Sante

Ekite pou jwenn vaksen pwomouvwa ekite nan lasante

0
Vaccine equity promotes health equity

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Pandemi aktyèl la ekspoze anpil fay ki gen nan sistèm sante Etazini a, ikonpri inikite rasyal frapan ak rasis estriktirèl ki fè patide swen sante ann Amerik. Kit se moun nwa, mawon ak endijèn, yap kontinye mouri akòz COVID-19 a yon to ki 2 fwa pi wo pase moun blan, e moun blan yo ap resevwa vaksen an a yon to ki 2 a 3 fwa plis pase moun koulè. Byenke tandans nasyonal resan yo fè konnen ke eka rasyal nan vaksinasyon yo diminye, patikilyèman pou Ispanik yo, malgresa disparite yo pèsiste. Gen plizyè faktè—enplisit ak eksplisit—nan sistèm sante piblik la ki te vin agrave inikite yo pandan kriz COVID-19 la.

"Se pa kowonaviris la ki kreye inikite rasyal nan domèn lasante. Li senpleman dekouvri l epi li revele li. Disparite sa yo egziste depi lontan Ozetazini, epi yap pèsiste sou tout laliy antanke kòz prensipal lanmò, depi nan bèso jouk nan tonbo."

Fay nan distribisyon vaksen
Kòmansman pi gwo kanpay vaksinasyon an mas nan istwa Etazini a te pote anpil konfizyon. Pandan ekspè federal nan domèn sante yo andose rekòmandasyon pou bay priyorite nan vaksen yo, yo te pouse pifò responsabilite pou distribisyon an sou kont depatman sante nan eta yo. Gen yon analiz yo fè nan plan distribisyon leta okòmansman ki montre apeprè plis pase mwatye (25 nan 47) eta ki gen plan distribisyon vaksen ki disponib piblikman, te gen omwen youn ki te mansyone pou yo enkòpore ekite rasyal nan konsiderasyon yo te fè pou sible popilasyon priyoritè yo. E malgresa, moun koulè gen plis chans—a dè to dispwopòsyone— pou yo se travayè esansyèl e pou yo gen pwoblèm sante ki egziste deja ki a risk elve. Kounye a gouvènman federal la aktive pwen aksè anplis pou vaksinasyon, ikonpri distribisyon nan famasi ki vann an detay ak nan sant sante kominotè, ki yomenm ka kouvri yon popilasyon konsiderab nan kominote yo.

Pèsepsyon sou kominote moun koulè yo
Nan mitan baryè estriktirèl sa yo, gen pèsepsyon danjere kap fè konnen moun koulè – espesyalman kominote nwa yo—pa vle pran vaksen an, e ke yomenm, antanke yon gwoup omojèn, yo klase yo antanke moun ki ezitan pou pran vaksen an. Byenke adilt nwa ak ispanik yo rete ankèlkesòt gwoup ki gen plis chans pase adilt blan pou yo di ke yap “tann pou wè” anvan yo pran vaksen an, antouzyas pou pran vaksen kont COVID-19 la kontinye monte pami gwoup rasyal ak gwoup etnik yo. Apeprè sis moun nwa pami dis (59%) adilt ak detyè adilt ispanik (64%) ak adilt blan (66%) kounyeya ki di ke yo pran swa omwen yon dòz vaksen an oswa ke yap pran l osito yo kapab.

Baryè pou jwenn aksè
Byenke gen anpil moun ki vle pran vaksen an, baryè istorik, baryè sistemik pou gen aksè ak swen sante egziste, sitou pou kominote moun koulè yo. Pami baryè yo, gen enkapsite pou aksede ak navige sistèm pwogramasyon anliy la; yon enkapasite pou pran tan absans nan travay la, sitou lè pwotokòl vaksen aktyèl la egzije pou fè 2 vizit; yon enkapasite pou pran plis tan konje nan travay la pou refè apre efè segondè vaksen an bay; opsyon gadri pou timoun ki limite etan paran yo ap adapte ak sitiyasyon lekòl ibrid yo; chwa pou jwenn mwayen transpò yo limite; ak potansyèl baryè lengwistik

Antretan, relasyon ki egziste ant kominote koulè ak sistèm sante piblik la se yon relasyon ki konplèks e ki gen nyans. Gen kèk entelektyèl ki te menm fè konnen yo mande yo fè sistèm inegalite a konfyans alòske istorikman li ekskli popilasyon koulè yo.

