Edikasyon

Aprantisaj akselere, piga fè ratrapaj: nouvo prèv nan salklas matematik elemantè yo

0
Children in classroom

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

AN BRÈF

Pandan ane eskolè 2020-2021 an, TNTP te fè patenarya avèk Zearn, yon platfòm aprantisaj matematik sou entènèt ki pa travay pou pwofi, pou etidye si elèv matematik nan lekòl elemantè yo te resevwa pi bon rezilta avèk aprantisaj ratrapaj la oswa aprantisaj akselere a. Pandan ke ratrapaj la konsantre l sou aprantisaj kontni nan nivo klas ki vin avan yo ke elèv yo ka te rate anvan, aprantisaj akselere a itilize yon apwòch “ekzakteman nan bon moman an” ki entegre konsèp klas anvan yo nan leson klas aktyèl la. Nan etid TNTP/Zearn nan, Akselere, Piga Fè Ratrapaj, yo te demontre ke apwòch akselere a te ede elèv yo aprann plis epi gen mwens difikilte pase teknik ratrapaj tradisyonèl yo, sitou si yo te timoun koulè oswa timoun ki soti nan fwaye ki gen revni fèb yo. Anplis, nan salklas kote pwofesè yo te itilize apwòch akselere a, elèv yo te fini ak 27% anplis leson nivo klas la. An total, 2 milyon elèv nan 100,000 salklas nan tout peyi a te fè pati etid la — anviwon 10% nan enskripsyon total nan lekòl piblik elemantè nan tout peyi a.

MEN POUKISA LI ENPÒTAN

Timoun koulè yo ak timoun ki soti nan fwaye ki gen revni fèb yo gen plis chans pou yo resevwa aprantisaj ratrapaj pase kanmarad yo ki pi rich yo, kanmarad Blan yo, ke yo te reyisi nan kontni nivo klas anvan an oswa ke yo pat reyisi. Reyalite aktyèl sa a ranfòse inegalite ki te entegre defason istorik nan sistèm edikasyon yo. Lè yo enplemante aprantisaj akselere a sou yon gwo echèl, pwofesè yo ak administratè yo ka kreye eksperyans ak rezilta aprantisaj ki pi ekitab pou elèv koulè yo ak elèv k ap viv nan povrete yo.

OPÒTINITE A

Apre fèmti lekòl ane pase yo akoz pandemi COVID-19 la, gen plis elèv pase sa ki te janm genyen anvan ki vin mal ekipe pou yo angaje nan kontni nivo klas yo lè yo retounen nan salklas yo. Sistèm eskolè yo ap eseye detèmine kijan pou yo reyaji: Èske yo ta dwe itilize apwòch tradisyonèl la kote yo revize tout kontni elèv yo te rate a, sa yo rele ratrapaj la?  Oswa èske yo ta dwe kòmanse avèk kontni klas aktyèl la epi ofri sipò “ekzakteman nan bon moman an” lè sa nesesè, sa yo rele akselerasyon aprantisaj la? Rechèch la souliyen klèman avantaj akselerasyon an. Ajans edikasyon etatik yo, distri yo, lekòl yo ak pwofesè yo gen yon opòtinite pou yo konble lakin ki nan edikasyon an atravè itilizasyon estrateji akselerasyon aprantisaj yo, sa ki rann bon kalite aprantisaj la aksesib pou elèv koulè yo ak elèv revni fèb yo. Anplis, distri yo ak lekòl yo gen yon pi gwo opòtinite toujou pou yo alwe lajan Plan Sovtaj Ameriken (American Rescue Plan) enpòtan yo a—espesyalman sa ki destine pou lite kont pèt aprantisaj yo—pou sipòte estrateji akselere yo ni pou anviwònman aprantisaj nan lekòl yo, ni pou anviwònman aprantisaj andeyò lekòl yo.
Resous adisyonèl pou konsidere sou sijè sa a: Chanjman an Kòmanse La a (Change Starts Here) – Sit sa a trase transfòmasyon Lekòl Piblik Battle Creek yo. Mit Opòtinite a (The Opportunity Myth)  – Rapò TNTP ki montre ke elèv yo, espesyalman elèv koulè yo, jeneralman pa gen aksè ak kontni nivo klas yo.

Choctaw Fresh Produce: apwovizyone kominote a nan fason tradisyonèl

Previous article

Sou wout pou yon avni ki pi ekitab: Verite, Gerizon Rasyal ak Transfòmasyon

Next article

Comments

Comments are closed.