This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)
Ogmante revni Moun Nwa pou yo sanble ak pa moun ki nan vil ki menm jan e ki aspirasyonèl tou t ap elimine diferans revni ki baze sou ras nan New Orleans epi, ajoute plizyè milya nan ekonomi lokal la, daprè sa yon rapò The Data Center.
Rapò sa a ki titre “Enpak Ekonomik Yon Ogmantasyon Revni ta ka genyen pou Moun Nwa yo nan New Orleans” dekri enjistis rasyal ki gen nan kesyon richès. Olye l konsantre sou gwo enjistis ki gen ant revni moun Blan ak Moun Nwa nan New Orleans, li bay rezon ki fè yo dwe ogmante revni Moun Nwa nan New Orleans pou l koresponn ak revni moun Nwa nan vil ki menm jan tankou Atlanta, Charlotte, Houston, Nashville ak Orlando.
Menm si sa ka sanble yon bagay k ap fèt an n etap e ki mwens anbisye ke eliminasyon diferans nan revni ki baze sou ras, se yon premye etap reyalizab, daprè Lamar Gardere direktè egzekitif The Data Center, yon òganizasyon rechèch endepandan ak benefisyè WKKF.
Li di: “Nou konnen li posib paske moun sa yo fè sa deja. Men gen yon bagay ki pa mache isit la.”
Nan 20 dènye ane yo, plis Moun Blan nan New Orleans monte nan senkyèm premye gwoup moun ki touche plis lajan, pandan fanmi Nwa yo desann nan senk dènye gwoup ki pi ba yo, daprè sa analiz sant lan demontre.
Si New Orleans ta ka ogmante revni Moun Nwa tankou nan Houston, an jeneral, nivo ekonomi an t ap monte jiska 3.3 milya dola chak ane, daprè analiz The Data Center. Fè l koresponn ak Atlanta, e rezilta a ap monte nan 5 milya dola.
E tout senk gwo rejyon metwopoliten nou konpare yo gen mwens enjistis lontan onivo revni ki baze sou ras pase New Orleans, sa ki kore apwòch etap pa etap la.
Posibilite pou gen yon ekonomi ki solid ke minorite ap motive nan New Orleans, ki tou ka rivalize (kaf è fas-a-fas) ak lòt vil yo “vin yon bagay ki pi fasil pou wè, e pi difisil pou inyore lè w fè konparezon sa a,” daprè Gardere.
Rapò sa a baze sou rechèch Business Case for Racial Equity pou New Orleans nan lane 2018 ki dekouvri ke vil la ka antre 43 milya dola grasa pwodiksyon ekonimik si yo elimine inekite rasyal. The Data Center te yon patnè nan rechèch sa a e depi lè sa a, l ap analize mwayen pou rive antre lajan sa yo pa mwayen liv blan sou Systemic Inequity Collection li genyen yo.
Nan dènye rapò l la, The Data Center bay rezon ki fè ke lè w ogmante salè minimòm nan, se yon kòmansman pou rive atenn pwosperite ekonomik. Louisiana se youn nan senk eta ki pa gen yon salè minimòm sa ki fè li gen salè minimòm gouvènman federal la, ki se $7.25 pa èdtan. Li se youn tou nan tout eta nan peyi a ki gen plis moun ki touche salè minimòm, ekidonk, enpak ogmantasyon salè minimòm lan tap pi fò si s ata fèt.
Si gen plis sendika òganize, sa ap kontribiye pou vin gen plis pi gwo revni. Pandan patisipasyon nan sendika te diminye nan dènye 50 ane yo e sendikalism òganize pa t janm gen popilarite nan vil ki nan sid yo, yo koumanse gen plis sipò, e yo menm gen senatè Repibliken nan Arkansas ak Florid ki sipòte yo.
Anplis, New Orleans prè pou l envesti nan endistri ki kapab rann ogmantasyon salarial pou moun ki touche mwens yo fèt pi rapid. Tankou, nan konstriksyon ak nan izin fabrikasyon.
