Ekite Rasyal

Fon brezilyen an favorize ekite rasyal pandan pandemi an

0
Afro-Brazilian women gardening

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Nan peyi Brezil, menm jan ak nan peyi Etazini, estatistik yo di anpil sou inekite  rasyal.

Brezilyen ki idantifye kòm moun nwa gen mwens chans pou yo okipe yon pòs lidèchip nan endistri ak politik, yo gen plis chans pou lapolis tire sou yo epi yo peye yo mwens pase moun blan k ap fè menm travay yo. Sa ki pa etonan, nan peyi Brezil pandemi kowonaviris la frape yon fason dispwopòsyonèl kominote pòv ak kominote majinalize yo, ki gen ladan yo popilasyon desandan Afriken yo.

Fon Baobá pou Ekite Rasyal la te kreye nan lane 2011 gras ak yon dotasyon kontrepati  ke W.K. Kellogg Foundation finanse. Fon an  te etabli an kolaborasyon avèk militan ak lidè opinyon ki soti nan divès òganizasyon sosyete sivil brezilyen an. Pou l akonpli misyon l ki se favorize ekite rasyal, fon an bay òganizasyon sosyete sivil Afwobrezilyen yo sibvansyon, avèk yon aksan sou kat tèm: edikasyon, devlòpman ekonomik, kominikasyon ak lavi nan diyite. Lavi nan diyite gen ladan l pwomosyon lasante, prevansyon vyolans ak dwa rezidan nan kominote yo rele mawon yo – ke esklav ki te nan mawonaj yo te etabli lontan. Jiskaprezan, fon an envesti prèske $1.9 milyon dola epi, daprè estimasyon, li touche plis pase 100,000 lavi nan peyi Brezil.

Pandan nèf lane li yo, Baobá adapte l ak divès peryòd tan yo. Nan lane 2018, apre yo te touye politisyèn ak militan dwa imen Afwobrezilyen an, Marielle Franco, nan Rio de Janeiro, sa ki te pwovoke endiyasyon nan tout peyi a epi atravè mond la, WKKF te ogmante sipò l pou fon an – soti nan yon kontrepati youn pou youn pou tout kontribisyon yo pou ofri yon kontrepati de (2) pou youn pou donasyon ki soti andeyò peyi Brezil yo epi twa pou youn pou sa ki te fèt nan peyi a.

Nan lane ki te vin apre a, Baobá te etabli Pwogram Akselerasyon Lidèchip Fanm Nwa yo nan memwa Franco. Jiska jounen jodi a, pwogram nan envesti $780,000 dola nan yon pwogram bous detid ak nan sibvansyon pou sipòte devlòpman lidèchip.

Nan lane 2020 an, lidè Fon Baobá yo te wè nesesite pou fè yon piwèt rapid, lè yo te lanse plizyè demann pwopozisyon youn dèyè lòt ak lòt inisyativ ki gen rapò ak pandemi an ak inekite rasyal yon fason pi jeneral.

Mulheres da Parada de São Gonçalo - Rio de Janeiro
Mulheres de Parada de Sao Goncalo – Rio de Janeiro. Kredi: Arquivo Pessoal
Baobá president Selma Moreira, Baobá Fund executive director (center) with Dr. Hélio Santos, president of the Instituto Brasileiro da Diversidade (left), and Giovanni Harvey, president of the Baobá Fund’s deliberative council.
Prezidan Baobá, Selma Moreira, Direktè Ekzekitif Fon Baobá (nan mitan) avèk Doktè Hélio Santos, prezidan Instituto Brasileiro da Diversidade (agoch) ak Giovanni Harvey, prezidan konsèy deliberasyon Fon Baobá a.

Selma Moreira, Direktè Fon Baobá a di: “Nan mwa avril la, nou pa t konn gravite pwoblèm nan”. “Nou te fèk reyalize ke, oke, n ap wè anpil moun nwa k ap pèdi travay yo, anpil moun nwa ki gen pwoblèm pou yo jwenn aksè ak manje.” Li te wè ke moun nan kominote pòv yo te patikilyèman vilnerab ak pandemi an poutèt gen anpil ladan yo ki pa gen dlo ak yon kote sekirize pou viv epi gen anpil nan yo ki te oblije pran transpò piblik epi pran travay yo te ka jwenn.

