This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)
Lè yon tranblemanntè mayitid 7.0 te frape Ayiti jou ki te 12 janvye 2010 la, ki te lakòz anpil moun mouri nan rejyon kapital la, pa t gen yon grenn doktè pou ijans ki te fòme an Ayiti nan peyi a. Kòm pa gen pwogram fòmèl edikasyon medikal nan medsin dijans, doktè Ayisyen ki te enterese etidye espesyalite a t ap oblije ale yon lòt kote.
Lè imaj tranblemanntè 2010 la te fè tout tou mond la, pwofesyonèl medikal Ayisyen ak etranje nan divès espesyalite te entèvini jan yo te kapab, sa ki te sove anpil lavi. Poutan, yon pakèt lòt moun te ka sove si te gen yon ekip doktè Ayisyen pou ijans ki te sou plas lè tranblemanntè a te frape a.
Nan lane ki te vini annapre yo, lavi an Ayiti te vin pi difisil, men lè te vin gen yon tranblemanntè mayitid 7.2 ki frape penensil sid peyi a nan mwa out 2021, sa te revele yon amelyorasyon nan kapasite entèvansyon medikal nasyonal la konpare ak yon dizèn lane anvan.
Dr. Jean Jimmy Plantin fè pati chanjman pozitif sa a. Nan moman tranblemanntè janvye 2010 la, Plantin t ap travay nan nò Ayiti, lwen episant tranblemanntè a. Li sonje asistans medikal ki te vini soti lòtbò dlo yo, tankou nan U.S. Naval Ship Comfort (Lopital sou Bato Militè Ameriken), yon lopital flotan ki gen 1,000 kabann pou twomatoloji. Men pou sa ki konsène swen vital nan premye lè kritik yo, jan Plantin di, “Mwen kwè ke Ayiti pa t prepare pou sa e ke nou pa te gen yon repons ki te vreman adekwa.” Youn nan pwoblèm yo: “Potko genyen ijantis ki te fòme nan sistèm nan.”
Faz rekonstriksyon ki te vin annapre a, jan medya entènasyonal yo te rapòte l andetay, pa t kowòdone, e se sèlman yon ti pati lajan donatè yo ki te rive jwenn piblik Ayisyen an ak òganizasyon prive yo. Malgre pwomès plizyè milya dola pou rekonstriksyon an, se yon tikras ki te materyalize nan lojman ak enfrastrikti.
Sepandan, kote ke se ekspètiz lokal la ki te gide envestisman ki te fèt apre 2010 yo, yo te anjandre kèk pwogrè remakab. Yon egzanp nou genyen se Hôpital Universitaire de Mirebalais (Lopital Inivèsitè Mibalè) (HUM), yon etablisman swen sante ke Zanmi Lasante (ZL), òganizasyon Ayisyen sè Partners in Health (PIH) (Patnè nan Lasante), dirije avèk Ministè Sante Ayisyen an.
Lopital inivèsitè a ofri swen dijans “enspiran” apre dènye katastwòf la
Vizyon lopital la remonte ak plis pase twa dizèn lane, men pòte l ak anbisyon l vin agrandi apre katastwòf 2010 la. Plis pase 100 donatè, ki gen ladan yo W.K. Kellogg Foundation (WKKF), te mobilize dèyè plan yo. Nan lane 2013, lopital inivèsitè ki gen tout dènye teknoloji yo ak 300 kabann nan te ouvri pou piblik la pou ofri swen medikal gratis. Apresa, HUM te etabli pwogram edikasyon medikal nan pedyatri, medsin familyal, obstetrik/jinekoloji, medsin entèn, chiriji jeneral ak medsin dijans. Nan lane 2014, Plantin vin tounen youn nan sèl kat rezidan nan medsin nou yo nan premye pwomosyon premye pwogram fòmasyon nan medsin dijans Ayiti a.
Plantin te deja pran swen pasyan nan sitiyasyon dijans an Ayiti yon fason regilye, men antanke doktè jeneralis. Lè li te gen opòtinite pou l travay ansanm avèk de (2) doktè ijans ki te soti nan peyi Etazini, li te kontan aprann nouvo metòd pou idantifye epi trete rapid pwoblèm ki te ka mòtèl.
Li di “Mwen te devlope yon sèten lanmou pou pratik medsin dijans.” Kidonk, lè pwogram fòmasyon an te kòmanse nan HUM, “Se te vreman yon bon okazyon pou mwen. Mwen te vreman fyè dèske mwen te fè chwa sa a.”
Plantin gradye nan lane 2017 epi li te kòmanse itilize konpetans li te fèk genyen yo nan sal dijans HUM nan ki te toujou plen, kote li t ap trete pasyan ki te gen blesi twomatik ak sa ki te nan detrès kadyak ak respiratwa. Pi gwo tès la jiskaprezan te vini jou ki te 14 out 2021 an.
Li di “Dès premye enstan mwen te tande nouvel te gen yon tranblemanntè, m te esaye kontakte chèf sèvis medsin ijans HUM pou mwen konnen kisa ke nou kapab fè.” Pèsonèl la te kòmanse prepare pou deplwaye kèk ekip nan zòn ki te frape a, epi nan kèk jou, moun ki te siviv apre tranblemanntè a te kòmanse rive lopital la nan elikoptè.
