fleksib e pou yo te dispoze chanje ofiramezi yo t ap aprann plis. “Nou modifye pratik nou yo pou satisfè bezwen yo pa sèlman pou timoun yo men tou pou nou te kapab pi pwodiktif pou pwòp tèt pa nou,” sa a se te deklarasyon Youngblood te fè. “Sa a se yon faktè konfyans. Nou kapab fè sa nou dwe fè nan yon fason ki pi estriktire.”

KOMINOTE A ANNANTYE JWENN REPREZANTASYON AK SÈVIS

Done EDI yo montre ke timoun nan Battle Creek yo pa t jwenn sèvis defason ekitab. Katye ki te gen rezidan ki te pi pòv yo kote pifò rezidan po nwa yo, te gen mwens aksè pou jwenn edikasyon ak swen kalite pou timoun piti. Nan sèten katye, rezidan yo pa t gen aksè ak swen oswa ak edikasyon kalite pou timoun, ditou. Patnè nan domèn sèvis pou timoun piti nan Battle Creek yo, te fè “vid sa yo nan swen timoun yo” tounen yon priyorite pou yo. “Nou te vin anmezi pou n entwodui plis patnè nan gwoup la,” sa a se deklarasyon Michelle Williamson, PDJ Community Action Agency of South Central Michigan, te fè. “Tout moun te gen pwòp sektè pa yo pou enfòme sistèm nan epi ede l pwogrese.”

"NOU PAT KANPE LEKÒL... LÈ MOND LAN TE SISPANN FONKSYONE, NOU TE TOUSENPLEMAN CHANJE FASON NOU TRAVAY LA."

Kote ki te genyen disparite yo, patnè yo te ede devlope nouvo antite. Youn nan nouvo adisyon yo se Harvest Learning Center, ke Pastè Ivan Lee nan New Harvest Christian Center te fonde. Pastè Lee te fè konnen, “sipò nou te jwenn nan men gwoup sa a te kritik anpil, san li, pwogram nou an ki te tou nouvo dezan desa – pa t ap posib. Lefèt nou te jwenn sipò sa a san nou pat jwenn rezistans oswa refi, te yon gwo enspirasyon tou. Rezilta a pa menm nan plizyè lòt endistri oswa nan plizyè lòt domèn.” “Pastè Lee gen rezon”, se sa Dr. Nkechy Ekere Ezeh te di. Misye se fondatè ak PDJ Early Learning Neighborhood Collaborative, yon òganizasyon yo fonde nan Grand Rapids ki elaji asosyasyon l avèk New Level Sports Ministries nan Battle Creek pou desèvi nouvo kominote nan vil la– sitou kominote moun po nwa yo. “Antanke yon nouvo veni ki rive nan Battle Creek, sa te ede m anpil pou m jwenn BC Pulse ansanm ak lòt patnè ki te enplike yo, asiste m nan ko-dirije kèk travay. Relasyon yo fòme yo, ekstrawòdinè. Lè m parèt, tout moun t ap chèche wè kijan pou yo te fè plas bò tab la, toutbon vre.”

TRAVAY POU ATENN YON SIKSÈ PÈMANAN

Byenke patnè yo di rezilta pou preparasyon nan lekòl matènèl la trè enteresan, yo kontinye rasanble ak siveye done yo pou pèfeksyone ak amelyore edikasyon ak swen timoun ki pi piti yo nan Battle Creek. Reyisit timoun ki pi vilnerab nan vil la, depann de sa.
“Nou konnen nou bezwen idantifye bonè difikilte timoun yo fè fas ak yo a,” sa a se deklarasyon Moore fè. “Nou konnen, pi bonè nou idantifye difikilte sa yo, se plis nou gen posibilite pou n adrese difikilte sa yo epitou se plis chans timoun sa yo ap genyen pou yo pare pou lekòl matènèl. Pwogram vizit adomisil nou an se yon pati enpòtan nan sa. Li se reyèlman yon kontinyasyon. Epi pwen kilminan an sèke chak timoun ap genyen aksè a edikasyon prematènèl.”
E kounye a ke pandemi kowonaviris la pwojte wòl kritik founisè swen gadri pou timoun ak founisè edikasyon an jwe nan sosyete nou an, yo santi ke moman an rive pou kominote asipòte piplis travay y ap fè a. “Pandan pandemi sa a, nou aprann ke si nou menm ki nan sektè edikasyon pou timoun pi piti yo pa gen tout zafè nou annòd, tout bagay ap degrenngole. Ekonomi annantye nan peyi nou an depann sou nou pou n fè travay sa a byen,” sa a se deklarasyon Szenda Wilson, fè. “Moman sa a se moman pa nou pou nou briye.”

Kreyativite ak adaptasyon rapid ekipe travayè an premye liy yo

Previous article

Resansman 2020 — Fè dekont la malgre tout obstak yo

Next article

Comments

Comments are closed.