Moreira di: “Sa te montre nou ke fòk nou te fè yon bagay vrèman vit epi nou fè l.”

Pou premye fwa, Fon Baobá a te fouye nan dotasyon l epi l te fè premye demann pwopozisyon l ki gen rapò ak pandemi an. Apati mwa avril, Baobá te envesti ekivalan $179,000 dola nan 350 inisyativ prevansyon kont COVID pou kominote majinalize ak vilnerab yo atravè peyi Brezil.

Nan mwa me lane 2020 an, lapolis te touye George Floyd nan Minneapolis. Moreira di yo te santi efè domino a nan peyi Brezil, “poutèt mond la te kòmanse pale sou Black Lives Matter (Lavi Moun Nwa Konte).” Doub trajedi pandemi an ak asasina lapolis fè a te dezabiye inekite rasyal yo, ansanm ak ijans pou “fè yon enpak sou lavi popilasyon nwa nan peyi Brezil.”

Leve fon pou travay ekite rasyal la te kontinye reprezante yon defi, men omwen plis moun t ap pale sou pwoblèm yo.

Nan mwa jiyè, Fon Baobá a te fè yon patenarya ak Fondasyon Maria Cecilia Souto Vidigal la, Porticus América Latina ak Imaginable Futures pou envesti $52,000 dola nan 56 inisyativ pou sipòte fanmi vilnerab ki gen timoun ki poko gen laj 6 lane yo pandan yo t ap lite pou fè fas ak efè pandemi an.

6 - Doações Emergenciais - Michelle Fernandes - Capão Redondo (SP)
Doações Emergenciais - Michelle Fernandes - Capão Redondo (SP) Kredi: Arquivo Pessoal

Nan mwa out, Baobá te lanse yon demann atik enfòmasyon pou ede amelyore fason yo te antreprann zèv byenfezans pou ekite rasyal yo nan peyi Brezil. Konfòmeman ak estrateji Baobá a, objektif la te pou favorize priz desizyon ki baze sou prèv.

Apresa, nan mwa novanm nan, Baobá te fè yon demann pwopozisyon pou èd ekonomik pou ti antrepriz moun nwa posede yo. Nan kolaborasyon ak Fondasyon Coca-Cola, Instituto Coca-Cola Brasil, Banco BV ak Instituto Votorantim, Baobá te kreye yon pwogram $300,000 dola pou sipòte antreprenè nwa nan kominote ki vilnerab sou plan sosyo-ekonomik yo. Pwogram nan te aksantye sou antreprenè ki travay nan ekonomi enfòmèl la epi kontribiye nan jenere richès nan peyi a lè yo apwovizyone yo nan materyèl ak sèvis nan men lòt ti antrepriz lokal yo. Moreira di ke pwogram nan fèt pou ankouraje ti antrepriz yo kreye lyen youn ak lòt, “pou favorize sikilasyon lajan nan ti kominote sa yo.” Chak antreprenè yo seleksyone yo pral resevwa ekivalan $6,000 dola ansanm ak yon fòmasyon teknik pou ede yo devlope antrepriz yo.

Apre ijans lane 2020 an, Baobá gen gwo plan pou lane 2021 an. Sa se lè òganizasyon an vin gen 10 lane epi li espere dekese yon montan 10 milyon  real brezilyen (apeprè $2 milyon dola), sa ki pat janm fèt anvan. Pifò fon sa yo prale nan amelyorasyon estriktirèl alontèm. Sa pral gen ladan l sipò pandan 18 mwa pou ranfòse kapasite òganizasyon sosyete sivil yo ki, selon Moreira, pi vilnerab pase jan yo te janm ye, “poutèt yo gen lontan y ap bay kominote a sa yo genyen – ak sa yo pa genyen –.” Pou reyalize sa, Baobá ap chèche patnè finansman.

Konekte. Devlope. Dirije.

Previous article

Lidè vizyonè yo sezi okazyon sa pou relve defi a

Next article

Comments

Comments are closed.