Angajman Kominotè

#IAmNewOrleans: Konvèsasyon ak aksyon ki enspiran

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Nan fen lane 2019 la, benefisyè Fondasyon Kellogg nan New Orleans yo te pale avèk nou devan kamera sou travay kolektif yo pou kreye yon vil ki santre sou timoun. Kèk mwa apre, pandemi an frape, sa ki te agrave inegalite ke timoun, fanmi ak kominote nan New Orleans yo t ap konfwonte. Nou te chita avèk patnè nou yo – fwa sa a sou Zoom – pou mande kijan koleksyon istwa nou yo ta ka sipòte kominote a pandan mwa sa yo ke nou pa t janm viv anvan – jodi a sa fè prèske de (2) lane apre. Sa ki soti nan sa se Mwen Se New Orleans, yon kanpay ke kominote a mennen pou diskite sou pwoblèm lokal ekite rasyal la. Pandan gen yon platfòm vityèl ki pataje istwa sa yo sou New Orleans pou alimante kanpay la, kanpay sa a te kreye espas pou manm kominote a ka fè konvèsasyon ki reyèl – epi pafwa difisil – sou inegalite ki genyen nan sistèm yo ki gen enpak sou timoun yo ak fanmi yo plis: aksè ak manje ki bon pou sante, edikasyon timoun piti, sipò pou alètman, sipò pou ti antrepriz ak devlòpman mendèv, pami lòt ankò.
Pandan n ap antre nan lane 2022 a, nou pral kontinye diskisyon vityèl sa yo, pou nou chèche solisyon ki nan avantaj timoun nou yo.  Epi nou swete ou pral rejwenn konvèsasyon nou an sosyalman pandan w ap itilize #IAmNewOrleans (#MwenSeNewOrleans).

Explore the conversations

Economic Dignity: A Vision for New Orleans

Economic Dignity: A Vision for New Orleans

Lactation Consultants – A Labor of Love

Lactation Consultants – A Labor of Love

A Breastfeeding-Friendly City is A Baby-Friendly City

A Breastfeeding-Friendly City is A Baby-Friendly City

Milk Banks: Community Generosity Saves Lives

Milk Banks: Community Generosity Saves Lives

Sou wout pou yon avni ki pi ekitab: Verite, Gerizon Rasyal ak Transfòmasyon

Previous article

Entèvansyon dijans Ayiti vin deplizanpli lokal

Next article

Comments

Comments are closed.