lidèchip

Pandan 90 Lane… Pou Timoun

0
postcard image for The W.K. Kellogg Foundation

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Katrevendizyèm (90yèm) anivèsè nou an tonbe nan yon peryòd gwo kriz. Pandemi kowonaviris (COVID-19) la lakòz plis moun nwa, san mele ak endijèn soufri epi mouri. Tout ekran temwen asasina gason ak fanm nwa avèk mepri brital pou lavi moun. Epi laraj li lakòz la – sou plan lokal, nasyonal, ak entènasyonal – eksprime chagren kolektif mond lan epi vin kreye apèl pou aksyon.

Moman an pa pèdi pou nou. Kidonk olye nou selebre yon anivèsè, n ap make etap enpòtan sa a yon fason ki angaje pliske jamè swè fondatè nou an, W.K. Kellogg. Li te kreye Fondasyon Kellogg la pou richès li te ka “ede timoun tout kote afwonte avni yo ak plis konfyans.” Nan lane 2020 sa a, eritaj nou an gen plis sans epi li pi ijan pase jan li te toujou ye.

Yon Angajman ki Fèt nan Kriz

Yon piblikasyon nasyonal te deja dekri Fondasyon Kellogg la tankou “yon fon Midwès (manch long) infòmèl  k ap travay yon fason efikas sou yon seri pwoblèm pifò fondasyon neglije.” Soti nan lè nou te kreye nan lane 1930 rive jodi a, deskripsyon sa a toujou apwopriye.

Nan dat 21 jen 1930, twa nèg (gason) Michigan te siyen yon ak konstititif pou Fondasyon W.K. Kellogg la epi yo te solidifye yon vizyon pou yon òganizasyon byenfezans ki gen yon nouvo apwòch. Yo fikse tèt yo sou – epi yo mete alekri – yon vizyon pou “bay finansman pou lasante, edikasyon ak byennèt moun, men prensipalman timoun ak jèn, san diskriminasyon akòz ras (koulè), kwayans oswa distribisyon jeyografik.”

Papye yo te siyen anviwon sèt mwa jou pou jou apre mache bous (dejanj)  la te fè fayit, sa ki te lage peyi Etazini nan Gwo Depresyon an. Kat milyon moun t ap chèche travay. Vin gen plizyè nivo pòvrete epi moun vin grangou pandan agrikiltè yo pat gen mwayen pou yo rekòlte. Sanble nan moman difisil, pi souvan se timoun ki soufri plis. Sanble gen fòs yo pa kontwole ki ralanti lavi yo ak avni yo.

Fondatè W.K. Kellogg ak premye administratè li yo te konnen sante, bonè ak byennèt timoun – sa nou rele jodi a kapasite timoun pou yo byen devlope – te totalman depann de granmoun ki nan antouraj yo. Doktè yo, pwofesè yo, agrikiltè yo, paran yo, antreprenè yo ak responsab politik yo, yo tout fasone kondisyon ak kontèks ki antoure timoun yo.

Kidonk, yo te deside pi bon apwòch pou nouvo fondasyon sa a se te ede moun pou yo ede tèt yo. Yo te deside envesti nan solisyon ki akse sou kominote, pandan y ap ekipe granmoun yo tou avèk enfòmasyon ak resous ki nesesè pou aplike solisyon pratik yo.

Jan W.K. Kellogg te ekri, “Pi gwo byen pou pi gwo kantite moun ka soti sèlman nan edikasyon timoun nan, paran an, pwofesè a, doktè fanmi an, ak kominote a yon fason jeneral. Edikasyon ofri pi gwo opòtinite pou vreman amelyore yon jenerasyon parapò ak yon lòt.”

Yon milyonè pa aksidan, ki enspire pou lavi

Lè ak konstititif la te siyen, W.K. Kellogg te gentan fè non l. Alaverite, lè sa a tout timoun nan peyi Etazini yo te gentan konn pwodui espesyal li a sou bwat kònflèks manman yo te mete sou tab dejene a. Se atravè fanmi sa yo Mesye Kellogg te vin yon milyonè, prèske nan yon sèl jou, sa ki vin fè l santi l gen yon dèt vizavi yo. Li te pran angajman pou l “yon gadyen fidèl” epi li te dedye fòtin li pou timoun te ka byen devlope.

Malgre aktyalite a – kreyasyon yon òganizasyon byenfezans pandan yon fayit ekonomi – anvi Mesye Kellogg pou l wè amelyorasyon nan lavi timoun yo te kòmanse pandan pwòp anfans li nan lane 1860 yo epi li te vin devlope pandan karyè l ak biznis li t ap grandi.

