This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)
Anvan menm nouvo kowonaviris la te vin yon menas mondyal, Nasyon Zini (UN) te gen prediksyon katastwofik pou Ayiti pou lane 2020 an. Yon ajans imanitè UN te rapòte nan mwa desanm 2019 ke nan kèk mwa 40 pousan ayisyen t ap “bezwen asistans imanitè dijans.” Pami kòz yo te genyen twoub politik, ensekirite ak ogmantasyon pri manje. Ajoute yon pandemi sou sa t ap deklanche yon evantyèl katastwòf imanitè.
Avètisman sa a yo twò familye ann Ayiti. Epi menm si gen kèk moun ki byen akeyi chajman èd ki vini souvan soti nan peyi Etazini ak lòt kote, gen lòt moun ki mande tèt yo poukisa yon peyi agrikòl konsa paka jwenn plis manje lakay li.
Yon meyè souverènte alimantè ann Ayiti t ap sipòte agrikiltè lokal yo epi diminye risk kriz famin alavni. Gen yon rezo òganizasyon k ap devlope k ap pouse Ayiti nan direksyon sa a, epi pèmèt plis agrikiltè ayisyen sipòte pwòp fanmi yo pandan y ap bay moun ki pi nan bezwen yo manje.
Acceso Haiti fè pati ekosistèm k ap grandi sa a.
Robert Johnson, chèf operasyon Acceso Haiti a, di ke rezo a esansyèl pou devlopman souverènte alimantè a epi pou travèse peryòd difisil sa a. Se yon kesyon “[kenbe] pi gwo vizyon an, kenbe chemen an epi goumen, men fè l ansanm ak patnè w yo epi vin pi fò ansanm.”
Agwoendistri sosyal la te lanse nan lane 2014 pou sipòte yon inisyativ swen sante òganizasyon ki pa gen objektif fè lajan an, Partners in Health (PIH), Zanmi Lasante (ZL) ann Ayiti. ZL fè Nourimanba, yon manba fòtifye pou trete timoun ki soufri malnitrisyon epi Acceso vin tounen founisè prensipal pistach izin yo a nan Plato Santral, Ayiti. Misyon biznis la te pou ede agrikiltè yo ogmante revni yo atravè asistans teknik ak amelyorasyon chèn valè a. Pandan l kenbe ZL kòm achtè prensipal, Acceso kontinye pou l ajoute kèk douzèn lòt antrepriz ki fè manba kòm kliyan epi pou l devlope nan lòt kilti.
"Se yon kesyon “[kenbe] pi gwo vizyon an, kenbe chemen an epi goumen, men fè l ansanm ak patnè w yo epi vin pi fò ansanm.”
ROBERT JOHNSON, CHÈF OPERASYON ACCESO HAITI Tweet
Achtè sa yo reprezante sèlman youn nan plizyè tip patenarya Acceso fòme ann Ayiti, sa ki pozisyone biznis la yon fason pou l fè fas ak vag defi li jwenn pandan plizyè lane – politik, ekonomik, anviwònmantal epi ki gen rapò ak lasante. Plis toujou, kolaborasyon yo pèmèt Acceso pran yon lòt nivo epi reponn ak bezwen kominotè ke tout defi sa yo kreye yo.
Lide pou fòme alyans pou favorize souverènte alimantè a ak sekirite alimantè a pa nouvo Ayiti, men opòtinite ak nesesite ogmante enpòtans li. Nan Rezo Aprantisaj atravè Omològ Ayiti a (Haiti Peer Learning Network, HPLN), yon kominote benefisyè sibvansyon ak patnè Fondasyon Kellogg atravè diferan sektè, Responsab Pwogram WKKF la, Dana Francois, di ke ansanm, òganizasyon yo tounen yon motè pwisan.
Li di: “Efò patnè k ap opere nan diferan nivo, atravè chèn valè yo, atravè sektè yo, atravè zòn yo, ka sipòte youn lòt pou yon enpak ki ka elaji.”