Gen limit nan konparezon ki ka fèt ant New Orleans ak lòt vil nan sid yo, dapre Gardere. Gen lontan ke Atlanta se yon sant kiltirèl ak opòtinite ekonomik pou moun Nwa. Houston gen endistri petwòl ak gaz la. Charlotte se yon santral rechèch ak inovasyon, epi endistri mizik ak tourism ap banbile nan Nashville ak Orlando.
Men, New Orleans gen kapasite pou l transfòme pi gwo difikilte l yo pou yo vin tounen yon motè ekonomik. Se yon vil ki antoure ak dlo, e yon kote siklòn blaye fasil, sa fè tou, New Orleans pare pou l pran latèt nan yon ekonomi vèt, ki dinamik, fas a chanjman klimatik lan.
Gardere di: “Li lè pou nou konsantre sou sa nou bon ladan l – ki se jere dlo.”
Fè Pwoblèm Vin Tounen Solisyon
Se yon oryantasyon ki bay siksè. Lè Arien Hall te depoze vyolon l lan e l te fè yon kanpe sou anseye mizik epi tap jwe ak gwoup mizikal lokal yo, li te tcheke ak ekosistèm pou kreyasyon travay lokal ak òganizasyon benevòl yo pou l te kreye ak lòt moun pwòp konpayi konstriksyon jesyon dlo lapli pal ki rele, Mastadonte. Li te konsidere batay kont chanjman klimatik kòm yon opòtinite pou pouse biznis tankou pa l la, sitou konpayi moun ki pa blan yo.
Men sa Hall di: “Antanke yon fanm Nwa ki sot nan Sid, sa te vin gen yon kokennchenn enpòtans pou mwen paske nou pa gen tan pou n pèdi ankò.”
Konpayi a ki la depi kat lane gen kat anplwaye e l gen pou l anboche de lòt moun nan fen ane a. Pwojè piblik yo nan New Orleans ap chèche espesyalis tankou l ak tankou patnè li fè biznis avè l la ki se Luisa Abballe. Kounye a, Hall pran sa l aprann nan travay la ak sa l benefisye de rezo òganizasyon antreprenarya benevòl New Orleans yo pou l fè byen, pou l anseye konpetans moun yo bezwen pou yo fè pati mendèv pou pwoteksyon anviwònman an.
l Hall di: “youn nan slogan nou te vin avè l lè n t ap kòmanse se te ‘Pwoblèm nou se solisyon nou’.”
Mastadonte se istwa yon siksè ki dwe repete. Finansman gouvènman federal la met anplas la disponib grasa Lwa Bipatizan pou Enfrastrikti ak Lwa pou Diminisyon Enflasyon an, bay moun nan New Orleans ak Louisiana plis opòtinite. Epi New Orleans te kòmanse envesti nan pwosesis pou vin gen yon mendèv ki pi solid, kote l ap kòmanse depi nan tèt.
Ogmante Mendèv Nan New Orleans
Votè yo nan lane 2022 te apwouve yon taks sou byen pou 20 an pou yo te ka bay plis fanmi yo ki touche mwens, aksè ak edikasyon pou timoun piti, prepare elèv yo pou yo reyisi nan lekòl ak lavi a, epi ede yo pran swen mendèv nan avni nou an.
Nan lòt pwent nan pakou edikasyon an, ajans benevòl yo, fakilte kominotè yo ak lekòl teknik yo kreye mwayen pou pwofite de avantaj mendèv ekonomi ki baze sou anviwònman an. Pa egzanp, Delgado Community College ap kreye yon pwojè pilòt pou fòme. Sètifye, ak lisansye travayè, nonsèlman nan konpetans ki aplikab yo, men tou nan syans ak metòd anrapò ak jesyon dlo ak enfrastrikti pou pwoteksyon anviwònman.
April Noble, ki nan Pwogram Teknoloji Dlo ak Dlo ki Fin Sèvi a, estime ke chak fwa yon travayè nan jesyon dlo monte nan yon nouvo kategori travay grasa fòmasyon, sètifika oswa lisans, revni anyèl li ka ogmante $2,000 ak $3,000.
