Policy

Manman k ap travay esansyèl pou yon ekonomi k ap pwospere. Li plis ke lè pou nou sipòte yo.

0
PhotoiStock

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Lè yo di ke pandemi COVID-19 la plonje mond la nan yon foli, se yon deklarasyon ki pa reflete reyalite a. Men anplis li deklanche yon kriz sante fizik ak mantal kontinyèl, ofinal pandemi an souliyen bezwen pou anplwayè yo ak moun k ap fè nòt politik yo konsidere fason sistèm aktyèl nou an ekskli paran yo, espesyalman manman yo, nan mache travay la.

Menm si istwa komen sou manman k ap travay yo santre souvan sou fanm blanch nan klas mwayèn k ap travay atan pasyèl pou “lajan jwèt,” vizyon sa a pa janm fin anglobe nèt eksperyans ke tout fanm k ap travay fè, espesyalman fanm koulè yo, fanm imigran yo ak fanm klas ouvriye a — kote yo tout, yon fason istorik, te travay poutèt nesesite. Alaverite, 64% manman yo se soutyen prensipal nan fwaye yo, menm lè y ap viv ak yon patnè, selon yon apò mwa desanm 2019 ki te soti nan Center for American Progress (Sant pou Pwogrè Ameriken). Sa a espesyalman vre pou fanm nwa ak latino yo ki, youn apre lòt, gen 84% epi 60% plis chans pou yo se soutyen prensipal fwaye yo.

Paran yo ak lòt responsab yo ka travay sèlman lè yo gen aksè ak sipò solid pou fanmi k ap travay, tankou bon kalite gadri ki abòdab. Men pri gadri ki pa sispann monte rann aksè a difisil pou anpil fanmi. Epi pandan pandemi an, aksè ak gadri abòdab la te vin tounen yon kriz total.

Ayobami Bell Torrence, yon moun ki soti Detroit epi ki se yon manman k ap travay ki gen de (2) timoun ki nan laj pou y al lekòl, te di ke pitit li yo te fèt nan yon lòt eta kote li te konte anpil sou gadri ke souvan li te gen difikilte pou l peye. Men lè fanmi l te retounen Michigan, li te “santi ke gen mwens opsyon abòdab toujou pou bon kalite gadri la a.” Torrence te fè apèl ak paran l, ki ansante epi ki pran retrèt yo, pou ede l bouche twou. Li te di: Mwen konsidere ke mwen beni anpil pou m jwenn èd fanmi m ak vilaj mwen nan fason sa a.

Manman yo ak responsab yo, avèk mwens resous, ap sipòte pwa yon mache travay ki pa fleksib tou. Anpil fanm siyale ke yo bezwen travay ki ofri fleksibilite, men “travay fleksib” souvan limite ak pòs direksyon epi pòs kòl blan, ke se fanm blanch ki okipe yo pi souvan. Epi pandan ke travay fleksib enplike “travay adomisil,” ke anplwayè yo ka sipoze ki favorab ak fanmi, yon rapò mwa fevriye 2022 ki soti nan Bureau of Labor Statistics (Biwo Estatistik Travay) defann ke ka gen diskisyon sou avantaj la. Travayè adistans yo ka evite yon trajè, men tou yo “gen tandans travay plis èdtan, sa ki vin bay yon simenaj, kote gen kèk èdtan ki pa peye, sa ki twouble limit ant lakay ak travay la.” Pandan li peye mwens epi ofri mwens avantaj ak mwens sekirite, peyizaj travay atan pasyèl la pa ofri manman yo opsyon ki pi bon pase sa.

Yon òganizasyon k ap etidye fason ke lè yo ofri anplwaye yo plis fleksibilite ak sipò sa ka estimile retansyon se Trinity Health, Michigan nan, ki patisipe nan pwogram HireReach la epi ki te kreye pwogram RISEUp la nan patenarya ak The SOURCE epi West Michigan Works (ki jwenn yon pati nan finansman l avèk sipò W.K. Kellogg Foundation) pou ofri yon asistans nan anboch ak yon sipò global bay travayè nan domèn swen sante yo pou ede yo konsève travay yo epi aksede ak travay estab atan plen.

Shana Welch, vis prezidan Pwogram Talent Acquisition (Akizisyon Talan) ak Workforce Development (Devlopman Mendèv) nan Trinity Health

“RISEUp adopte yon apwòch ekstèn ak entèn pou mendèv nou an, epi l ap fonksyone byen anpil.” Shana Welchvis prezidan Pwogram Talent Acquisition ak Workforce Development nan Trinity Health te di. “Nou gen kòlèg k ap angaje nan akonpayman nan afè karyè epi k ap eksplore opòtinite edikatif yo pa t konnen ki te egziste anvan tou lòt jou la a …Sa sa vle di se ke tank n ap fè kòlèg yo pwogrese anndan sistèm sante nou an, n ap ranpli wòl sa yo apre atravè rekritman nan kominote moun ki ka pa oblije genyen, depi lè y ap kòmanse, konpetans nou t a ap chèche lè n ap anplwaye moun yo.

Men n ap rekrite yo pou pòs nan nivo antre nou yo epi apresa n ap ba yo aksè ak fòmasyon, akonpayman nan afè karyè ak sipò global pou kreye yon mendèv konpetan avèk pwogram sa a. N ap chèche lite kont povrete jenerasyonèl nan kominote nou an.”

