Sante

Nap konfwonte yon kokennchenn defi etan nap amelyore mwayen pou manman ak timoun jwenn swen de kalite nan Mibalè, Ayiti

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

An Ayiti, pandemi kowonaviris la menase yon sistèm sante ki tou deja frajil nan yon peyi ki konn gen gwo dezas natirèl deja. Pandan ensètitid ap kontinye grenpe, men kijan yon lopital ap konbat, avèk kouraj, maladi anvayisan sa a nan peyi a.

Lopital Inivèsitè Mibalè (University Hospital of Mirebalais, UHM) ofri pi bon kalite swen medikal pou timoun ak manman nan Plato Santral Ayiti e yo aplodi l pou bèl pwogram edikatif nan domèn sante li genyen ki gen renome mondyal. Ant Lopital Inivèsitè Mibalè ak Pòtoprens, gen yon distans 40 mil (64 kilomèt). Se Partners in Health (PIH) tout moun nan zòn nan konnen sou non “Zanmi Lasante” ki administre l. Lopital Inivèsitè Mibalè bay tout kalite sèvis kòmsadwa. Li anseye medsin epi li gen ototal 300 kabann, yon sant pedyatri konplè ak pi gwo inite swen entansif neyonatal an Ayiti. Depi premye fwa lopital la te louvri pòt li an 2013, li transfòme swen sante nan yon zòn ki gen plis pase 3,4 milyon moun.

Avèk fondasyon solid sa a, Lopital Inivèsitè Mibalè a pran inisyativ pou l konfwonte pandemi kowonaviris sa a ki ap fè ravaj nan peyi a.

Inite COVID-19 nan Lopital Inivèsitè Mibalè, kote anplwaye yo travay douz èd tan pa jou epi yo itilize yon sèl inite Ekipman Pwoteksyon Pèsonèl (mas, linèt sikirite, ak rad pwoteksyon, elatriye) pa jou pou yo konsève rezèv yo ki limite. (Koutwazi Le Nouvelliste)

Pandan Ayiti tap prepare l pou COVID-19 kap vini, anplwaye medikal Lopital Inivèsitè Mibalè a mete anplas yon plan rapid pou fè fas avèk li. Selon Marc Julmisse ki se Direktris Jeneral Adjwen ak Direktris Adjwen Enfimyè nan Lopital Inivèsitè Mibalè, byen lontan anvan yo te menm detekte premye ka kowonaviris la anAyiti, ekip administrasyon lopital la te gentan pran dè mezi, ki vle di li te ranfòse sistèm triyaj yo pou idantifye rapidman ka potansyèl COVID-19 yo – yon demach ki fèt atan, puiske se Lopital Inivèsitè Mibalè ki tap vinn etablisman medikal ki resevwa ka sa yo nan mitan mwa mas la.

Lopital Inivèsitè Mibalè se youn nan senk lopital Ministè Sante Ayisyen (MSPP) deziyen pou trete ka COVID-19 ann Ayiti. Depi premye ka sa yo fin parèt, li resevwa yon pakèt lòt ka ankò, ikonpri pasyan ki malerèzman pa reyisi siviv viris la. Lopital Inivèsitè Mibalè te konvèti inite l te kreye pou pasyan ki gen kolera ak dyare yo pou transfòme l an sant tretman pou COVID-19 ak 17 kabann espesyalman pou sa. Kominote medikal la antisipe Ayiti pral bezwen omwen 9 000 kabann lè viris la pral atenn pik li. Lopital Inivèsitè Mibalè travay deprè ak patnè sante ki an Ayiti yo pou l ogmante kapasite l pou l ka fè fas ak bezwen kap kontinye ogmante a.

Anplis de swen dirèk li bay, PIH konte sou yon atou li genyen gras a prezans li depi kèk deseni nan rejyon an: konfyans kominote a, ki se yon eleman kritik pou l konbat maladi prevalan sa a kap kontinye pwopaje. Lopital Inivèsitè Mibalè ap deplwaye travayè swen kominotè l yo, ke tout moun respekte, pou l kanpe pwopagasyon viris la ak demanti move enfòmasyon kap sikile. Pwofesyonèl medikal de konfyans sa yo reyisi gen konfyans rezidan ki refize koute sa moun deyò ap di yo epitou yo rive ap konbat diskriminasyon moun ap fè kont moun ki enfekte yo – ki se yon gwo defi nan yon ti peyi ki chaje ak entèvansyon etranjè ak enstabilite politik, ekonomik ak sosyal nan istwa l.

