Angajman KominotèEkite Rasyal

Nou envite w: Jounen Nasyonal pou Gerizon Rasyal

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Nan dat 17 janvye 2023, Kellogg Foundation pral selebre setyèm Jounen Nasyonal pou Gerizon Rasyal anyèl la. Sa pral fè sizyèm fwa mwen patisipe nan evènman sa a, kidonk mwen ta renmen pataje kèk mwayen pratik moun ka itilize pou patisipe.

Nou ta renmen ou branche pou asanble piblik pou Jounen Nasyonal pou Gerizon Rasyal yo k ap andirèk sou platfòm MSNBC ak Noticias Telemundo yo, ke y ap difize nan patenarya avèk NBCUniversal – men plis pase sa toujou, nou ankouraje w tou pou w patisipe nan jounen an nan pwòp fason pa w, avèk pwòp kominote pa w, kit li grandyoz, kit li piti.

Mwen se yon moun ki rasanble moun. Antanke yon moun ki te viv nan senk eta, mwen abitye yon fason enkwayab ak pwosesis demenajman nan yon nouvo vil, fè nouvo zanmi epi jwenn plas mwen. Fason mwen rive fè sa se nan rasanble moun. Mwen jwenn moun ki gen enterè similè avè m epi m kreye koneksyon. Èske w renmen anime? Mwen te kòmanse anime gwoup. Èske w pa ka viv san kafe? Mwen planifye rankont regilye kote nou pran kafe. Èske lafwa se yon gwo pati nan lavi w? Mwen te akeyi ti gwoup nan kominote legliz mwen an. Èske lè w manje bon manje sa fè w kontan? Mwen renmen akeyi moun bò tab salamanje m nan. Nan salamanje m nan gen yon afich otè Shauna Niequist ki kwoke:

“Se konsa mond la chanje – piti piti, tab apre tab, repa apre repa, lè apre lè. Se konsa nou elimine izòlman, solitid, laperèz. Se konsa nou konekte, nan fason grandyoz epi piti – nou fè l arebò tab la.”

Chanjman mond lan p ap fèt atravè yon deklarasyon ke yon lidè fè ki di ke chanjman an dwe fèt. Li p ap fèt avèk yon gwo manman lwa. L ap fèt lè ou menm avè m chwazi devlope relasyon otantik avèk vwazen nou yo ak manm kominote nou yo. L ap fèt lè nou diminye divizyon. L ap fèt lè nou pale verite. L ap fèt lè nou kiltive yon kilti apatenans epi retire santiman siperyorite oswa enferyorite ki baze sou orijin rasyal oswa kiltirèl nou. L ap fèt lè nou reziste ak langaj “lòt” la ki gen tandans ogmante. L ap fèt moun apre moun. Lè apre lè. Nan fason grandyoz ak nan fason piti, jan Shauna ekri l. 

Èske w t ap pran angajman pou w fè yon plan? Ou gen kèk mwa devan w pou w deside kijan w ap onore Jounen Nasyonal pou Gerizon Rasyal la.  Li senp tankou:

  • Òganize yon repa lakay ou. Kreye yon espas pou konvèsasyon onèt (ak ekout!) fèt.
    • Si w pa renmen fè manje, kòmande manje oswa òganize yon repa kote chak moun pote yon bagay toujou yon opsyon!
  • Planifye yon pwomnad katye. Defini entansyon yo epi vini tou pare avèk kèk kesyon pou kòmanse epi ankouraje dyalòg. 
  • Òganize yon rasanbleman nan kote ou fè sèvis adorasyon w. 
  • Mande si w ka rezève yon espas nan kafe restoran prefere w la pou kèk zanmi ka rasanble nan dat 17 janvye a.

Moun vle epi bezwen ke yo envite yo. Epi kèlkeswa nivo entwovèsyon oswa ekstwovèsyon w, yon envitasyon ka yon aksyon solidarite. Se di moun ke yo nan plas yo. Yon envitasyon ouvri pòt pou gerizon fèt. 

Gerizon Rasyal fèt nan ti bagay nòmal toulejou ke w deja ap fè. Kòmanse avèk vwazen w yo. Kòmanse avèk zanmi w yo. Kòmanse dyalòg yo. Piti piti, lè apre lè, nou ka wè mond la chanje.

Minda Corso
Minda is the digital communications manager at the foundation. She is responsible for hands-on execution of integrated digital marketing and communications strategies to support organizational as well as internal and external communications goals and objectives. She works with the communications team to identify, develop and execute digital marketing and communications tactics across the WKKF digital ecosystem. She collaborates with organizational peers and teams to elevate the foundation’s strategies, programmatic priorities, and relationships with priority audiences, including internal staff, grantees and external stakeholders.

    Bousye WKKF yo k ap simen chanjman toupatou nan mond la

    Previous article

    Envesti nan fondatè divèsifye pou chanje ekosistèm nan epi kreye richès jenerasyonèl pou fanm yo ak NIMOK (Nwa, Indigèn, ak Lòt Moun Koulè) yo

    Next article

    Comments

    Comments are closed.