Ekite Rasyal

Sou wout pou yon avni ki pi ekitab: Verite, Gerizon Rasyal ak Transfòmasyon

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Gras ak Verite, Gerizon Rasyal ak Transfòmasyon (Truth, Racial Healing & Transformation, TRHT), kominote yo nan tout peyi a ap adrese efè istorik ak prezan rasis yo, pandan y ap pwovoke chanjman transfòmasyonèl ak dirab. Y ap angaje nan pwosesis gerizon rasyal yo epi y ap kreye nouvo apwòch pou sistèm ki afekte lavi kotidyen timoun yo, fanmi yo ak kominote yo.

#HowWeHeal Buffalo (#FasonNouGeri Buffalo)

Nan Buffalo, New York, twazyèm vil ki pi pòv nan peyi a epi sizyèm ki gen plis segregasyon an, kolaboratè yo ap itilize kad TRHT a pou yo ofri mantora ak fòmasyon pandan jèn gason ak ti gason koulè yo ap anbake nan yon chimen ekite rasyal transfòmatif ak yon travay pou chanjman sistèm yo. “Antrepriz Verite, Gerizon Rasyal ak Transfòmasyon an ba nou yon kad pou nou fè estati jèn gason koulè nou yo pwogrese nan kominote sa a,” jan Clotilde Perez-Bode, prezidan ak PDJ Fondasyon Kominotè pou yon pi Bon Buffalo (Community Foundation for Greater Buffalo) eksplike sa. Dwayne Sawyer ki nan Konsèy Lidèchip Lajenès Buffalo k ap Kraze Obstak yo (Breaking Barriers Buffalo Youth Leadership Council) la di “Lavi nou enpòtan.  Nou gen objektif. Tout moun nan vil sa a, tout moun nan mond sa a gen yon objektif.” Koute jèn gason nan Buffalo k ap dekri travay yo nan kreyasyon nouvo politik ki ouvri opòtinite pou kanmarad yo.

#HowWeHeal Kalamazoo (#FasonNouGeri Kalamazoo)

Nan Kalamazoo, Michigan, atis Ed Genesis di, “Lojman se fondman Lamerik.  Sepandan, nan kominote ke povrete frape yo, sèlman genyen yon senp abri se rèv Ameriken an.” Menm jan ak pifò vil nan peyi Etazini, redlining (yon pratik diskriminatwa kote yo refize kèk popilasyon nan kèk zòn jewografik byen presi yon seri prestasyon) ak lòt pratik diskriminatwa te vin antrene segregasyon, separasyon ak mank lojman apwopriye pou moun koulè yo nan Kalamazoo. Kidonk, manm ak lidè kominote a ap itilize kad TRHT a pou rasanble kominote a pou defann dwa tout moun pou yo viv nan yon kay ki san danje epi ki gen yon ijyèn apwopriye. Gade videyo sa a pou w jwenn plis enfòmasyon sou fason efò TRHT a ap pote ekite rasyal nan peyizaj lojman Kalamazoo a.
Travay TRHT a kontinye nan Eta Alaska; Battle Creek, Flint, Kalamazoo ak Lansing, Michigan; Baton Rouge ak New Orleans, LA; Buffalo, NY; Greater Chicago, IL; Dallas, TX; Los Angeles, CA; ak Selma, AL.

Aprantisaj akselere, piga fè ratrapaj: nouvo prèv nan salklas matematik elemantè yo

Previous article

#IAmNewOrleans: Konvèsasyon ak aksyon ki enspiran

Next article

Comments

Comments are closed.