Ekite Rasyal

Sipò antreprenè koulè pwomouvwa ekite rasyal

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Pandemi an te frape ti biznis ki nan Michigan yo anpil. Se apeprè yon ka ti biznis ak biznis mwayen ki fèmen pòt yo depi fevriye 2020, epi mèt biznis ki se moun koulè ak fanm te sibi enpak la pi rèd. Atravè Etazini, kantite moun ki se mèt ti biznis bese pa 22% soti nan mwa fevriye 2020 pou rive nan mwa avril 2020. Sepandan se pa tout istwa a sa. Lefèt ke yo soudivize done sa yo baze sou ras, gwo disparite pami antreprenè diferan ras yo vin imedyatman pi evidan. Biznis ki pou blan bese pa 17%, biznis ki pou azyatik bese pa 26%, bizinis ki pou Latino bese pa 32% epi biznis ki pou nwa bese pa 41%, yon pousantaj ki kolosal. Moun koulè ki se mèt biznis pa gen ase fon pou yo itilize nan ka dijans tankou Pwogram Pwoteksyon Chèk Salè (Paycheck Protection Program, PPP). Paregzanp, selon yon sondaj ke Public Private Strategies te fè ansanm ak Chanm Komès Azyatik/Moun Zile Pasifik Ameriken ak Antreprenarya (Asian/Pacific Islander American Chamber of Commerce and Entrepreneurship), Chanm Kòmès pou Moun Nwa nan peyi Etazini (U.S. Black Chambers) ak Chanm Komès Ispanik nan peyi Etazini (U.S. Hispanic Chamber of Commerce), 60% nan prè PPP yo se aplikan blan ki te jwenn yo alòske se sèlman 29% aplikan nwa ki jwenn ladann. Malerezman, estatistik sa yo reflete done ke yo akimile anvan pandemi an, e nou ka wè ke se sèlman 31% nwa ki se mèt biznis ki resevwa tout finansman ke yo te aplike pou li a, an konparezon ak 49% blan ki se mèt biznis, 39% azyatik ki se mèt biznis ak 35% Latino ki se mèt biznis. Sistèm ekonomik ki anpeche antreprenè koulè yo gen siksè fèt pou chanje. Michigan gen yon opòtinite pou l travay avèk kominote nou yo pou kreye nouvo fason pou itilize dola federal ki antre nan eta a pou transfòme sistèm finansyè yo epi pou gen pi bon rezilta pou antreprenè koulè yo. Nou dwe repwograme pratik sistèm prè ekonomik pou antreprenè ak mèt kay koulè yo defason pou ke sistèm nan bay plis aksè ekitab pou kapital. Nwa, Latino ak Azyatik ki se mèt biznis bezwen asistans teknik ki pou ede yo navige sistèm finansyè yo pou yo ka gen plis aksè pou yo ka elaji rezo kapitalize yo. W.K. Kellogg Foundation gen benefisyè kap fè pwogrè pou transfòme sistèm finansyè yo tankou sa ki nan Michigan yo.

"Sistèm ekonomik ki anpeche antreprenè koulè yo gen siksè fèt pou chanje."

Nan vil Grand Rapids, Rende Progress Capital, ki se yon Enstitisyon Finansyè pou Devlopman Kominotè (Community Development Financial Institution), se sèl enstitisyon ki bay prè nan zòn nan ki konsakre pou l sipòte biznis ke antreprenè nwa genyen sèlman; kidonk enstitisyon an ede yo bati richès antanke mèt biznis epitou li ogmante opòtinite anplwa pou moun koulè yo. Rende bay antreprenè kapital yo bezwen, men yo bay asistans teknik tou pou ede mèt biznis yo prepare pou yo fè prè. Nan vil Detroit, gen yon òganizasyon ki pa travay pou pwofi ki rele Building Community Value ki ede fasilite pwojè devlopman imobilye nan zòn defavorize ki nan vil la, kidonk li sipòte rezidan ki te plis afekte poutèt imobilye a nan katye yo. Yo anseye rezidan vil la devlopman imobilye nan ti nivo, se yon kou ki dire twa mwa ki fèt nan yon fason ki adapte ak kontèks la, nan yon fason ki pratik. Travay manm gwoup la fè se yon travay otantik – yo aprann prensip idantifikasyon, akizisyon, finansman, lokasyon ak jesyon pwojè sou yon pwopriyete aktyèl. Epitou lè manm yo patisipe nan kou a, manm gwoup yo vin ekspoze ak yon rezo òganizasyon ki entansyonèlman kiltive ki bay resous ki nesesè pou konplete pwojè devlopman nan Detroit ak ozalantou l yo. Nan vil Battle Creek, Northern Initiatives, yon Enstitisyon Finansyè pou Devlopman Kominotè, ankouraje opòtinite ekonomik atravè devlopman ti biznis kidonk li bay mèt ti biznis yo kapital ak konsèy sou asistans teknik sitou lè konpayi tradisyonèl ki konn finanse lajan yo twouve ke mèt ti biznis sa yo prezante yon twò gwo risk. Northern Initiatives bay prè, li pèmèt yo jwenn sèvis komèsyal ak ankadreman. Tout kolonn antrènman pratik, zouti ak resous yo montre antreprenè yo kijan pou yo jere fli monetè ak pwofi, lavant kap ogmante ak konsyantizasyon ak kijan pou amelyore operasyon biznis yo. Nan vil Detroit, Hope for Flowers, yon konpayi ki vann rad ki trè alamòd, ap travay pou l kreye yon pwodiksyon ekosistèm pou endistri mòd la ki gen ladann yon konsantrasyon sou pwodui dirab, pwodiksyon rad, angajman kominotè, pwogram pou apranti ak fòmasyon jènjan ak seminè. Yo dirije yon pwogram anrichisman atizay ki angaje lajenès e ki montre yo kijan pou yo kreye atizay etan yap respekte prensip pwodui dirab nan pwogram akademik yo prezante a. Objektif la se pou elve fòs ak talan kominote atis nan vil Detroit.

LÈ NOU SIPÒTÈ ANTREPRENÈ KOULÈ YO, NOU TOUT BENEFISYE

Avèk opòtinite ekitab pou tout moun, ekonomi Michigan nan ka reprann apre pandemi an epitou li ka jenere $92 milya pwodiksyon ekonomik chak ane disi 2050. Aktyèlman Ozetazini, gen yon gwo eka nan richès akimile ki egziste ant fanmi blan ak fanmi nwa poutèt diskriminasyon ak disparite nan nivo pou jwenn opòtinite. An 2020, yon fanmi blan anmwayèn te akimile $171,000 nan richès, alòske yon fanmi mwa anmwayèn te akimile $17,150 sèlman. Youn nan pi bon fason pou chanje sa ak avanse jistis rasyal ak ekite rasyal la nan Michigan se pou sipòte antreprenè koulè yo. Karannkat pousan pwodui domestik brit nou depann de siksè ekonomik ti biznis yo. Ti biznis yo mete estabilite nan kominote yo epi se yo ki kreye yon tyè nan nouvo travay ki disponib yo.

Ekite pou jwenn vaksen pwomouvwa ekite nan lasante

Previous article

Bati pouvwa kominotè

Next article

Comments

Comments are closed.