Ekite Rasyal

Solidarite dirab: De (2) lane apre yon moman jijman rasyal

0
Photo by Thia Xiong.

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Gen de (2) lane ki pase depi te gen yon moman jijman rasyal ki te gaye nan anpil nan vil ak minisipalite nou yo, ke asasina George Floyd, Breonna Taylor ak Ahmaud Arbery ki te medyatize nan tout mond la te pwovoke. Nou te konnen lè sa a ke sa yo pa t evènman izole; yo pa t ni premye ni dènye gason, fanm oswa moun koulè ke fòs lòd yo oswa vwazen touye.

Nan mwa me 2020, anpil moun ak òganizasyon te gen yon santiman objektif ijan epi pataje ki nouvo oswa renouvle. Nou te santi pouvwa solidarite a lè nou te reyini avèk vwazen nou, kolaboratè nou epi fanmi nou – ak moun nou pa t konnen – pou kanpe ansanm kont vyolans rasyal sistemik.

Evènman peryòd sa a te motive anpil moun pou yo apwofondi angajman endividyèl, kominotè oswa òganizasyonèl yo pou ekite ak jistis rasyal. Pou lòt moun, jan nou te pè sa, yon moman te vin tounen yon senp moman.

Kijan moun yo ak òganizasyon yo kontinye konkretize angajman yo te pran sa gen de (2) lane yo ? Kijan n ap konsève – oswa renouvle – solidarite ki nesesè pou transfòme sistèm ki pa sispann pètibe lavi timoun, fanmi ak kominote moun koulè yo? Men kèk ide.

Solidarite nan katye yo ak kominote yo

Pandan sizyèm Jounen Nasyonal Gerizon Rasyal anyèl la nan mwa janvye 2022 a, Linda Sarsour, aktivis kominotè epi fondatè Women’s March (MachFanm yo), te ankouraje nou pou nou kòmanse travay gerizon rasyal la kote nou ye a. Li di ke solidarite kòmanse nan aprann konnen vwazen w epi aprann konnen preyokipasyon ak enkyetid yo. Sarsour te gen Denese Shervington, Kent Wong ak aktris Julissa Calderon ki te vin jwenn avè l pou panèl Gerizon ak Solidarite a.

Gen anpil metòd ki itilize pou gerizon rasyal atravè peyi a. Youn nan yo se yon sèk gerizon rasyal – yon konvèsasyon ki angaje kè moun yo, kote patisipan yo refè afimasyon imanite youn lòt epi rekonèt blesi youn lòt lè yo koute istwa youn lòt. Nivo konpreyansyon apwofondi sa a ant moun ki pataje yon blòk, yon katye, yon kominote oswa yon vil, kòmanse fòme solidarite ki nesesè pou chanje sistèm yo.

Konvèsasyon gerizon rasyal yo ka fèt nan tout kay epi nan tout katye. Gid konvèsasyon sa a ka ede w mennen diskisyon w avèk zanmi w, fanmi w ak vwazen w nan yon lòt nivo.

“Pafwa, ou jis bezwen la pou yon moun ki ka pa gen okenn lòt moun apre w. Pafwa, sa se fòm solidarite ki pi puisan an.”

Photo by Thia Xiong.

Solidarite nan espas travay antrepriz yo

Sezon ete 2020 an te enspire anpil antrepriz pou yo aji nan solidarite atravè pawòl, angajman finansye ak chanjman pratik. Gen kèk ki reyalize enpòtans pou fasilite dyalòg lib sou ras, rasis ak ekite rasyal nan mitan anplwaye yo tou. Pandan ke souvan efò sa yo pa t estriktire, antrepriz yo te panche nan favè yo poutèt yo te wè enpak asasina George Floyd la sou moun pa yo.

Espas travay yo se kominote yo. Epi, anpil fwa, menm pratik gerizon rasyal yo itilize nan milye kominotè yo ka devlope konfyans, apwofondi relasyon yo epi kreye yon kilti apatenans nan mitan anplwaye yo, sa k ap amelyore sante global òganizasyon an.

Depi sezon ete sa a, plis pase 87 antrepriz ak 475 lidè te patisipe nan yon pwogram epi rezo ki rele Expanding Equity (Elajisman Ekite).. Li ofri zouti ak apwòch ki santre sou moun pou fè ekite rasyal ak gerizon rasyal avanse nan kad efò divèsite, ekite ak enklizyon antrepriz yo. Pwogram nan ede antrepriz yo entegre kalite pratik ki sipòte solidarite, transfòmasyon ak apatenans nan antrepriz la.

Gen yon pratik ke yo entegre ki rele Conocimiento, ki se yon mo panyòl ki vle di “konesans oswa konsyans.” Se yon egzèsis ki fèt pou ede kolèg yo koute epi aprann nan men youn lòt. Pandan ke premye fwa yo te itilize l se te nan Mouvman Travayè Agrikòl yo nan California kòm fason pou rasanble moun epi idantifye sa k bèl ak sa ki prezan, li santre chak eksperyans imen tankou yon eksperyans ki enpòtan epi ki gen valè. Li ka devlope koneksyon ak konpreyansyon istwa ak idantite youn lòt pou ka gen relasyon ki pi solid, pi bon, pi otantik ki devlope nan ekip yo.

“Prensip Conocimiento a, yon prensip mouvman latino pou transfòmasyon ak ekite a, rekonèt ke inite komen an kòmanse ak pwosesis sansibilizasyon ak konpreyansyon pataje a, oswa Conocimiento.”

Gen yon lidè nan rezo Expanding Equity a ki di ke “anvan, moun yo ka mete rezilta komèsyal yo devan … Conocimiento te yon bon aktivite pou ede nou avèk sa – devlopman relasyon, aprann konn moun, konprann karaktè inik, tout estrikti ki alantou l epi asire ke li te fè pati chak grenn pwogram.”

Yon Conocimiento kòmanse avèk chwa yon envitasyon pou yon gwoup anplwaye reponn. Yon egzanp:

  • Rakonte yon istwa yon moman kote ou te santi yon gwo santiman apatenans, oswa eksklizyon, nan espas travay la.
  • Kijan moman sa a te enfliyanse oswa chanje lavi w, oswa lavi lòt moun?
  • Ki emosyon ki te antoure eksperyans sa a?

Toudabò, yon animatè fè gwoup la sonje objektif Conocimiento a: koute epi aprann youn nan men lòt. Apresa, gwoup la defini akò pou ankouraje dyalòg, respè mityèl ak ekout atantif ak sa lòt moun yo ap pataje. Apresa, yo pataje envitasyon an ak chak moun ki envite pou yo reponn. Patisipan yo remèsye youn lòt pou pataj la. Okenn lòt repons pa aksepte. Finalman animatè a klotire konvèsasyon an, pandan l ap eksprime gratitid li epi envite moun yo pataje enpak konvèsasyon an te genyen sou yo, si yo vle.

Mezi tan pase, lè yo pratike Conocimiento a yon fason regilye, anplwaye yo ak ekip yo ka eksperimante yon konfyans apwofondi ak yon kolaborasyon amelyore poutèt relasyon ki pi apwofondi, ki otantik ki devlope yo.

Manman k ap travay esansyèl pou yon ekonomi k ap pwospere. Li plis ke lè pou nou sipòte yo.

Previous article

Mete fen ak kriz sante matènèl moun nwa yo se fè ekite a avanse

Next article

Comments

Comments are closed.