EdikasyonPolicy

Nouvo Sant Nasyonal pou Gadri ak Mendèv pou Edikasyon an se yon viktwa pou fanmi yo – e pou nou tout nèt.

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Pandemi COVID-19  la te louvri je moun sou prekarite finansyè fwaye Ameriken yo. Yon sèl kriz oswa lisansiman tanporè mete anpil fanmi nan sitiyasyon riske kote yo ka pèdi kay yo, swen sante oubyen edikasyonèl pitit yo. Li te tou fè moun wè – ak anpire – kriz nan kesyon gadri nan peyi a. Anvan pandemi an, anpil fanmi t ap goumen pou peye pou gadri menmsi travayè gadri yo pa touche ase pou yo ta genyen estabilite finansye. Men kou pandemi an te frape, anpil gadri te oblije fèmen paske pa t gen ase enskripsyon, akoz enkyetid pou sante moun yo oswa anplwaye yo te pèdi. Lè gadri yo te fèmen tanporèman, anpil anplwaye te chèche lòt travay, sa te diminye popilasyon travayè gadri yo ki te ka retounen lè sant gadri yo te relouvri. E yo p ap retounen. Depi nan kòmansman ane 2020 an, sektè gadri a te pèdi prèske 80,000 anplwa, oubyen apeprè 7.5 pousan mendèv li, akoz pandemi COVID-19 la. Mankman nan mendèv travayè gadri sa a te koze ke kèk paran te sispann fòs travay la paske gadri pubyen twò chè, oubyen disparèt. Lòt paran ki pa t gen opsyon pou yo pa travay yo te oblije fè konpwomi ant swen ki san danje e ki bon kalite pou pitit yo ak sitiyasyon ekonomik fanmi yo.

Gen lòt pwoblèm ki te vin fè l pi konplike pou etablisman k ap jere pwogram pou timoun piti yo. Règleman ak kondisyon pou gen lisans pou ouvri yon konpayi, pandan l nesesè pou garanti kalite, kreye obstak pou antre ki fè l difisil pou ti biznisman yo ouvri pwòp nouvo gadri pa yo. Epi Etazini se toujou youn nan kèk peyi sou latè ki pa sibvansyone edikasyon pou timoun piti, e sa rann li prèske enposib pou moun ki gen gadri yo touche yon salè nòmal pandan y ap kenbe sèvis la nan yon pri fanmi mwayen yo ka peye.

Se pou sa a desizyon Depatman Sante ak Sèvis Imen an (« HHS » an n anglè), gras a Biwo pou Timoun ak Fanmi yo, ap lanse premye Sant Nasyonal pou Gadri ak Mendèv pou Edikasyon (« ECE » an n anglè) an si enpòtan. L ap kowòdone ak bay asistans teknik epi l ap fè rechèch solid nan tout peyi a pou anboche ak kenbe yon fòs travay ECE ki divès, kalifye, ak efikas. Dapre anons HHS, “Aktivite rechèch ak asistans teknik ECE Workforce Center a ap travay ansanm pou: 1) kreye yon wout karyè pou mendèv nan kad swen ak edikasyon timoun piti, sa genyen sipò pou akeri konpetans ak diplòm pandan n ap kenbe divèsite djanm nan sektè gadri a; epi 2) idantifye ak aplike metòd k ap dire pou ogmante salè ak benefis yo.”  

Gras a yon pwosesis konpetitif, gouvènman federal la te chwazi sis òganizasyon pou yo lanse ansanm ECE Workforce Center a epi reyalize objektif li yo. Kat nan sis benefisyè yo se benefisyè W.K. Kellogg Foundation, e tout sis òganizasyon yo te pran latèt nan travay defans nasyonal pou sansibilize moun konsènan nesesite pou envestisman gouvènman federal nan edikasyon timoun piti. Men kat benefisyè WKKF yo: 

The BUILD Initiative se patnè dirijan eta ak kominotè nan tout peyi a pou fè pwomosyon sistèm sèvis ekitab, bon kalite pou timoun yo ak fanmi yo ki pèmèt jèn timoun yo fè siksè epi aprann. L ap travay ak dirijan eta yo pou kreye règleman, enfrastikti ak kontak nan ajans ak òganizasyon yo pou fè al pi lwen pwogram konpreyansif, ekitak, gwo kalite , sèvis ak sipò pou jèn timoun, fanmi ak kominote yo. Travay pledwari yo a konsantre sou ede dirijan yo reflechi ak aji sistemikman pou lite kont disparite ak elaji rezo yo epi aji.

