fbpx
Ekite Rasyallidèchip

Lidè vizyonè yo sezi okazyon sa pou relve defi a

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Nan peryòd kriz san parèy sa a, kominote yo konte sou lidè lokal ki byenveyan e ki konpetan pou ede konble disparite yo epi pote chanjman pozitif.

Depi kreyasyon li, yon eleman kle fondasyon an se devlopman lidè lokal yo. Katreven (80) divès lidè ki dinamik yo ki soti toupatou nan peyi Etazini ak nan tribi souveren yo, ki reprezante Rezo Lidèchip Kominotè W.K. Kellogg Foundation lan (W.K. Kellogg Foundation Community Leadership Network, WKKF CLN) ansanm avèk Center for Creative Leadership® la, egzanplifye fòs yo pote nan kominote yo nan yon peryòd kriz.

"Gen plizyè moun ki nan difikilte. Moun yo pa vle tande ke ou pa kapab fè. Yo vle wè sa ou kapab fè. E se la a nou te temwaye fòs nou, nou te montre nou kapab reyisi travèse kap sa a – nou te anmezi pou nou adapte nou, kominike epi delivre."

Patrick Young, New Orleans, Class Two fellow

Avèk kòwòt ki sitiye Michigan, Mississippi, New Mexico ak New Orleans – zòn priyoritè pou fondasyon an – ak yon kòwòt nasyonal, bousye Dezyèm Klas WKKF CLN yo tounen yon rezo tou pare pandan kominote yo reyaji parapò ak inegalite sistemik ke pandemi a vin ekspoze.

Lidè lokal sa yo ap maksimize eksperyans yo viv yo ak kapital sosyal yo pou ede kominote yo retabli ak rekonstwi.

Menm kounye a, bousye yo ap travay pou defann resous ak sipò ekitab pandan y ap sibi efè akoutèm e alontèm pandemi a. Men kèk pwen enpòtan sou fason bousye yo ap pote kole nan kominote yo:

Yo te nonmen Celeste Sanchez Lloyd ki avèk Kowòt Michigan (Michigan Cohort) la nan Gwoup Travay Kowonaviris sou Disparite Rasyal Michigan (Michigan Coronavirus Task Force on Racial Disparities).

Yo te nonmen bousye Leroy Silva ki soti New Mexico pami pwomosyon 2020 Amerendyen 40 ki gen mwens ke 40 lane yo nan Sant Nasyonal pou Devlopman Antrepriz Amerendyen (National Center for American Indian Enterprise Development).  Silva vin fè pati gwoup bousye distenge WKKF CLN Class One yo, ki gen ladan yo Ventura Lovato.

Duane “Chili” Yazzie yon manm tribi Nasyon Navajo a te pale ak Radyo Piblik Nasyonal (National Public Radio)  osijè ensekirite alimantè ak peniri dlo potab la – sa ki vin ekspoze fason pandemi an ap devwale inegalite pwofon ki egziste nan kominote Otoktòn yo.

Nan Nouvèl Òleyan, bousye yo ap adrese nouvo bezwen ki vin genyen nan tout vil la. Yo fòme fon sipò ekonomik, yo founi teknoloji pou timoun lekòl yo, yo òganize fowòm vityèl pou chèche travay epi yo ofri rekòmandasyon estratejik ou priyorite sipò yo.

Nan Mississippi, bousye yo mete ansanm pou pataje vwa yo konsènan drapo eta a, bezwen pou chanjman ak rekonsilyasyon rasyal la. An Novanm 2020, Mississipyen yo te apwouve yon referandòm deta pou adopte yon nouvo drapo pou eta a, ki pa genyen yon senbòl Konfedere ankò.

Nan pwomosyon an, bousye yo te fòme natirèlman yon Gwoup Alye Blan pou eksplore kijan rasis ak yon sosyete divize sou ras te gen enpak sou tout moun ak kijan yo kapab itilize enfliyans yo pou adrese pwoblèm sa yo nan pwòp fanmi yo, nan pwòp òganizasyon yo ak nan pwòp kominote yo.

Jodiya, lidè dinamik ki gen pèspektiv divès yo, esansyèl pou retablisman ak rekonstrikyson kominote nou yo. Sa gen ladan l, lidè tankou sa yo ki nan Rezo Lidèchip Kominotè WKKF la — avèk tou plis pase 1,700 ansyen bousye WKKF— ki entegre nan kominote yo atravè monn lan.

Fas ak defi enprevizib sa yo, se sèl lidè vizyonè ki ka kreye yon avni ki pi egal ak ekitab.

"Travay nou antanke bousye Rezo Lidèchip Kominotè WKKF la se yon travay konstitisyonèl. Li reprezante yon ekspansyon definisyon ki moun nou ye a, ‘noumenm pèp la’ avèk tou pwoteksyon definisyon sa a, pou l enkli nou tout."