Epi pandemi an te fè nou wè sa klè ke lè anplwayè yo pa fleksib, sa gen konsekans terib sou mache travay ameriken an. Lè lekòl yo ak gadri yo te fèmen, plizyè milyon fanm te kite mache travay la.. Pifò pa t tounen, sa ki te kontribye pou fè yon defisi mendèv nan tout peyi a. Anpil travayè nan Sidès Michigan te kite travay yo tou nan premye jou pandemi an, kote anpil nan yo te mansyone kondisyon travay ki pa sekiritè, kòlèg ki pa vaksine ak orè travay ki pa previzib kòm rezon prensipal yo,selon MLive. Sa ede eksplike poukisa patisipasyon travayè nwa yo nan mache travay amerikenan te {chite tou pandan pandemi an, menm si chif sa a ap amelyore kounye a.

Kidonk, nan kisa anplwayè ki espere kenbe antrepriz yo ouvri ak pèsonèl disponib ladan yo pandan yon pandemi ye? Fas ak mank travayè epi ak yon reta kwasans, kèk anplwayè te rekonèt valè patenarya ak moun k ap fè nòt politik yo pou ankouraje, kreye epi fè pwomosyon inisyativ ki rann li pi fasil pou paran patisipe nan mache travay la.

Cheryl Bergman, Direktè Jeneral Komisyon Fanm Michigan nan

Yon egzanp se pwogram Michigan Tri-Share Child Care la, ki konbine lajan piblik ak lajan zèv charite yo pou diminye depans gadri fanmi k ap travay yo pou de (2) tyè pri ki afiche a.

“Erezman, moun k ap fè nòt politik nou yo ak kominote antrepriz la konsidere gadri tankou yon pwoblèm ekonomik men pa sèlman tankou yon desizyon familyal.”Cheryl Bergman, direktè jeneral Komisyon Fanm Michigan nan, ki enplike anpil nan pwogram Tri-Share Child Care la te di

Lidè nan kominote zèv charite ak nan kominote politik nan Michigan yo ap poze aksyon pou chanje refleksyon kolektif nou sou fason nòt politik sou espas travay ki sipòte fanmi ki gen timoun yo ka kontribye pou yon ekonomi ki pi solid.

La June Montgomery Tabron, president and CEO of the W.K. Kellogg Foundation

La June Montgomery Tabron, prezidan epi direktè jeneral W.K. Kellogg Foundation, se yon fanm k ap dirije travay sa a. Òganizasyon li a ap mande pou gen yon kowalisyon nan tout eta a pou pran angajman pou kreye epi konsève chemen dirab pou travay ak sipò pou tout paran ki gen ladan l moun ki gen orijin divèsifye.

Kellogg Foundation pral konvoke yon seyans diskisyon nan dat 1ye jen nan Konferans sou Nòt Politik Mackinac 2022 Chanm Rejyonal Detroit pou diskite sou “Fè Estrateji pou Espas Travay Ekitab Avanse pou Reyisit Michigan” avèk dirijan antrepriz ak dirijan piblik ki te demontre yon angajman nan travay sa a. Yo gen ladan yo Montgomery Tabron, Bergman ak Lewis, epi se Candice Fortman, direktè ekzekitif Outlier Media, k ap moderatè.

Anplis pou imajine fason pou mete pwogram tankou RISEUp ak pwogram pilòt Tri-Share sou yon echèl, panèl la pral diskite sou lòt nòt politik ak inisyativ potansyèl ki rekonèt responsabilite kolektif sosyete a genyen pou l asire ke tout travayè, ki gen ladan yo manman yo, ka pwospere.

“De (2) lane ki sot pase yo te difisil nan yon fason nou pata imajine pou anpil moun nan tout eta nou an.” Tabron te di Nou rive nan moman kote imajinasyon kolektif nou dwe tounen modèl yon desten pataje ki gen plis pwosperite pou tout moun ki abite Michigan. Tèm konferans sou nòt politik ane sa a,‘Chanjman Wòl Sivik Kominote Antrepriz la nan Tan Polarizasyon an,’ofri nou yon opòtinite pou reflete sou fason nou te reyaji ak pandemi ki gen plizyè nivo a epi repran angajman pou travay nan nouvo fason, atravè zòn jewografik yo, sektè yo ak koulwa yo pou konstwi yon tiyo edikatif solid, elaji opòtinite ekonomik yo pou tout moun epi fè ekite rasyal avanse nan eta ekstraòdinè nou an. Fason nou reyini kounye a pral detèmine kalite avni nou ka kreye pou timoun, fanmi ak kominote Michigan yo. Timoun nou yo ak fanmi nou yo bezwen sipò nou kounye a plis pase jan yo te janm bezwen l anvan.”

Istwa esponnsorize sa a te pwodui nan patenarya ak W.K. Kellogg Foundation. Se pa anplwaye sal nouvèl Outlier Media yo ki pwodui istwa esponnsorize yo. Fè plis lekti sou valè editoryal nou yo.

Envesti nan fondatè divèsifye pou chanje ekosistèm nan epi kreye richès jenerasyonèl pou fanm yo ak NIMOK (Nwa, Indigèn, ak Lòt Moun Koulè) yo

Previous article

Solidarite dirab: De (2) lane apre yon moman jijman rasyal

Next article

Comments

Comments are closed.