Ekite Rasyal

HBCU ak sistèm sante a met ansanm pou yo bay sante ak byennèt kominote a plis valè

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Depi lontan Charles Marlin te vle vin yon doktè.

Men sa l te di aprè l te fin gradye nan Xavier University ki nan Eta Louisana: ”Mwen te chwazi metye sa a paske m te konnen nou te bezwen plis doktè ak kadyològ ki nwa”. Xavier University se Fakilte Ozetazini ki bay plis etidyan Afro-ameriken k ap prepare pou etidye medsin.

”Gen anpil difikilte lè pou travay nan domèn sante piblik, sitou si w se yon Afro-Ameriken, ou oblije travay pou yo fè w konfyans nan kominote a. E m panse lè w kòmanse wè (pwofesyonèl lasante) ki sanble avè w, ou kòmanse bati konfyans sa a.”

Marlin, ki vle vin yon kadyològ, travay kòm yon responsab pwogram nan domèn edikasyon nan Ochsner Health, ap kontakte lekòl ki nan zòn nan pou sansibilize etidyan yo kont danje ki genyen nan fimen sigarèt elektwonik. Li te deside fè sa aprè li te fin fè yon staj nan òganizasyon an li te jwenn gras ak Ochsner Xavier Institute for Health Equity and Research (OXIHER). Objektif staj sa a, se te bay etidyan yo bonjan eksperyans.

Marlin fè konnen: “Pi gwo sant enterè m te genyen se te jere jèn yo, pou m kreye diferan pwogram k ap ede nou diminye diferans ki pa nòmal ki gen nan domèn lasante”. ”Lè n komanse travay la pandan yo jèn, y ap pi fasil kenbe abitid sa yo pandan y ap grandi. Konsa kantite ki gen pami granmoun yo ap diminye. 

Marlin vin gen lide pou l fè karyè nan domèn medikal aprè yo fin koupe yon pati nan pye bòpè l akoz maladi sik li a te vin pi grav. Li di se gras ak sipò fanmi l ak fòmasyon kominote medikal la te ba li, ki fè li ka rive kote l ye jodi a.

”Doktè (Jordan) Dozier, ki se yon chirijyen pou toraks, te pèmet mwen asiste yon operasyon li t ap fè ak yon wobo. … Mwen te rankontre anpil doktè ki gen eksperyans gras ak pwogram sa a. Mwen pa t ap janm gen tout opòtinite sa yo si se pa t pwogram OXIHER a, donk mwen vrèman rekonesan pou li.

”Mwen pa t vrèman konnen sa m ta pral fè lè m te antre ladan l, men eksperyans sa a ede m wè yon lòt aspè ki gen nan sistèm swen sante a.”

Daprè enfòmasyon Asosiyasyon Fakilte Medikal Ameriken yo bay nan lane 2021 an, se sèlman 5.7% doktè ki nwa oubyen ki Afro-Ameriken.

Doktè Eboni Price-Haywood, ki se direktè medikal Ochsner Health System Healthy State Initiative ak OXIHER, di pwogram staj yo “la pou ede plis moun wè sa yo ka ye demen.

Epi Price-Haywood di: “Si se pa konsa w wè bagay yo, w ap rate opònite a. Lè w mete elèv sante piblik sa yo nan pozisyon pou yo wè sa rezo sa a ak sistèm sante a ap fè nan domèn administrasyon swen sante ak politik, se yon bon fason pou yo konprann sa nou vle di lè n ap pale apwopo jesyon sante popilasyon an ak fason l gen rapò dirèk ak jesyon swen sante popilasyon an.”

