Edikasyon

Aktè ki konn resevwa prim lan, ki rele Tyler James Williams nan, ap patisipe nan kanpay WKKF la pou gadri ak edikasyon timoun piti

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Sistèm gadri ak edikasyon pou timoun piti yo jwe yon gwo wòl nan devlòpman timoun yo. Men, obstak sistemik, tankou mankman lajan, mankman travayè, defi kiltirèl ak lengwistik, ak prejije anbachal, gen plis enpak sou timoun po fonse yo ak timoun ki sot nan fanmi moun ki razè. Pou nou selebre edikatè yo, moun k ap bay swen yo, kominote yo ak òganizasyon yo k ap travay pou elimine obstak sa yo pou ede tout timoun reyisi nan lekòl e menm pi lwen, W.K. Kellogg Foundation (WKKF) kolabore ak aktè ki konn resevwa prim lan ki rele Tyler James Williams a.

“Dapre mwen, se kote sa a talan ak aksyon vin rankontre youn-lòt. Mwen pa kwè nan sèvi ak talan sèlman jis pou m sèvi ak talan. Mwen panse sa ta dwe avanse konvèsasyon an pou l al kiltirèlman pi lwen kilti yon jan oubyen yon lòt,” Williams te di Stephanie Sengwe sa, ki travay pou People.

Pandan tout ete a, WKKF ak Williams pral prezante temwayaj dirèk orijinal sou pledwaye pou gadri ak edikasyon timoun piti, difikilte yo rankontre, epi pataje efò yo pou tout timoun ka gen menm chans pou aprann, ak jwenn opòtinite pou yo devlope nan tout peyi a. 

Williams te anonse kolaborasyon an anvan konvèsasyon l te gen ak Prezidan ak Direktè Jeneral WKKF la, La June Montgomery Tabron nan Essence Festival of Culture 2023 nan New Orleans.

“Menmsi l pa t janm fasil pou w se mèt lekòl, difikilte nan ane ki sot pase la yo pou moun ki devwe tout lavi yo pou bay timoun swen nan bazaj ak edikasyon pa t janm grav konsa. Kòmanse ak COVID pou rive nan atak k ap vin pi plis direksyon lekòl yo ak lejislatè nan eta yo nan tout peyi a, li pa t janm pi klè kijan edikatè ak moun k ap bay swen esansyèl pou ede timoun nou yo, fanmi ak kominote yo jere pakèt pwoblèm sistemik e sosyal y ap rankontre yo,” abron te di nan nòt pou laprès ki te anonse kolaborasyon an. “Objektif nou se demontre bèl bagay k ap pase sou teren an chak jou epi aplodi kouraj moun ki pran angajman san souf pou ede timoun yo grandi ak reyisi. Antanke yon aktè ki vrèman konsayn de pwoblèm ki gen nan gadri ak edikasyon pou timoun piti,e de tout moun k ap fè yon diferans yo, Tyler James Williams byen plase pou l patisipe nan dialòg enpòtan sa a.” 

Difikilte ki gen nan gadri ak edikasyon pou timoun piti nan ane ki sot pase yo vin menm ap bay plis enkyetid. Pa egzanp, dapre yon dènye rapò Ministè Sante ak Sèvis Imen, depi kòmansman ane 2020, sektè gadri a pèdi prèske 80,000 travay, anviwon 7.5 pousan mendèv li, akoz pandemi an. Epi, si pa gen bonjan sipò pou edikasyon timoun piti, disparite nan preparasyon akademik pou timoun fanmi yo raze, ak timoun fanmi yo gen kòb la ka gen konsekans grav alontèm. Dapre rechèch research Campaign for Grade-Level Reading te pataje a, “vokabilè yon timoun 3 an ka anonse w nivo lekti li lè l nan twazyèm ane.

Pandan konvèsasyon nan ESSENCE Festival of Culture lan, Williams te pale sou diferans sa yo nan edikasyon timoun piti. “Mwen panse lè w gen yon sistèm edikasyon ki pa reponn ak bezwen [timoun yo], se di w di yo key o pa enpòtan e ou vin santi sa nan tout rès vi yo. Yo santi se tankou opinyon yo pa enpòtan, e yo pa gen okenn valè,” li di.

Williams, ki pote konsyantizasyon kiltirèl a efè ewoyk edikatè yo ap fè nan jan l dekri youn mèt lekòl premye ane, pral vwa ke w pwal tande nan yon nouvo seri videyo y ap pibliye pandan tout ete a. Premye videyo a, ki atire atansyon sou istwa New Orleans ak Mississippi ap soti nan mwa jiyè.

La June Montgomery Tabron, agoch, ak Tyler James Williams pale ak lòt moun ki te rasanble nan Essence Festival Kilti a.

“nou kreye yon pwodwi divètisman ki pèmèt moun pran 30 minit nan jounen yo pou bay blag jwenn say o genyen an komen,” Williams te di. “Men inegalite nou wè ki gen nan lekòl yo, sitou lekòl moun po fonse yo, se pa yon blag. Se pa yon bagay ki kapab jis amize nou; se yon bagay nou bezwen rezoud toutbon. Grasa pwojè sa a ak Kellogg Foundation, n ap fè moun konnen istwa sou chanjman ak rezistans k ap pase chak jou nan lekòl nou yo e nou swete enspire lòt moun pou vin jwenn nou nan langaj yo k ap sipòte edikatè ak moun k ap bay swen yo ki transfòmasyonèl yo ki rann sa posib. 

Pandan n ap reflechi ansanm ak ekriven Complex la, Karla Rodriguez anvan l te al jwenn Tabron sou estrad Essence lan, William te di: “Nou vle tout moun ale sou everychildthrives.com epi li plis nan istwa moun k ap fè sa e k ap wè sa a, pou li pa vin yon bagay ki annik sèlman ‘Oh, ebyen sa se ti diferans lan. Yo se eksepsyon nan règ la.’ Se pa sa. Li ka règ la menm.

Pandan l ap pale ak Shanelle Genai nan The Root, Williams te di:

“E se sa menm mwen renmen nan sa W.K. Kellogg Foundation ap fè a, paske si nou kòmanse bonè, nou espere n ap ka bati yon jenerasyon ki gen moun ki edike, yon kominote kote manb yo bien edike e ki kapab koze chanjman nan esans mwayen ke yo pale de inisyativ sa a.”

Pou plis enfòmasyon, vizite everychildthrives.com/care2educate 

Comments

Comments are closed.