Li di: “Nou remake gen plis moun ki entèrese paske nap ponpe konpetans yo bezwen yo. Men se sèlman apwòch teknik, pratik la. Nou konsantre sou jesyon an tou, pou nou ka wè ogmantasyon enterè sa a nan anplwayè yo.”
N Ap Kreye Yon Klas Pwofesyonèl Moun Nwa
Bay fòmasyon se youn. Fè biznis nan New Orleans se yon lòt bagay nèt. Pou ogmante revni moun nwa nan New Orleans, New Orleans dwe kreye klas pwosesyonèl moun Nwa pa l. E pou sa fèt, vil la dwe atiran alabaz pou biznis.
“W ap jwenn konpayi k ap fè bon bagay paske se sa k bon pou yo fè. E gen lòt konpayi k ap fè bon bagay paske lavi moun an danje.” Se sa Allen Square di, li menm ki se yon antreprenè ak estratejis nan zafè administrasyon li te direktè anchèf enfòmasyon pou Administrasyon Majistra Mitch Laudrieu. “Men gen kèk biznis k apa ji sèlman sou baz enterè ekonomik yo.”
Kolabore ak biznis moun ki pa blan, ak anboche travayè nan kominote a, sa dwe fè sans finansyèman pou konpayi ki abitye travay ak soukontraktè ak mendèv ki se majorite Blan e ki pa ret nan New Orleans. Sekrè a se pou fè dirijan konpayi yo panse sou ki moun yap trava yak yo, moun yo anboche ak poukisa.
“Byen si ke ou anboche moun ki nan rezo w,” se sa Square, yon Nwa, te di. Lè w gen gwo mak konpayi ki gen majorite Blan, ki fè patenarya ak biznis moun nan minorite a posede, sa kreye nouvo mwayen ak opòtinite. “Mete moun Nwa nan biznis, y ap anboche moun nan rezo pa yo, epi w ap vin gen plis moun Nwa k ap fè plis lajan.”
Sa mande pou w vle gade pi lwen ke yon djòb, epi konprann konsekans sa ka genyen lè w anboche yon biznis moun Nwa nan yon vil kote pifò moun yo Nwa.
Square di konsa: “Nou bezwen yon lame moun k ap panse konsa paske yo kwè nan yon New Orleans ki gen yon pi bèl avni.”
Iam Tucker, pwopriyetè yon konpayi jeni sivil moun Nwa ki soun dexyèm jenerasyon l ak yon gwo defansè efò nan tèt ansanm pou bati yon kategori pwofesyonèl Nwa ki pi solid di: “Ou dwe pase tan ak moun ki pa sanble avè w. Ou dwe nan menm sal ak moun ou ka santi ki pa alèz lè w bò kote yo.”
Dispozisyon sa a ale jis nan fason vil la jere peyizaj ekonomik la. Yon lòt bò, Tucker di konsa ke règleman yo mande pou gwo konpayi yo kolabore ak biznis minorite yo ta dwe ranfòse pou ti konpayi yo ka gen eksperyans yo bezwen pou yo al pi lwen.
Sepandan, règleman ki di pi bon fason pou jere enfrastikti jesyon dlo yo dwe solid pou ankouraje travayè yo ak chèche fòmasyon ak sètifikasyon yo bezwen pou yo reyisi nan yon nouvo espas pwofesyonèl. Li di, lè tout prensip sa yo respekte sa ap bay garanti y ap touche plis kòb.
Alafen, se biznis ki baze sou avantaj ekonomik ki gen nan anboche moun Nwa e ki fè patenary ak konpayi moun Nwa k ap fè ladiferans.
“Kisa w ap fè pou w kreye chanjman ki pwofon, dirab, e kijan n ap fè rekonpanse moun k ap fè bagay sa yo pou bon rezon?” Se sa Tucker mande.
Foto Arien Hall / kredi foto: Sankofa Community Development Corporation
Comments