Nan yon reyinyon HPLN ki fèt nan Pòtoprens nan lane 2015, patnè yo, ki gen ladan yo Acceso, Fakilte Syans Agwonomik ak Anviwònmantal (FSAE) Inivèsite Quisqueya a, Haiti Christian Development Fund, Heifer International, Haiti Projects ak Fonkoze, te trase yon ekosistèm k ap jenere revni yo ta ka devlope epi ranfòse ansanm, ansanm ak lòt enstitisyon nan kominote yo. Acceso te yon eleman santral, yon “entèmedyè” ant pwodiktè yo, testè yo, agwoendistri a, envestisè yo ak pwofesyonèl sèvis agrikòl yo.
Francois di depi reyinyon sa a, valè ak karaktè ijan modèl ekosistèm sa a kontinye ogmante ann Ayiti.
Realizasyon resan Acceso ak patnè l yo akonpli yo soti nan travay kolaboratif HPLN nan. Yo ilistre pouvwa patenarya yo lè yo chavire nosyon sou pwogrè nan peryòd kriz yo.
YON EKSPÒTASYON GASTWONOMIK AYISYEN
Nan lane 2020, Lavi Spicy Peanut Butter te kòmanse vann nan magazen nò ameriken yo.
Nan yon lòt kolaborasyon Acceso-Zanmi Lasante, anplwaye nan izin Nourimanba ZL la te kòmanse melanje epi mete nan bokal manba ki fonn nan bouch, ki pike a ki se yon aliman debaz nan fwaye ayisyen yo. Etikèt koulè viv Lavi a te fèt pou yon nouvo mache, men se pa t yon moman fasil pou kòmanse ekspòte yon pwodi soti Ayiti. Peyi a te pratikman bloke poutèt twoub politik, kote lekòl ak biwo yo te fèmen epi lari a te bloke tout tan.
Sergeline Malvoisin René, direktè komèsyal Acceso Haiti a di: “Bato yo te vini men souvan pa t gen pèsonn la pou chaje yo … oswa pa t gen pèsonn la pou ranpli fòmalite administratif yo.”
Finalman, premye chajman an rive jwenn de (2) detayan sou entènèt nan peyi Etazini epi nan kòmansman lane 2020 an, li kòmanse rive nan magazen nan Brooklyn. Pandan ane a, plizyè detayan sou entènèt ak plis pase yon douzèn magazen nan peyi Etazini ak Kanada t ap vann li.
Nan mitan sezon otòn nan, Lavi te disponib sou Amazon.
Nan Nò Amerik la, Lavi se yon pwodi deliks – k ap vann $10 yon bokal. Ayiti, li sipòte agrikiltè yo ak fanmi yo lè l konekte yo ak yon nouvo basen kliyan k ap devlope. Li ede timoun tou lè l enjekte pwodi yo nan ti goute nitritif pou lekòl: pou chak bokal ki vann nan peyi Etazini, gen yon ti goute ki founi Ayiti.
Robert Johnson rele Lavi “egzanp san fot la” pou sa travay di ak bon patenarya ka bay kòm rezilta. Li di lè Acceso te kòmanse fonksyone ann Ayiti, ekspòtasyon yon pwodi abaz pistach ki te respekte estanda peyi Etazini yo pa t ap posib.
Li di: “Nou gen defi chak jou toujou, asireman.”. “Men lè nou senpleman gade kote nou ye kounye a parapò ak kote nou te ye sa gen senk lane, se yon tou nouvo opòtinite.”
ASISTANS ALIMANTÈ DOMESTIK GRAS AK PATENARYA
Inisyativ resan sa yo montre kijan kolaborasyon atravè sektè yo ka redwi ensekirite alimantè a jodi a epi ede anpeche l rive alavni.