Nan lane 1930, Mesye Kellogg te yon antreprenè ki te gen metòd ki te atire atansyon Prezidan Herbert Hoover. Lè chomaj la te rive 30% atravè peyi Etazini, Mesye Kellogg te ajoute lè travay epi li te anplwaye plis gason pou travay nan faktori Battle Creek, Michigan li a. Prezidan Hoover te pran nòt epi li te envite Mesye Kellogg nan Konferans nan Mezon Blanch la sou Sante ak Pwoteksyon Timoun, ki te fèt nan mwa avril 1930.

Delegasyon an te elabore yon Konvansyon sou Timoun. Premye administratè fondasyon an te site dokiman sa a kòm enspirasyon prensipal estrateji yo. Pami diznèf pwen konvansyon an:

“Pou tout timoun, preparasyon konplè pou nesans li, pou manman l resevwa swen anvan nesans la, pandan nesans la epi apre nesans la epi etablisman yon seri mezi pwoteksyon k ap rann pwokreyasyon an pi sekirize… 

“Pou tout timoun, yon kominote ki rekonèt epi planifye reponn ak bezwen l…

“Pou tout timoun, yon edikasyon ki, atravè dekouvèt ak devlòpman kapasite endividyèl li, prepare l pou lavi… 

“Pou tout timoun, dwa pou l grandi nan yon fanmi ki gen yon nivo lavi estanda avèk sekirite yon revni estab…

Konvansyon sou Timoun nan te fini avèk yon envitasyon pou devlòpman òganizasyon sante piblik nan nivo lokal ak rejyonal, sa ki te vin yon priyorite pou Fondasyon W.K. Kellogg la epi yon pati nan eritaj dirab li. Jodi a, anpil nan konviksyon Konvansyon an repete nan twa priyorite nou yo: timoun k ap byen devlope, fanmi k ap travay, kominote ekitab.

 

90 lane envestisman

Anvan yo te poze aksyon, premye administratè fondasyon an te etidye epi analize anpil. Yo te gade sa lòt fondasyon t ap fè, ki timoun ki te pi neglije ak relasyon apwopriye ant yon donatè ak yon kominote. Kòm rezilta, yo vin jwenn kèk konklizyon.

Toudabò, yo te rekonèt anpil fondasyon t ap finanse bonjan rechèch nan domèn lasante, edikasyon ak byennèt. Men doktè yo, edikatè yo, paran yo ak lòt granmoun nan kominote an mwayèn pat okouran rechèch sa yo oswa yo pat fin konnen kijan pou yo aplike yo.  Kidonk, premye desizyon estratejik administratè yo te pou yo konsantre efò yo sou pwogram ki te aplike konesans ki te egziste deja.

Apresa, anpil fondasyon t ap finanse inisyativ nan sant iben yo. Men timoun riral la te neglije nèt. Yo te chwazi konsantre sou timoun ki te pi malere yo nan moman an.

Finalman, sou relasyon avèk sa yo t ap desèvi yo, premye administratè yo te detèmine Fondasyon Kellogg la pa t ap antre nan kominote yo ak tout lide yo nan tèt yo sou sa sosyete a bezwen; olye sa li t ap konvoke lidè kominote a pou fòje solisyon ansanm. Lidè yo te gen ladan yo aktè evantyèl yo (responsab politik yo, konsèy minisipal yo ak gouvènman County (awondisman) a) ansanm ak lidè yo pa rekonèt yo – agrikiltè yo, paran yo ak pwofesè yo.

Apwòch sa yo – aplikasyon konesans, konsantrasyon finansman pou sipòte popilasyon timoun ki pi malere yo, devlòpman lidèchip ki pa abityèl yo ak sipò solisyon ki akse sou kominote yo – toujou nan kè estrateji Fondasyon Kellogg yo jodi a. Se poutèt sa nou di – ekite rasyal, angajman kominotè ak lidèchip – nan ADN nou.

"Sa te ban m anpil satisfaksyon lè m santi kontribisyon Fondasyon an pral ede timoun tout kote afwonte avni yo avèk plis konfyans, plis sante nan lespri yo ak nan kò yo epi plis sekirite nan konfyans yo genyen nan peyi sa a ak enstitisyon li yo."

- W.K. Kellogg
Minda Corso
Minda is the digital communications manager at the foundation. She is responsible for hands-on execution of integrated digital marketing and communications strategies to support organizational as well as internal and external communications goals and objectives. She works with the communications team to identify, develop and execute digital marketing and communications tactics across the WKKF digital ecosystem. She collaborates with organizational peers and teams to elevate the foundation’s strategies, programmatic priorities, and relationships with priority audiences, including internal staff, grantees and external stakeholders.

    Nap konfwonte yon kokennchenn defi etan nap amelyore mwayen pou manman ak timoun jwenn swen de kalite nan Mibalè, Ayiti

    Previous article

    Li plis pase yon Bibliyotèk, se Yon Ajan Transfòmasyon Kominotè

    Next article

    Comments

    Comments are closed.