Sistèm AlimantèTravay

Itilizasyon yon Pak nan Zòn Imid pou fòme Fòs Travay Pwofesyonèl Chanjman Klimatik nan New Orleans

0

This post is also available in: English (Angle)

Kankou anpil lòt, lè COVID-19 te fè Fabien Harper pèdi travay li nan yon konpayikoupe zèb ak bèl jaden, li te rekòmanse panse sou mwayen pou l fè lavi l.

Harper di : “Mwe pran yon machin pou m koupe gazon ak yon aparèy pou manje move zèb e m te kòmanse koupe.”

Byen vit, li te konstri yon kliyantèl moun ki gen kay men se sa pa t ase pou l peye lwaye ak lòt depans regilye l. Pandan l ap chèche ogmante lajan l ap fè, devlope ekspètiz li, a grandi biznis li a, li te jwenn yon patnè nan yon pak ki nan zòn imid ki mezire 40 kawo ki twouve l nan yon ansyen etan, nan yon kwen ki t ap bouje anpil nan Lower 9th Ward. 

Harper te enskri nan yon kou nan Delgado Community College pou l te aprann kòman pou l fè plan gazon yo pou l diminye konsekans dlo lapli k ap fè ravin. Kou sa a te fè l vin konnen Sanfoka Wetland Park, kote elèv yo ka resevwa sètifika jesyon dlo pwòp nan mitan mòn ki gen gazon l lan ak nan pyebwa ki pouse poukont yo nan Louisiana. 

“Nou wè espas sa a kòm yon motivasyon pou fè plis,” Rashida Ferdinand di, li se direktè jeneral Sankofa Community Development Corporation, yon òganizasyon benevòl k ap jere pak la e ki te lanse pwogram pilòt sètifika a nan lane 2023 ak Delgado Community College. Ferdinand bay pak la non yon teren fòmasyon pou fiti syantifik, espesyalis anviwònman ak pwopriyetè biznis ap vini yo ki konsantre sou kapitalize sou bagay espesyal New Orleans genyen antanke yon vil ki antoure ak dlo, sitou fas ak chanjman klima a. 

Harper di : “Yo raple m mwen sou bon wout la,” li di tou ke li te aprann travay sou teren ki pouse zèb poukont yo a ki ralanti eboulman epi kreye rezistans kont siklòn k ap vin pi fò.“Fòmasyon ak diplòm yo banmwen an bay biznis mwen yon avantaj nan konpetosyon an paske l koresponn ak sèvis jesyon dlo lapli.

Sankofa, ki vle di “retounen al chèche l” nan lang Akan an nan peyi Gana, depi lontan apwoche zafè revitalizasyon kominotè nan tout fòm li. Anplis de jesyon pak nan zòn imid yo, òganizasyon an jere yon depo manje e l fè plan pou fason l ap atire biznis nan sektè komèsyal Lower 9th Ward la.

Pwogram Pilòt Sètifika pou Dlo Pwòp la se premye gwo pa nan ogmantasyon envestisman nan ekonomi vèt (anviwonman) ak ble (dlo) nan New Orleans. Ekonomis ak defansè vil la di vil la ka pran latèt nan kesyon travay ki koresponn ak jesyon anviwònman natirèl nan zòn iben yo. 

Objektif la se pou “elèv” ki nan popilasyon defavorize nan vil la epi fè yo konnen posibilite sa la pou yo,” Khalid Gross di, li menm ki se direktè devlopman biznis ak endistri nan Delgado. “Nou reyalize pati sa a lè nou prezante elèv nou yo opòtinite sa a.”

Menm jan ak lòt rejyon nan New Orleans, Lower 9th Ward poko fin leve kanpe nèt aprè Ouragan Katrina lane 2005 lan. Prèske 35% kominote a ap viv pi ba limit liy pòvte gouvènman federal la e gen plis pase 20% nan katye ki reprezante yon bagay espesyal ki vid. 

Ferdinand di, nan diferans sa a, gen opòtinite. Li te konsidere pwogram pilòt la a tankou yon modèl ki reprezante sa yon patenarya tèt ansanm ant de etablisman ki panse menm jan – Sankofa ak Delgado – ka fè. Sa reprezante yon opòtinite pou Sankofa travay nan tèt ansanm ak lòt pwogram devlopman mendèv ak enfrastrikti edikasyonèl vèt yo k ap travay nan tout vil la. 

Sankofa Wetland Park ka yon espas kote elèv yo fè aprantisaj pratik nan kou ki fèt deyò nan anviwònman natirèl.

“E si nou ta gen yon vrè espas aprantisaj kote moun t ap ka patisipe nan atelye fòmasyon ki gen rapò dirèk ak travay? Sa t ap bay pi bon rezilta si pwogram pilòt sa a t ap ka grandi pou l vin yon espas satelit pèmanan ki akeyi pwogram fòmasyon pou travay ki gen rapò ak pwoteksyon anviwònman ak patnè ki angaje yo,” l di.

Gen 47 moun ki diplome nan pwogram pilòt jesyon dlo pwòp la; objektif la se pou 200 elèv resevwa fòmasyon nan de ane k ap vini yo epi mete 80% ladan yo nan travay ki lye ak klima. Ak travay nan domèn pwoteksyon anviwònman an k ap kòmanse peye ant $23,000 ak $61,000 chak ane, Sankofa evalye karyè sa yo t ap ka ogmante revni mwayen yo epi ajoute 9.8 milyon dola nan ekonomi lokal la chak ane. 

Gross di: “Toudabò, nou dwe konsyantize piblik la sou enpòtans sektè sa a genyen pou vil la. Donk, nou gen elèv ki ka gen kèk enterè (nan karyè nan domèn pwoteksyon anviwònman an), men yo pa fin konprann tout detay sou kisa sa vle di.” 

Nan yon aprè midi kote solèy la byen klere nan mwa oktòb, yon gwoup douz etidyan Delgado Community College t ap pwonmennenn bò dlo nan Sankofa Wetland Park. Pwofesè yo te montre yo pyebwa natif-natal nan Louisiana – siprè chòv, pye sitwouy, tupelo – epi esplike sik lavi yo ak enpak yo gen sou konsèvasyon tè a. Apresa yo koupe ti branch nan yon siprè chòv pou yo te aprann kouman pou yo fè nouvo pyebwa pouse ak sa yo koupe yo. 

Lè kou a t ap fini, yon elèv Delgado, Kayla Martin, te pwononse l sou sa l te aprann nan. Li te antre nan pwogram nan kòm yon kou l te chwazi nan pwogram fòmasyon li ye nan Soudi a. Kounye a li ta renmen fè kilti nan kèk jaden poukont li nan batay kont chanjman klimatik. 

Li di Sankofa montre l pouvwa ki gen nan sèvi ak “anviwònman natirèl la pou anseye moun fason pou pran swen tè a.”

Obligasyon sosyal ankouraje inovasyon ak konble vid istorik pou timoun, fanmi yo, ak kominote yo

Previous article

Comments

Comments are closed.