Nan sezon prentan lane 2020 an, patnè HPLN yo te eksplore fason pou kolabore ant diferan sektè yo pou reponn ak bezwen ijan pandemi an te kreye yo. Kòm rezilta, Lopital St. Boniface la te founi mask Haiti Projects te fè; Haiti Projects te difize mesaj enterè piblik sou kowonaviris ke Blue Butterfly Collective te kreye; epi Acceso elaji livrezon manje lokal yo nan lekòl yo nan Model School Network (Rezo Lekòl Modèl (RLM)) la ak nan lopital nan HPLN nan.
Lè lekòl yo te fèmen poutèt kowonaviris la, yo te tounen pwen rekiperasyon pou fanmi yo vin chèche ti goute ak manba pou al lakay yo ki pou te fè yo plizyè semèn, alafwa. Lè kou yo te vin rekòmanse, Acceso te kòmanse founi pwodi sèk pou repa cho bay lekòl ki pat konn sèvi yo anvan.
Cassandre Regnier, direktè pwogram nan Summits Education, di ke ti goute ak repa lekòl nan kominote ki gen bezwen yo enpòtan pou aprantisaj la menm jan ak lasante.
Summits, yon òganizasyon ki pa gen objektif fè lajan k ap jere yon rezo 40 lekòl primè nan RLM lan, te evalye kontrent prensipal pou aprantisaj nan lekòl yo. Regnier di ke sa yo aprann se ke “se pa t peman pwofesè yo. Se pa t konpetans pwofesè yo. Se pa t liv. Sa te senpleman [konsène] alimantasyon nan lekòl yo.”
Manje esansyèl pou pwofesyonèl swen sante yo tou. Pifò medikaman yo preskri yo, moun dwe pran yo lè yo fin manje. Epi gradyèlman, manje a li menm se medikaman an, pandan l ap ede anpeche epi trete malnitrisyon.
Nan kad entèvansyon l pou pandemi an, Acceso te livre 250 kit alimantè chak mwa bay kolaboratè depi lontan l yo, Zanmi Lasante. Zanmi Lasante t ap travay sou fwontyè dominiken an, kote ayisyen ki te pèdi travay yo poutèt pandemi an t ap retounen pa santèn chak jou.
Anplis tès COVID yo ak lòt sèvis, kounye a Zanmi Lasante ka bay yon kit alimantè ki bay yon fanmi kat moun manje pandan de (2) semèn.
Lopital St. Boniface, nan sid Ayiti, te resevwa kit alimantè Acceso tou.
Famine Early Warning Systems Network (FEWS NET) (Rezo Sistèm Alèt Davans pou Famin) te prevwa ke Fondèblan, kote St. Boniface ye a, ap pami rejyon k ap fè fas ak ensekirite alimantè nivo kriz nan lane 2021 an. Lopital la deja gen yon inite ki dedye ak ka malnitrisyon grav ak yon pwogram sansibilizasyon kominotè k ap chèche, yon fason regilye, timoun ki malnouri oswa k ap pèdi pwa.
Doktè Miliane Clermont dirije yon ekip travayè nan domèn lasante ki fè depistaj pou timoun nan kominote ki toupre lopital la chak mwa, k ap idantifye plizyè douzèn ki bezwen asistans. Nan tan pase, St. Boniface te konn sipòte fanmi an ak yon bwat pwodi sèk, ki jeneralman te don enpòte. Pandan de (2) lane, sa pa t posib – jiskaske Acceso vin fè yon seri livrezon pandan sezon ete a.
Pandan senk mwa Acceso ap fè livrezon sa yo, Doktè Clermont di ekip li a te wè yon ogmantasyon ekstraòdinè nan kantite timoun yo depiste ki pran pwa. Yo te wè plis timoun ki gen malnitrisyon tou, pratikman poutèt lè paran yo tande afè kit alimantè a, sa te enspire yo pou yo fè depiste pitit yo.
