Angajman Kominotè

Bati pouvwa kominotè

0
people community power building

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

ANN FÈ KONESANS NICHELLE

Non pa mwen se: Nichelle Lee Gilbert, Lee a enpòtan paske papa m se te Tommy Lee Gilbert– li te ofri pitit fi li pwòp non li. Epitou li rele m Nichelle poutèt aktris Nichelle Nichols ki se Kapitèn Uhura. Nichols se te premye fanm Afwo-Amerikèn ki te jwe yon wòl prensipal nan televizyon epi papa m te kwè ke mwen ta pral akonpli anpil bagay pou premye fwa.

SITASYON/SLOGAN

KÈLKESWA SA Tricia Hersey ekri PWEN-BA Onore, Renmen, Fè Konfyans, Respekte FANM NWA! #thenapministry #napbishop

POUKISA W FÈ SA WAP FÈ A?

Koneksyon ak kominote yo epi bati relasyon. Mwen panse ke lè w chita nan relasyon, nan tire kont ak kominote, non sèlman ou vin konn plis bagay sou yo, men w vin konn plis bagay sou pwòp tèt ou. Se atravè relasyon ke w vin dekouvri ak devlope pwoksimite ak similarite. Ou vin reyalize ke eksperyans ou fè, konba ou mennen, ak kwasans ou, tout vin aliyen youn ak lòt. Mwen vreman santi yon vokasyon pwofon pou m apwofondi koneksyon sa yo, etan nap fè efò pou n chanje sistèm yo.

KISA EKITE RASYAL REPREZANTE POU OU?

Ekilib lespri pou konprann ke ras se yon konsèp sosyal, se yon kreyasyon ki gen kòm objektif pou oprime tout yon gwoup moun, pou atribye diferan siyifikasyon ak diferan valè. Lantiy nou bezwen pou nou apwoche demantèlman sipremasi blan antanke yon kowalisyon milti-rasyal kote nou rekonèt ke pouvwa a ak lidèchip la se nan noumenm yo ye, e ansanm nap kanpe. Sa mande pou nou fè gran pa difisil e avèk kouraj, oto-egzaminasyon ak chanjman nan naratif la ki pou mete kominote moun koulè yo anchaj chanjman yo eksprime pou tèt yo ak pou fanmi yo. Sa vle di yon amou pwòp ki radikal ak travay depi alabaz, responsabilite ak malèz ak odasite pou nou aneyanti sa ki pa itil nou anyen.

Nichelle Lee Gilbert
Nichelle Lee Gilbert - Asistan Direktris, Partnership for Community Action

“Nou travay ansanm ak kominote yo – kominote a se fòs ki pote chanjman e ki pran pwòp defans li kòmsadwa,” sa a se deklarasyon Nichelle Lee Gilbert, Asistan Direktris nan Partnership for Community Action (PCA). “Pou sa ki gen rapò ak sa kominote ak fanmi yo bezwen pou yo pwospere, se kominote yo ki se vre ekspè yo.

Malgresa, jiskaprezan yo pa koute vwa anpil fanmi nan New Mexico yo nan konvèsasyon ki pi afekte yo e se poutèt sa misyon PCA fikse pou l bati pouvwa kominotè yo tèlman enpòtan. “Se pouvwa sa a, se relasyon pwofon sa yo ak istwa sa yo kap gide travay sa a, e sa kap pase la a, se yon entegrasyon sipò…,” selon Gilbert. Sipò sa yo ke li dekri yo, se sa PCA ofri onivo 2 jenerasyon pou ni timoun yo ni paran yo, kote paran ka jwenn fòmasyon pwofesyonèl pou travay, resous pou biznis ak enfòmasyon sou règleman, etan pitit yo ap resevwa edikasyon siperyè pou timoun piti, ki fèt nan 2 lang.

PCA pase 30 lane ap bati pouvwa nan kominote yo, ap konekte fanmi pou yo pwofite de opòtinite lidèchip ak pledwari ki sipòte chanjman nan règleman ak onivo sistèm yo. PCA konsantre li sou pwoblèm kritik ki egziste nan kominote yo tankou pwoblèm edikasyon, estabilite ekonomik, ekite nan domèn sante ak dwa imigran.

Partnership for Community Action

Antanke yon fanm ki se pitit 2 ras, opinyon Gilbert, lidèchip li ak valè entrensèk li reprezante yon pati entegral nan travay PCA ap fè. Depi nan premye jou li te kòmanse nan travay la, li te santi ke yo te remake li, yo te koute li e yo te valorize li. Kounyeya Gilbert santi ke PCA se lakay li.

“Mwen sonje Javier, direktè egzekitif nou an, ki tap di m, ‘nou vle tande ki pèspektiv ou ak konsèp estratejik ou pou emansipasyon ekonomik fanm – tout moun, tout fanmi – sitou pou moun koulè yo.’ Se avèk anpil kouraj ke mwen pataje istwa m ak lide m yo,” selon sa Gilbert di.

