lidèchip

Lidèchip Kolektif ak Aksyon Jodi

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl) Português (Pòtigè)

“Pou lidè yo ka efikas, fòk nou fè travay la ansanm. Lidèchip ki rekonèt epi reflete entèdepandans, entegrasyon, kolaborasyon, rezotaj, yon veritab patenarya ap gen plis siksè lontan ... epi l ap pi dirab lontan pase lidèchip ki repoze sou yon sèl moun oswa sou yon sèl ekspè nan sijè a.”

Paul Martinez, chèf estratèj lidèchip ak kapital imen an, pale sou lidèchip antanke yon pwosesis sosyal, siyifikasyon lidèchip kolektif, pwa mantal ke lidè yo pote epi fason tout sa yo lye ak W.K.Kellogg Foundation Global Fellows Network.

KONEKSYON

Yo ka wè lidèchip sou plizyè fasèt, ki gen ladan yo yon fasèt izole, men gen pouvwa nan konekte ak epi aprann nan men moun ki viv diferan eksperyans. Mwen konnen gen lidè lokal, ki gen ladan yo plizyè bousye W.K. Kellogg Foundation (WKKF), ki santi ke y ap travay yon fason izole oswa ke yo poukont yo nan kominote respektif yo. Li pwobab ke pandemi an anplifye santiman sa yo, pandan ke l kreye plis ijans tou pou lidèchip yo a.

Se poutèt sa rezo sa a enpòtan konsa pou lidè nou yo ak travay y ap fè a. Global Fellows Network (GFN) WKKF la konpoze ak moun ki reflechi menm jan, ki reve gran epi ki vle kreye chanjman nan kominote yo. Kidonk, mwen ankouraje bousye nou yo pou nou antre nan rezo a epi konekte avèk kanmarad nou yo toupatou nan mond la. Pote konpetans ou, konesans ou, kapasite w, pasyon w ak eksperyans ou viv yo. Nou valorize w, pa sèlman pou kapasite w pou w kontribye nan kreyasyon chanjman an, men tou antanke moun.

KOLABORASYON

Lè nou chanje fason nou panse soti nan lidèchipantanke endividi pou ale nan lidèchip nan kad yon pwosesis sosyal, nou kòmanse rekonèt ke nou sou yon chimen komen pou pote chanjman. Malgre sa, antanke yon rezo lidè mondyal, nou lokalize nan diferan kote sou chimen sa a epi nou ka menm ap travay sou diferan pwoblèm.

Nou te kreye W.K. Kellogg Foundation Global Fellows Network an pou nou fè espas pou yon konpreyansyon ki pi pwofon sou pwoblèm nou yo epi pou nou travay ansanm antanke kolektif pou kreye yon mouvman chanjman.

Kondisyon ki fè yon enpak sou byennèt timoun nou yo, fanmi nou yo ak kominote nou yo rezide nan yon ekosistèm ki pi gwo. Men li dwe enklizif ak kolaboratif. Nou dwe mande tèt nou kiyès n ap envite pou reflechi sou ekosistèm sa a ak fason li entèkonekte. Èske se moun ki deja sou pouvwa yo oswa èske n ap bay moun ki sibi enpak desizyon nou yo lapawòl?

Mwen konnen mwen paka fè chanjman nan nivo politik la, nan nivo gouvènmantal la, nan nivo edikasyon an oswa nan nivo sistèm sante a sof si mwen nan patenarya ak moun ki sou pouvwa yo. Kidonk, mwen dwe devlope relasyon ak patenarya epi travay nan kolaborasyon ak moun sa yo pou kreye chanjman ak enpak dirab.

AKSYON

Si gen yon bagay ki inebranlab, se devouman bousye nou yo pou kominote yo. Antanke Prezidan Direktè Jeneral La June Montgomery Tabron di, “Lè w gade sa bousye yo ap fè, sa bay enspirasyon men fason yo aktif la pa yon sipriz.”

Men lidèchip se yon fado ki lou pou pote, espesyalman lè w ap travay pou chanje sistèm ak estrikti ki anrasinen yon fason pwofon epi ki entegre epi pou fè yo pi ekitab pou timoun yo ak fanmi yo.

Yon bagay ke mwen aprann se ke lidè yo paka sèvi kominote yo si yo pa konplè yo menm. Mwen ankouraje nou pou nou angaje nan pratik ki rajeni nou sou plan mantal, fizik, emosyonèl, espirityèl epi sosyal. Nou dwe fè sa pou tèt nou -epi nou dwe etann li sou lòt moun. Nou konnen dapre eksperyans nou viv epi nan travay avèk lidè, espesyalman sa ki konsantre sou jistis sosyal ak ekite rasyal yo, ke lidèchip gen yon enpak. Sèvi tèt ou, pou w ka sèvi lòt moun.

Lyen Asosye yo

Lopital pou timoun yo itilize yon apwòch holistic pou ede nouvo manman ak tibebe

Previous article

Lanse yon rezo mondyal pou chanjman ki pote transfòmasyon

Next article

Comments

Comments are closed.