lidèchip

Bousye WKKF yo k ap simen chanjman toupatou nan mond la

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl) Português (Pòtigè)

W.K. Kellogg Foundation Global Fellows Network ap konekte ajan chanjman, lidè opinyon ak enfliyansè ki pran angajman pou yo pote chanjman dirab toupatou nan mond la. Eksplore istwa bousye yo seleksyone yo ki soti nan rejyon kle rezo a: Amerik Latin ak Karayib la, Sid Afrik ak Etazini.

W.K. Kellogg Foundation (WKKF) Global Fellows Network (GFN) se yon kolektif ki kouvri plis pase 40 peyi epi plis pase 1,100 moun – kote tout diplome nan pwogram bous detid WKKF, pase oswa prezan yo. Nan ran yo, genyen lidè kominotè, fonksyonè, edikatè, jij ak doktè. Yo chak gen ekspètiz ak sajès nan kreyasyon chanjman ki pote transfòmasyon nan òganizasyon yo ak kominote yo.

Rezo a pran angajman pou l fè pwomosyon koneksyon, kolaborasyon ak aksyon.

Debra Harry, yon fanm Kooyoee Dukaddo ki soti nan Kooyooe Pah (Pyramid Lake) Nevada, epi ki diplome nan Pwogram Nasyonal Bous Detid Kellogg la te di: “Ofinal, sa n ap chèche se opòtinite pou nou pote transfòmasyon.”

KONEKSYON

Debra Harry se yon moun k ap fè rechèch ki analize lyen ki egziste ant byoteknoloji, pwopriyete entelektyèl ak mondyalizasyon nan sa ki gen pou wè ak dwa pèp otoktòn yo. Li te vin tounen yon bousye WKKF nan lane 1990 yo pandan li t ap etidye byokolonyalis.

Harry di: “Finalman travay sa a pran plis pase anviwon 30 lane nan lavi m… Eksperyans Kellogg Foundation an te pèmèt mwen vin pi ekspoze ak pèp endijèn toupatou nan mond la pou etabli koneksyon.” 

Harry di li te etabli koneksyon tou avèk kominote syantifik la ak lòt ekspè ki te ede l gide pwòp aprantisaj pa l.

KOLABORASYON

Yon kolaborasyon ant bousye WKKF Marco Sosa ki soti Kolonbi ak Zenón Gomel ki soti Pewou te abouti ak yon modèl platfòm sou entènèt ki inovan ki pèmèt ti agrikiltè vann dirèkteman bay konsomatè – yon apwòch ki sipòte dirabilite ekonomik ak sekirite alimantè nan kominote a.

Avèk resous finansye ki limite nan Amerik Latin ak Karayib la, bousye ki nan rejyon an konprann ke kolaborasyon se yon bagay ki esansyèl pou fè pwojè avanse.

“Èske se pa nou tout ki panse ke pwoblèm nou yo san parèy? Men, mwen realize ke se pa vre, pwoblèm yo prèske menm nan tout kominote yo. Men fason pou abòde pwoblèm sa yo diferan nèt epi yo antrene diferan solisyon,” jan Sosa di l.

Pou Hastings Saka, ki soti Lilongwe, Malawi, koneksyon avèk lòt bousye “vle di soutni vizyon W.K. Kellogg,” fondatè Kellogg Foundation an.

Saka te diplome nan Pwogram Lidèchip Sid Afrik Kellogg la, ki t ap fonksyone nan Botswana, Lezoto, Malawi, Mozanbik, Afrik di Sid, Swaziland ak Zimbabwe. Gen plis pase 250 bousye WKKF nan Sid Afrik. Plizyè ladan yo pa sèlman twouve kolaborasyon an atreyan, men yo twouve l nesesè tou pou akonpli objektif komen yo. Etablisman bibliyotèk nan lekòl nan Lezoto yo se yon egzanp.

Saka di ke valè GFN nan se nan moun yo li ye.

Saka di: “Chak èt imen, chak moun ou rankontre se yon resous.”

AKSYON

Pamelya Herndon, yon diplome Rezo Lidèchip Kominotè WKKF la, di ke pwogram nan te prepare l pou yon wòl lidèchip ke l tapral genyen annapre nan Asanble Lejislatif New Mexico a.

Yon ti tan apre li te genyen nan eleksyon lane 2021 an, yo te nome l vis prezidan Komite Taksasyon ak Renvi an. Herndon, yon ansyen avoka prensipal Otorite Fiskal Ameriken an (Internal Revenue Service), te detèmine pou l kolabore avèk, kominike avèk epi enfliyanse moun k ap fè politik yo pou yo konsidere taks yo nan optik tout moun yo reprezante yo. Pandan yon sesyon espesyal nan lane 2022 a, Asanble Lejislatif la te vote pou yo akòde chak fanmi nan eta a yon remiz, jan li te di l.

Herndon di: “Koneksyon nou etabli yo, te fè yon pi gwo enpak sou kominote kote n ap viv yo ke sa nou te ka janm imajine a”.

Finalman, tout bousye yo konnen ke lè se pou kreye chanjman dirab, ki pote transfòmasyon, moun ki viv nan kominote yo dwe enplike nan travay la. Zenon Gomel ki soti Pewou, dakò.

Kounye a, m ap travay nan peyi Pewou sou klasifikasyon etnobotanik kilti andin yo. Sa a pa zafè yon espesyalis. Yon syantifik paka kreye l,” jan Gomel te di l. “Se kominote a ki kreye konesans la.”

Lanse yon rezo mondyal pou chanjman ki pote transfòmasyon

Previous article

Nou envite w: Jounen Nasyonal pou Gerizon Rasyal

Next article

Comments

Comments are closed.