Pwogram staj OXIHER ofri a fè pati misyon patnè yo genyen pou diminye diferans ki pa nòmal, vini ak nouvo metòd swen sante pou tout moun ka jwenn yon swen sante egalego nan respè. Plan estratejik OXIHER ki jwenn sipò yon sibvansyon $2.4 milyon ki sot nan W.K. Kellog Foundation nan kad enpak sosyal li a ki, gen senk aspè enpòtan:

  • Chèche solisyon: Idantifye diferans ki pa nòmal ak mwayen efikas pou amelyore posibilite pou tout moun jwenn menm swen nan domèn sante.
  • Jesyon sante piblik: Vin ak yon solisyon k ap chanje sistèm sante nan tout kominote a, lè n konsantre sou aksè ak kritè pou mezire kalite swen sante pou moun ki pa entène, epi ede pasyan yo jwenn resous ki nan kominote a y ap bezwen andeyò swen sante.
  • Karyè nan domèn sante ak menm posibilite pou tout moun nan domèn edikasyon: Rekrite, fè fòmasyon epi kenbe yon gwoup moun pou travay ki sot tout kote; entegre devlopman mendèv pou kreye yon rezo espesyalis nan domèn sante ki gen tout kalite moun pou tout espesyalis nan domèn sante ka konprann enpòtans divèsite, entegrasyon tout moun, e pou tout moun gen menm aksè nan domèn lasante.
  • Angajman kominotè: Patenarya pou jwenn solisyon ki adapte ak kominote lokal yo, sa gen ladan l planifye evènman tankou aktivite ki anrapò ak sante, klinik kominotè ak devlopman opòtinite mendèv.
  • Defans ak règleman nan domèn sante: Tavay ak lidè nan gouvènman yo pou jwenn règleman ki gen enpak sou kominote a nan domèn lasante.

Men sa Price-Haywood di: “Sa Ochner ap fè a ap ede nou itilize resous nou yo ak resous Xavier yo pou nou kreye nouvo solisyon k ap kreye sou baz fondasyon sa nou konnen ki dwe fèt. Men nou fè l nan tèt ansanm pou l ka gen yon enpak sou tout moun nèt.”

Louisana te toujou anba nèt nan Klasman Anyèl United Health Foundation pou Amerik lan. Depi 1990, Eta a pa t janm rive pi wo pase 47 nan klasman an, sa pa gen twò lontan depi l te nimewo 50 nan lane 2022. Se sou baz aspè klinik, konpòtman, anviwònman ak aspè sosyal yo fè klasman sa yo.

Nan mwa novanm 2020, Ochsner ak Xavier University of Louisiana baze sou patenarya yo genyen depi trè lontan pou yo anonse OXIHER nan kad yon angajman $100 milyon k ap dire 10 lane ki reprezante yon gwo defi, pou yo rezoud pwoblèm ki anrapò ak bezwen lasante ki pi ijan Eta a ap konfwonte. Selon Healthy State Initiative, Ochsner, Xavier University ak lot patnè nan kominote a ap travay pou Eta Louisana ka nan yon pi bon pozisyon nan klasman anyèl Health Rankings pou Amerik lan. Pou yo fè sa, yo priyorize sispann fimen, kansè ak maladi grav, sante ak obezite, grangou, mendèv ak edikasyon, ak yon aksè ak entènet rapid.

Men sa manadjè program OXIHER a, ki se Ariyon C. Bryant di: “Finalman n ap travay pou tout kominote a”. ”N ap travay pou amelyore sektè lasante a nan Eta sa a. N ap travay pou bonjan chanjman, n ap travay pou se nou ki chanjman an menm.” 

Price-Haywood di plan OXIHER a la pou fè yon enpak lè Louisana pa nan moman kote l ap fè fas ak kriz, tankou enpak Ouragan Katrina nan lane 2005 oswa pandemi an te gen sou sektè swen sante a. E se yon prèv ki montre gen kapasite pou bay rezilta pa sèlman nan Louisana men lòt kote ankò.

Price-Haywood ajoute pou l di: “Rezon ki fè nou fleksib konsa se paske nou te bay tout nou menm lè nou t ap kreye fondasyon sa a pou avantaj kominote a” “Donk, lè kominote a ap fè fas ak kèk sityasyon ki prezante, nou gentan pare pou nou fè fas ak yo…. Se jis travay nan tèt ansanm pou n jwenn bonjan rezilta.”

 

Comments

Comments are closed.