This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)
Kèk nan nou konn gade epi li chak jou sous ki kredib sou kowonaviris la. Gen lòt menm kap konfwonte yon gwo mank enfòmasyon ki ka ede sou pandemi a nan yon lang yo ka konprann. Se yon sitiyasyon ki danjere ke òganizasyon atravè monn lan te adrese defason rapid e kreyatif. Yon egzanp enpòtan nan peyi Meksik se Vientos Culturales, kreyatè emisyon televizyon pou timoun ki baze nan Chiapas, kap pwodui plizyè videyo enfòmasyonèl inik sou COVID-19 nan lang panyòl e nan plis ke 20 lang endijèn.
Ou ka gade kèk nan lòt videyo sou COVID-19 Vientos yo, sou prevansyon, ede lòt moun rete an sekirite ak kisa pou fè si w malad.
Anplis videyo enfòmasyonèl sa yo, Vientos Culturales pwodui yon pwogram televizyon edikatif pou timoun. Kowonaviris la vin fè travay sa a vin pi enpòtan tou, avèk timoun yo ki pa ka ale lekòl sèjousi. Epitou li vin tounen yon defi pou pwodui emisyon an paske patisipan yo oblije respekte distans yo, sepandan yo jwenn mwayen pou yo kontoune pwoblèm sa a avèk jèn kontribitè kap voye videyo depi lakay yo.
Kreyasyon videyo sou kowonaviris Vientos kreye nan plizyè lang annakò avèk pratik jeneral li ki se pou l mete timoun Endijèn yo nan sant travay li.
KOTE TIMOUN ENDIJÈN YO RAKONTE PWÒP ISTWA PA YO
Emisyon televizyon meksiken an “iVientos! Noticias que Vuelan” (Van! Nouvèl Kap Vole yo) ap chèche amelyore fason yo reprezante timoun Endijèn yo nan medya yo pandan emisyon an ap mete yo sou sèn lan… oswa sou ekran. Atravè segman divètisman byen kout yo, timoun ki gen ant laj 9 a 15 lane toupatou nan Meksik envite telespektatè yo pou antre nan lavi yo, yo fè yo vizite anndan lakay yo, responsabilite yo genyen, pasyon yo ak sa yap defann. Emisyon an difize chak semèn nan estasyon nasyonal ak estasyon rejyonal toupatou nan Meksik, ak sou entènèt tou, atravè vientos.tv, YouTube, Facebook ak Instagram.
“Pwogram sa a se yon repons kont diskriminasyon sistemik ak inegalite kap plede ogmante, epi objektif li se chanje fason yo pale sou lavi timoun Endijèn yo.”
Gade modèl segman sa yo ki soutitre an Anglè.
Gen santèn lang Endijèn nan peyi Meksik, e pou anpil kominote, se lang sa yo ki se mwayen kominikasyon prensipal la. Malgre sa, yo pa toujou aksepte yo itilize lang sa yo. Paregzanp, pwofesè yo nan yon kominote Maya ki nan eta Yucatán te entèdi elèv yo pale nan lang matènèl yo, ki se Maya.
Nan San Miguel Tzinacápan, nan eta Puebla, granmoun, jènjan ak timoun yo dirije yon estasyon radyo kominotè ki rele Radio Tzinaka. Estasyon sa a pwomouvwa abitid tradisyonèl epi li emèt pwogram “Pipilkonemej,”ki vle di pou “timoun yo” nan lang Nahuatl.
Comments