Albert Sykes, Mississippi, Class Two fellow

LIDÈ NASYONAL, AJAN POU CHANJMAN TRANSFÒMASYONÈL

Nan ane 1930 yo, Pwojè Sante Kominotè Michigan (Michigan Community Health Project, MCHP) WKKF la abilite lidè fòmèl ak enfòmèl yo — soti nan agrikiltè rive nan pwofesè lekòl, paran ak travayè sosyal yo.

Yo chak te yon gid pou timoun yo, kote yo te ede elaji opòtinite edikatif yo, aksede a swen sante epi founi bon kalite nitrisyon.

MCHP a te tounen yon modèl nasyonal pou sistèm sante piblik la epi li te solidifye yon metòd devlopman lidèchip ki te ankre nan kominote a. Pandan nèf pwochen deseni yo, fondasyon an te vin envesti nan pwogram devlopman lidèchip yo, onivo mondyal. Prensip ki te gide nou an pandan tout tan sa a se konviksyon ke toulèjou, lidè ki prezan nan kominote yo ak sa ki soti nan kominote yo byen konnen reyalite vwazen yo ap konfwonte yo epi yo konnen tou pi bon fason pou angaje kominote yo pou jwenn solisyon dirab.

Eritaj fondasyon an nan devlopman lidèchip ki gen plis pase dis lane deja, kouvri plizyè jenerasyon, kontinan ak sektè.

Yon kwonoloji envestisman WKKF nan devlopman lidèchip.

Soti depi nan Seminè Salzburg yo rive nan ekspansyon sistèm swen sante nan tan lagè yo nan Amerik Latin, Karayib la ak Afrik Disid nan ane 1940 yo; nan envesti nan administratè edikasyon siperyè nan ane 1950 yo; nan sipòte agrikilti ak pwogram devlopman lidèchip 4-H yo nan ane 1960 ak 1970 yo; nan devlope jèn pwofesyonèl enfliyan atravè Pwogram Lidèchip Nasyonal Kellogg la nan ane 1980 yo; rive nan Pwogram Lidèchip Nasyonal Kellogg la nan ane 1990 yo; ak kreye rezo lidèchip solid nan kòmansman ane 2000 yo.

Jiska dat, gen plis pase 2,800 moun ki soti nan omwen 53 peyi ki asosye ak pwogram aktyèl ak ansyen pwogram lidèchip WKKF yo. Milye lidè lokal sa yo ki soti nan kominote atravè mond lan, te adrese disparite yo nan edikasyon, nan sante ak nan opòtinite ekonomik ke timoun ak fanmi yo konfwonte kote y ap viv la.

Pami ansyen bousye pwogram WKKF yo, genyen jij, doktè, prezidan inivèsite, jounalis de renome nasyonal – ak yon Direktè Sèvis Sante nan peyi Etazini.

EKITE RASYAL, REKONSILYASYON RASYAL AK SOLIDARITE POU KOMINOTE YO KOUNYE A

Bousye WKKF CLN yo ak ansyen patisipan yo gen konviksyon ke ekite rasyal ak rekonsilyasyon rasyal se pwoblèm ki pi presan ke timoun ak fanmi nan kominote yo ap fè fas, jounen jodiya. Disparite rasyal ap ekspoze nan plizyè domèn e si sa pat ase, inegalite sa yo jwenn sipò atravè vyolans ak manifestasyon sosyal.

Nou bezwen dè lidè byenveyan ki ka rive reyini tout moun pou rezoud pwoblèm ki pi konplèks nou yo.

Nan plizyè sans, bousye WKKF CLN yo te byen ekipe pou tan prezan an. Yo te eksplore fason ke rasism ak prejije manifeste yo nan kominote yo ak nan sosyete jeneral la. Yo te mache kòt-a-kòt avèk youn lòt nan pakou rekonsilyasyon sa yo. Mete ansanm pou fòme yon kolektif pèspektiv divès — ki reprezante kominote yo — pou fòme solisyon kreyatif ki onore sajès lokal ak resous yo.

Chanjman rive nan menm rapidite ak konfyans. Lidè sa yo pèsonifye konpetans prensipal yo pou devlope konfyans ak rapò otantik. Yo gen ladrès nesesè pou fasilite rekonsilyasyon, pou angaje divès kominote epi pou deklanche mouvman ki kreye chanjman sistemik.

Rezo lidè kouraje sa yo gen matirite pou konstwi yon avni kominote nou yo merite.

"Lè nou se gerisè, noumenm antanke lidè yo, lè sa a nou kapab simaye gerizon sa a bay plis moun pandan n ap eseye etabli solidarite rasyal ak ekite rasyal nan peyi Etazini e aletranje."

Kristyna Jones, New Orleans, Class Two fellow Tweet

Líderes visionarias y visionarios a la altura de las circunstancias

Previous article

Strong relationships and big ideas catalyze philanthropists of color

Next article

Comments

Comments are closed.