Clermont di ke yon lòt avantaj kit sa yo se apwovizyònman lokal. Li di ke paran yo abitye ak manje a tou epi yo konn kijan pou yo kwit li epi tou, “si yo achte pwodi a sou mache lokal la, sa ogmante pouvwa acha pwodiktè yo … epi sa vle di gen mwens moun ki soufri malnitrisyon.”
Se yon pwendvi plizyè moun nan kominote Clermont an pataje. Haiti Christian Development Fund ki baze Fondèblan an te travay pandan plizyè lane avèk lòt òganizasyon sou yon plan pou amelyore kondisyon sosyal ak ekonomik yo pou timoun ak fanmi lokal yo. Jodi a y ap kolabore ak Inivèsite Quisqueya ak Acceso pou amelyore pwodiksyon agrikòl la epi ranfòse chèn valè yo pou estimile jenerasyon revni nan kominote a.
Pi gwo òganizasyon asistans alimantè entènasyonal yo toujou livre manje ki soti andeyò Ayiti pi souvan. Sepandan, nan lane 2020 an Food for the Poor, youn nan pi gwo òganizasyon ki fè zèv byenfezans ki baze nan peyi Etazini yo, te achte plizyè santèn bokal manba nan men Acceso. LIDE, yon pwogram la ak edikasyon pou jèn ki ekspoze ak risk yo (non kreyòl la ni pou lidè, ni pou lide) tou, ki te achte 500 kit alimantè tou.
Finalman, pou chavire istwa sou Ayiti ak èd alimantè a, Acceso te fè yon patenarya avèk òganizasyon aktè Sean Penn nan Community Organized Relief Effort (KORE) (Efò pou Èd Kominotè Òganize) sou travay nan èd pou COVID-19 li a nan peyi Etazini. Mil bokal Lavi te enkli nan bwat manje ki te distribiye bay fanmi ki te nan bezwen yo nan Georgia ak North Carolina.
Nan deklarasyon l sou distribisyon KORE la, Robert Johnson di: “Se tankou fè moun yo wè Ayiti sou yon lòt ang.”
PLANTE PLIS GRENN
Defi yo kontinye vini epi Acceso ap fòme nouvo patenarya pou leve yo.
Johnson swete ke yon kolaborasyon avèk Lekòl Agrikilti Inivèsite Quisqueya a pral ede amelyore pwodiktivite agrikiltè yo. Inivèsite a gen lontan depi li se yon piyonye nan rechèch ak inovasyon agrikòl k ap sèvi agrikiltè ayisyen yo. Nouvo pwojè Inovasyon nan Agrikilti l la gen ladan l travay avèk Acceso sou ogmantasyon rekòlt la atravè mekanizasyon sou ti echèl.
Nan mwa oktòb la Acceso achte Extensio, yon antrepriz enfòmasyon agrikòl nimerik. Sa pral pèmèt Acceso agrandi rezo agrikiltè l yo, pandan l ap ba yo aksè ak rapò itil sou previzyon meteowolojik ak previzyon sou ravajè yo.
Pou gide efò k ap fèt pou pi bon souverènte alimantè ak sekirite alimantè ann Ayiti, patnè yo ap elabore plan direktè.
Pandan sezon ete a, Acceso ak Smallholder Farmers Alliance (Alyans Ti Plantè Kiltivatè yo) te realize yon ”Ankèt sou Sekirite Alimantè Ayiti” sou òganizasyon k ap travay nan devlopman bank semans, pwodiksyon manje, ak distribisyon manje, pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou ogmante pwodiksyon agrikòl lokal la pou distribisyon lokal. Rapò ki te soti a pral kontribye nan efò aktyèl WKKF finanse pou evalye posibilite pou devlope ekonomi lokal yo epi ranfòse sistèm alimantè lokal yo.
Imaj bandwòl Acceso/Paramos Films bay.
Comments