“Nou pale de kominote nwa yo ki ezitan, men mwen panse ke yo gen rezon si yo pa kwè nan yon sistèm sante ki istorikman maltrete yo jouk jounen jodiya a,” selon Melody Goodman, Asistan Dwayen pou rechèch e asistan pwofesè biyostatistik nan NYU School of Global Public Health ki etidye disparite nan domèn sante.

Aprann sou sa ki pase deja

Dokiman nou pibliye resaman an Reflechi sou sa ki te pase pou transfòme lefiti: Leson nou tire nan sibvansyònman pou pwomouvwa ekite nan lasante ak reponn lè gen kriz, ki kapitalize travay WKKF ap fè depi lontan ak kominote yo, eksperyans nan sibvansyònman ann ijans ak asosyasyon avèk moun kap fè rechèch yo ak defansè yo, li bay leson kle pou adrese inekite nan lasante ak inekite sosyal. Yon entèvansyon pou retablisman lè gen kriz, ki ekitab fèt pou li:

  • Fèt ann asosyasyon avèk moun ki sibi plis enpak epi nan rit moun yo.
  • Jwenn sipò nan apwòch ki enfòme sou twomatis yo—yo vital pou retablisman alontèm ak rezistans.
  • Ranfòse kapasite òganizasyon ki pa travay pou pwofi yo ki responsab pou bati kapasite kominote a.
  • Gen alabaz yon konpreyansyon ke pwoblèm alontèm mande solisyon alontèm ak envestisman.

SATISFÈ BEZWEN KOMINOTE A

Apre pandemi a, benefisyè WKKF yo, kominote yo ak òganizasyon asosye yo pral re-imajine ak rebati sistèm ki santre sou ekite rasyal yo. Yo gen lidèchip la, konesans ak detèminasyon pou yo fè kominote yo avanse.

Jiskadat, WKKF envesti plis ke $15 milyon nan òganizasyon kap travay pou detwi sistèm yo ak inikite rasyal pou asire ke ekite nan jwenn vaksen pwomouvwa ekite nan lasante. Sipò nou bay la, gen ladan l ankadre òganizasyon ki sou teren an, òganizasyon kominotè yo ki depwlaye efò eksesif odela de kapasite yo pandan pandemi an; ki adrese kominikasyon nasyonal ak eka nan kanpay yo, lè yo demokratize enfòmasyon yo; ak lè yo rasanble patnè ki nan sektè filantwopik la pou antreprann aksyon kolektif ki baze nan kominote a.

“Aktive yon kanpay vaksinasyon kont COVID-19 ki ekitab se pa sèlman asire ke tout moun ka jwenn vaksen an,” selon Alexandra Quinn, PDJ nan Lidèchip Sante benefisyè nan WKKF. “Trè souvan, entèvansyon sante piblik ki soti anwo pou rive anba, pa teni kont de moun ki plis bezwen sipò pou sante yo, kidonk moun sa yo santi ke yo ekate yo nan pwosesis planifikasyon ak pwosesis priz desizyon kap fèt yo.”

"Trè souvan, entèvansyon sante piblik ki soti anwo pou rive anba, pa teni kont de moun ki plis bezwen sipò pou sante yo, kidonk moun sa yo santi ke yo ekate yo nan pwosesis planifikasyon ak pwosesis priz desizyon kap fèt yo.”

Pou kominote nwa, latino ak endijèn ke byen souvan te sijè pou eksperimantasyon medikal, tretman medikal endezirab oswa ke yo fòse yo fè, oswa ke yo te inyore opinyon yo nan pwosesis priz desizyon ki tap fèt sou sante piblik ak kominotè a, yon kanpay vaksinasyon kont COVID-19 ki ekitab, yon kanpay ki envesti nan òganizasyon kominotè ak mendèv kominotè (tankou travayè sante kominotè ak Promotoras de Salud), ki yomenm dirije li, kapab kòmanse rekonèt domaj ke istwa sa yo ak mezi pou konbat pandemi an lakòz.”

Nap annonse 10 finalis global yo pou Ekite Rasyal 2030

Previous article

Sipò antreprenè koulè pwomouvwa ekite rasyal

Next article

Comments

Comments are closed.