Sant Etid sou Travay nan Gadri a (“CSCCE” an n anglè) nan UC Berkeley se lidè asyonal depi 1999 nan rechèch ak règleman nan kesyon gadri ak edikasyon pou timoun piti, li bay analiz sou preparasyon, kondisyon travay ak lajan mendèv ECE yo. Li devlope règleman ki solisyon, epi kreye espas pou activism nan ansèyman, aprantisaj ak edikasyon. CSCCE fenk sot pibliye rapò l ki evalye pou chak eta fason yo itilize lajan American Rescue Act la ak posibilite pou panse ak aji diferamman sou kouman pou distribye resous edikatif pou timoun piti. Djanm sou Konpansasyon pou Kominote Aprantisaj Edikasyon pou Timoun Piti 2022: Lessons from State Actions pataje leson yo aprann sou teren an.

Child Trends fè rechèch ki endepandan e k ap pèmèt yo pran desizyon ki dekri ak analize kouman sa ye pou timoun, jèn ak fanmi yo. Li gen pwogram asistans teknik ki baze sou prèv, epi li kominike klèman rezilta yo bay moun k ap kreye règleman yo ak pratikan yo yon fason yo ka jwenn aksè ak fason k ap pèmèt yo pran desizyon. Li dirije yon seri aktivite tou pou ede òganizasyon yo amelyore efikasite sèvis dirèk yo. Child Trends pral dirije Sant Mendèv ECE a, kote l pral dirije nouvo sant rechèch la ak operasyon nouvo sant lan.

ZERO TO THREE demontre kapasite l nan syans devlòpman timoun piti nan nouvo pwogram, fòmasyon ak resous dènye modèl ak solisyon règleman ki adapte. Antanke yon òganizasyon ki depann de manm, li ofri yon kominote ki dinamik, ki konekte pou pwofesyonèl nan disiplin diferan ki konsantre sou devlòpman timoun ki pran angajman pou fè yo pwogrese nan konesans ak konpetans yo. L ap travay pou l kreye chanjman dirab, transfòmasyonèl pou timoun, fanmi yo, ak avni nou tout.

De lòt òganizasyon k ap dirije Sant Mendèv ECE a se Institute for Early Education Leadership and Innovation at UMass Boston ak the Delaware Institute for Excellence in Early Childhood ki nan Inivèsite Delaware. Toude se eleman k ap chanje sistèm nan e yo gen yon long istwa nan rechèch, edikayon epi bay founisè yo done ak zouti pou amelyorasyon sant, anplwaye ak paran ECE yo. Enstiti ki nan Umass nan Boston an konsantre sou devlòpman ak sipò mendèv pou edikasyon timoun piti ki gen divèsite rasyal ak lengwistik, pandan ke Enstiti pou Ekselans nan Inivèsite Delaware la vini ak yon seri pwojè sibvansyon, eksperyans aprantisaj pwofesyonèl ak pwojè rechèch.

Pandemi an te fè l enposib pou inyore koneksyon ant siksè ekonomik konpayi yo ak posibilite pou anplwaye yo jwenn gadri ki san danje, ki bon kalite e ki fyab. Pou nou retounen sou pye nou nèt apre chòk ekonomik nan ane ki sot pase yo e pou nou vin pi rezistan, nou dwe bay fanmi yo stabilite – espesyalman, lè nou fè yo konnen ke pitit yo gen aksè a swen e edikasyon ki san danje e ki ekitab. Lansman nouvo Sant Mendèv Nasyonal pou Swen ak Edikasyon Timoun Piti a se yon etap esansyèl pou reyalize objektif sa a.

Li Plis

Comments

Comments are closed.