Nan semèn ki te vini annapre yo, pandan doktè ki nan HUM yo te deplwaye nan zòn tranblemanntè a ak nan Lopital St. Boniface, yon lòt benefisyè WKKF, pou trete moun ki te blese yo, Plantin te dirije ekip ki nan sèvis ijans HUM nan pou trete plizyè douzèn pasyan ki te evakye pou rezon medikal. .
Nan yon antrevi li te fè avèk Harvard Gazette, kofondatè PIH la, Dr. Paul Farmer, te dekri entèvansyon premye pwomosyon doktè medsin dijans Ayiti a nan tranblemanntè lane 2021 an kòm “kareman enspiran.”
Plantin di “Mwen panse se te yon tre bon eksperyans… Nou pa te genyen anpil resous pou nou te kapab aji nan plizyè espas nan menm tan, men fòmasyon nou pèmèt nou reponn a jan de bagay sa yo. Mwen kwe ke nou gen yon ekip ki solid, ki detèmine. …Dès ke gen bezwen, nou pre pou nou ede.”
Gen yon pasyan ki te rive HUM kat jou apre tranblemanntè a avèk yon manm nan kò l ki te fraktire, e sa te touche Plantin yon fason patikilye. Poutèt li pase plizyè jou san l pa t jwenn san akòz mank kapasite nan etablisman swen sante ki nan zòn tranblemanntè a, yo fè operasyon nan janb mesye a nan dezèdtan apati lè li rive HUM nan.
Plantin di ke se te yon fyète ke ekip medikal HUM nan te rive reyaji rapid konsa. Sou yon lòt bò, jan li te di l, “Sa se yon bagay ki montre a klè pwoblèm nan sistèm sante a e konbyen aussi nou dwe enteveni ladann pou nou wè kouman nou kapab ogmante yon estrikti e aussi ogmante kapasite akèy, ogmante pèsonèl an tèm de pèsonèl kalifye pou fè prise en charge.”
Opòtinite envestisman pou avni swen sante an Ayiti
HUM se yon istwa reyisit envestisman ak kowòdinasyon ki te fèt apre tranblemanntè 2010 la. Jodi a, lopital la gen senk pwogram rezidans nan medsin (epi ZL ap dirije yon sizyèm nan Lopital Saint Nicolas, nan St. Marc, Ayiti), epi nan lane 2020 an HUM te vin premye enstitisyon medikal nan Emisfè Oksidantal la ki resevwa akreditasyon nan men branch entènasyonal Konsèy Akreditasyon pou Ansèyman Medikal Siperyè a (Accreditation Council for Graduate Medical Education, ACGME-I).
Depi tranblemanntè lane 2021 an, je mond lan fikse lontan mwens sou repriz Ayiti pase jan yo te ye nan lane 2010 la, sa ki reflete nan nivo sekou ki ba yo. Men sa pa anpeche Plantin imajine sa ki posib.
Youn nan rèv li yo, jan li di l, se ke, “Nan 10 pwochen ane yo, pou genyen nan chak sèvis dijans ki genyen nan peyi a, genyen omwen youn espesyalis nan medsin dijans.” Lòt rèv li a: “ke genyen yon estrikti pèmanan ki gen toutes sortes de spécialistes – pa sèlman ijantis, men chirijyen, òtopedis, anestezis ak enjenyè tou, ki fè pati d’une sorte de batterie de moun ki disponib pou aji, nan chak zòn nan peyi a, pou lè yon bagay rive, yon katastwòf natirèl, gwoup ki pi pre, moun sa yo ta enteveni, anvan ke ranfò yo ka rive.”
Jodi a, li difisil pou reflechi ak lavni lè li difisil konsa pou jere prezan an. Pami litani defi yo – ki gen ladan yo yon vid politik, ensekirite alimantè k ap monte epi vyolans gang yo, petèt sa nou plis santi nan lopital yo se yon rate gaz k ap deranje enstitisyon yo ki depann anpil de jeneratris pou ba yo kouran (paske enèji solè a rete yon domèn ke twò souvan donatè yo neglije).
Malgresa, Plantin p ap kite peyi l. Ni 98 pousan diplome pwogram rezidans HUM nan – yon estatistik ekstraòdinè lè nou konsidere gwo to emigrasyon Ayisyen ki edike yo. Plantin di li vle rete pou l fè pati konstriksyon yon pi bon Ayiti.
“Mwen kwè ke nou te bay tèt nou yon objektif,” jan Plantin di l, “e ke nou dwe goumen pou nou atenn objektif sa a, ki se asire ke malad yo, ki se Ayisyen tankou nou menm yo, jwenn swen de kalite, menm lè ke yo pa gen gwo mwayen pou yo viv.”
Imaj Reprezantatif: Dr. Jean Jimmy Plantin pandan entèvansyon pou tranblemanntè lane 2021 an. Kredi: Nadia Todres
Comments