Nap Bati Gras a Yon Elan Nasyonal

Moun nan zòn nan toujou ale nan Lopital Inivèsitè Mibalè pou jwenn bon kalite sèvis sante gratis. Lopital Inivèsitè Mibalè bay swen prenatal, neyonatal ak swen pedyatri ki amelyore defason konsiderab lavi manman ak tibebe yo. Chak ane gen plis pase 35 000 vizit pou swen prenatal ak anviwon 6 000 akouchman yo fè nan etablisman an (an mwayèn), epi lopital la trete kèk nan ka obstetri ak ka pedyatri ki pi konplike nan peyi a. Rezon ki fè lopital la ka bay bon kalite tretman se gras a anplwaye ekspè l yo e gras a pwogram edikasyon medikal li kap devlope. Nan Lopital Inivèsitè Mibalè, gen plis pase 123 rezidan medikal ayisyen ki gradye nan diferan branch, tankou medsin ijans, chirji ak pedyatri. Pami rezidan ki gradye yo, gen apeprè 98% nan yo ki chwazi rete an Ayiti pou konble mank ki egziste nan sektè swen sante ki tou deja bezwen pèsonèl medikal espesyalize.

Anplisde sèvis medikal li bay kap sove lavi, PIH pwodui manje terapetik ki tou pare pou kuit pou trete plis ke 10 000 timoun ki poko gen 5 lane daj e ki soufri malnitrisyon chak ane. PIH asosye l ak Partners in Agriculture (Zanmi Agrikòl), pou PIH pwodui yon sipleman nitritif ki baze sou yon manba ki rele Nourimanba pou l trete malnitrisyon modere ak malnitrisyon egi. Nourimanba chaje ak eleman nitritif epi l bay timoun yo vitamin yo bezwen pou devlopman fizik ak devlopman entelektyèl yo. Yo plante pistach yo onivo lokal, anpati avèk kolaborasyon Acceso Peanut Enterprise Corporation ki se yon antrepriz agrikòl ki bay ti peyizan travay pou ogmante chenn alimantè lokal la. Nan Mibalè nou gen yon etablisman ki gen 18 000 pye kare kap pwodui plis ke 60 000 kilogram Nourimanba chak ane.

Depi lè tranbleman de tè 2010 la te ravaje Ayiti, PIH te fè anpil zefò pou li satisfè bezwen sante moun ki rete nan zòn nan, e yo fè anpil zefò tou pou amelyore fason pou moun jwenn bon kalite swen medikal, kidonk yo kòmanse konstriksyon Lopital Inivèsitè Mibalè, epi apre yo agrandi inite swen neyonatal la epi yo entansifye mezi pou amelyore alimantasyon manman yo ak pitit yo. An 2017, Lopital Inivèsitè Mibalè te inogire Kay Manmito pou manman ki ansent yo jwenn yon kote pou yo rete, menm bagay pou manman ki gen gwosès difisil.. Depi yo fin inogire l, gen plis pase 420 manman ki vizite Kay Manmito, e se yon lokal ki ka pran 44 fanm an menm tan, ki bay manje twa fwa pa jou ak swen kangouwou – yon tretman po-sou-po ki pèmèt tibebe ki pa fèt atèm yo regle tanperati kò yo e pou yo manje pi souvan.

Kay Manmito se yon lokal ki ka pran 44 fanm an menm tan, ki bay manje twa fwa pa jou ak swen kangouwou –– yon tretman po-sou-po ki pèmèt tibebe ki pa fèt atèm yo regle tanperati kò yo e pou yo manje pi souvan.

PIH kontinye fè zefò pou l bay kalite swen ki ekselan pandan lap fòme pwochen jenerasyon pwofesyonèl medikal peyi a. Pa pita ke janvye 2020, apre yon pwosesis revizyon sou plizyè lane, Lopital Inivèsitè Mibalè a te resevwa yon avi ofisyèl ki ba li akreditasyon global pou pwogram edikasyon medikal li genyen an. Lopital Inivèsitè a se youn nan lopital nan sèt lòt peyi sèlman, onivo mondyal – se Panama sèlman ki nan Emisfè Lwès la – ke òganizasyon ki akredite onivo entènasyonal la, rekonèt.

Sa a se yon gwo siy ankourajman pou bon kalite swen imedya ak swen alontèm pou kominote ki nan Plato Santral Ayiti yo e pou peyi a anjeneral.

Koute Marc Julmisse ki se Direktris Jeneral Adjwen ak Direktris Adjwen Enfimyè nan Lopital Inivèsite Mibalè, kap esplike kijan lopital la takle mòtalite enfantil ak mòtalite matènèl atravè “pwogram J-9” li, ki se yon pwogram ki bay manman yo ak pitit yo bon kalite swen, kèlkeswa nivo salè yo. Jis peze “play [jwe]” bouton ki anba a pou tande istwa a. (Se sèlman disponib nan lang angle)

Pandan 90 Lane… Pou Timoun

Next article

Comments

Comments are closed.