“Pou mwenmenm, antanke fanm koulè, sa ki enpòtan se pou fè moun mete tèt ansanm pou yo travay defason pou demantle sistèm opresyon yo avèk 100% sipò kòlèg mwen yo. Òganizasyon tankou PCA pa fasil pou jwenn — angajman pou soulve vwa kominote a sikile atravè tout aspè òganizasyon an.”

YON RÈV EKONOMIK POU KOMINOTE KI SANTRE SOU PWÒP KWAYANS AK VALÈ YO

Youn nan dènye pwojè PCA ap travay sou yo se yon kanpis komèsyal ki chita sou 2 ak tè avèk yon etablisman ki mezire 17 000 pye kare epi ladann ap gen Sant Antrepriz Sosyal la (Social Enterprise Center) nan South Valley ki nan Albuquerque. Estaf ki nan PCA ak Southwest Creations Collaborative yo rele pwojè devlopman ekonomik sa a “pwojè liberasyon” yo.

“Se yon pwojè ekonomik restoratif avèk yon pouvwa katalitik,” selon Gilbert.

Nan lane 2015, PCA te anvizaje yon pwojè redevlopman ki santre sou ekite rasyal nan South Valley nan Albuquerque, ki se yon kominote ke yo dezenvesti nan li depi plizyè jenerasyon. Gras ak angajman kominotè byen kalkile e entansyonèl ansanm ak rezidan lokal yo, yo vin kreye lide Sant Antrepriz Sosyal la (Social Enterprise Center, SEC) avèk sipò W.K. Kellogg Foundation ak plizyè patnè piblik/prive.

“Etandone ke nou byenn konnen ke envestisman nan kapital imen an se bagay ki kritik pou pwosperite ekonomik mete pye, nou konsidere pwojè sa a kòm yon kote ki fasilite gerizon rasyal ak transfòmasyon pou devlopman ekonomik ak kapital imen. Nou te byen konnen ke dal beton an ak chapant ann asye a pa tap kapte majik, enèjetik ak liberasyon ekonomik ki ta pral rive sou anndan an, e se sa ki te motive pèseverans nou pou n te ka wè pwojè devlopman kominotè sa a pran nesans nan peryòd trè difisil pandemi COVID-19 la te deklanche a.”

Gilbert elabore pi plis toujou pou l di ke lè pòt yo pral louvri nan kòmansman 2022, kwayans ak valè kominote yo ap rete grave nan bilding nan.

Sant Antrepriz Sosyal la ap gen:

  • Enstalasyon fabrikasyon tekstil – Southwest Creations Collaborative – ki se yon biznis kote se fanm sèlman ki dirije l e se fanm sèlman ki travay ladann kote yo fabrike kousen dekorasyon, dra pou kabann ak rad pou konpayi nasyonal tankou West Elm ak Clarion, ansanm ak biznis lokal tankou Ten Thousand Waves
  • Sant fòmasyon kominotè/familyal
  • Sant komèsyal ak sèvis sipò edikatif (aktivite bankè, prè kapital koperatif) pou fanmi ki gen ti revni
  • Sant aprantisaj pou timoun piti ki bay ansèyman kalite siperyè nan 2 lang (faz 2)
  • Biznis ki espesyalize nan manje ki bon pou lasante (faz 2)

KREYE YON KOTE POU FANMI VIN RASANBLE POU INOVE, TRAVAY AK DEVLOPE

Yon modèl antrepriz sosyal ke kominote yo konsevwa, kap planifye pou l anplwaye 70 moun oswa plis, nan yon kanpis familyal, ki nan mitan South Valley, ki pral, san dout, transfòme tout yon kominote avèk lide sou kisa modèl sipò ekonomik kominotè ka fè pou New Mexico ak toupatou nan peyi a.

Enpak Ekonomik

Salè anyèl total
$ 0
Enpak ekonomik anyèl yo estime poutèt kreyasyon nouvo travay yo
$ 0
Enpak ekonomik anyèl yo estime poutèt pwojè total la
$ 0

"Sa a gen yon enpak kap atenn plizyè jenerasyon pou vwazen ak kominote nou yo – se yon kontribisyon nan avni pitit nou yo e mwen pa ka tann pou m wè pwojè sa a reyalize nan lane kap vini yo."

Avèk efò PCA ap fè yo, anplwa potansyèl la pral gen yon enpak sou nèf pwochen lane yo pou rejyon an, ikonpri:

nouvo travay faktori
0
nouvo travay nan sektè ki pa travay pou pwofi
0
nouvo travay nan gadri pou timoun
0
nouvo travay nan sektè ki vann an detay
0
nouvo travay total
0

APRANN PLIS BAGAY SOU PWOJÈ A APATI DE LIDÈ YO PÈSONÈLMAN

Sipò antreprenè koulè pwomouvwa ekite rasyal

Previous article

Mezi klima a ap chanje, kèk modèl finansman chanje tou

Next article

Comments

Comments are closed.