lidèchip

Lanse yon rezo mondyal pou chanjman ki pote transfòmasyon

0
Global Fellows Network

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl) Português (Pòtigè)

Pandan nou te pran wout pou fè yon etap pou re-imajine rezo bousye yo (ki rele kounye a the W.K. Kellogg Foundation Global Fellows Network), li te enpòtan pou nou pou gen moman “Sankofa” — retounen nan lepase epi pou nou te mennen sa ki itil la nan moman prezan an. La June Montgomery Tabron—Prezidan Direktè Jeneral (CEO) fondasyon an, ap fè konnen refleksyon li yo sou eritaj Mesye Kellogg, fason sa fòme sa n ap fè jodi a, ak enpak li pral genyen sou avni  Global Fellows Network.

KONEKSYON

Pandan plis pase 90 zan, Kellogg Foundation te travay pou kreye chanjman ki dire anpil tan pou timoun. Kle pou reyalizasyon objektif nou se devlopman lidè ki gen enfliyans sou sistèm ak estrikti ki gen enpak sou timoun yo ak fanmi yo. Premye pwojè Mesye Kellogg apre li te kòmanse fondasyon an, Michigan Community Health Project (pwojè amelyorasyon sante kominote Michigan) te reyini lidè yo ki te soti toupatou nan kominote a pou konsantre sou pwoblèm sante ak byennèt timoun yo te genyen. Nan ane ki vini apre yo, nou te envesti nan pwogram orijinal yo ki te konekte lidè yo ki te konsantre sou sèten pwoblèm nan lemonn.

Jodi a, nou konekte lidè sa yo avèk W.K. Kellogg Foundation Global Fellows Network. Gen plis pase 1,100 nan bousye sa yo nan plis pase 40 peyi, nan Etazini, Sid Afrik, Amerik Latin ak Karayib la ak tribi souveren yo, epitou y ap atake pwoblèm ki pi konplèks yo nan byennèt timoun yo pou opòtinite ekonomik, sistèm alimantè yo, ekite rasyal ak plis lòt. 

Angajman komen yo te kreye yon ekosistèm lidè k ap transfòme lavi toutotou lemonn, ansanm ak pwòp lavi mwen, epitou yo se yon pwolongasyon vizyon fondatè nou. 

Nou tande bousye nou yo k ap di toutan bous detid la te chanje lavi yo, epoutan te gen plis travay yo te vle fè alafwa sou plan endividyèl ak angwoup. Global Fellows Network deziyen pou vin bato sa a pou chanjman lè nou ankouraje koneksyon youn avèk lòt epitou lè nou kontinye antreteni kwasans ak enpak sou sosyete a.

KOLABORASYON

Se yon bagay pou wè entèlijans anpil bousye k ap sèvi kominote yo chak apa, men se yon lòt pou wè yo reyini fòs yo pou akselere chanjman. Youn nan bagay ki pi enpòtan nou kapab fè nan fondasyon an, se rekonesans pouvwa, konesans ak kapasite pou chanjman chita deyò nou – se nan kominote a epi se nan moun yo. Definisyon lidèchip antre afon nan ADN WKKF, epi li retounen pou Mesye Kellogg ak valè li yo.

Nou te wè enpak kolaborasyon rezo nou pandan moman enpòtan yo nan istwa nou – depi bousye Sid Afrik nou yo ki te pare pou dirije apre fen Apated la pou rive nan dènye bousye nou yo nan Etazini ki te reyini fòs yo pou sipòte moun yo apre ansasinay George Floyd.

Lè w ap chèche sinonim pou collaboration (kolaborasyon), w ap jwenn mo tankou “combine” (melanje), “get together” (reyini), men sa mwen pi renmen an se “team” (ekip). Se egzakteman fason mwen konsidere Global Fellows Network — yon mouvman makè chanjman endividyèl ak yon fòs global pou chanjman nan transfòmasyon ansanm.

AKSYON

Nan WKKF, nou kwè chanjman fèt epi sipòte avèk moun, men se moun ki fè ak antreteni yon bon jan òganizasyon. Global Fellows Network se yon pati entegral sa ki fè ak sipòte kapasite WKKF pou fè chanjman nan transfòmasyon Se yon rezo lidè k ap travay ansanm pou fè ak sipòte chanjman pozitif nan pwòp kominote yo ak toupatou nan lemonn. Nan kontèks sa a, se yon eritaj toutbon W.K. Kellogg limenm kite.

Lè nou analize sa bousye nou yo ap fè–epi kote y ap fè sa jodi a–mwen gen lespwa pou timoun nou yo ak fanmi nou yo (insert link to map here). Bousye nou yo repati toupatou nan lemonn epi yo itilize anpil konesans, espètiz, vizyon ak lide pou kreye kondisyon ki pi ekitab pou timoun yo grandi.

Nan kontèks sa a, se yon eritaj toutbon W.K. Kellogg limenm kite.. Lè nou analize sa bousye nou yo ap fè–epi kote y ap fè sa jodi a–mwen gen lespwa pou timoun nou yo ak fanmi nou yo. Bousye nou yo repati toupatou nan lemonn epi yo itilize anpil konesans, espètiz, vizyon ak lide pou kreye kondisyon ki pi ekitab pou timoun yo grandi

Lyen Konèks

Lidèchip Kolektif ak Aksyon Jodi

Previous article

Bousye WKKF yo k ap simen chanjman toupatou nan mond la

Next article

Comments

Comments are closed.