Angajman Kominotè

Kreyativite ak adaptasyon rapid ekipe travayè an premye liy yo

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Nan Albuquerque, New Mexico, nan imèb endistriyèl Southwest Creations Collaborative (SCC) 10,000 pye kare, yon gwoup antrepriz sosyal ki konpoze avèk 36 antreprenè ki gen siksè — yon gwoup fanm ki soti nan divès kilti, ki genyen kèk ladan yo kòm imigran — okipe nan kreye ak koud ekipman pwoteksyon pou travayè an premye liy yo nan tout eta a. Objektif yo se pou pwodui plizyè milye mask pwoteksyon ak blouz pou pèmèt premye entèvenan ak founisè swen yo rete sennesof pandan pandemi kowonaviris la. Sèlman kèk semèn anvan sa, yo te konsantre sou kreye ak pwodwi zòrye dekore ak bèl wòb pou vant kòmèsyal. Sa te vin chanje byen rapidman fas ak kriz sante piblik la. Kounye a, avèk yon presizyon konstan, medam yo ap pwodui mask fasyal pou pwoteksyon ki lavab ak blouz pwoteksyon ki fèt ak materyèl kalite medikal. Susan Matteucci, ki se direktè egzekitif SCC e youn nan uit fondatè yo, deklare ke espri adaptatif sa a se karakteristik antreprenè òganizasyon an ak devouman yo anvè fanmi ak kominote yo.
“Jodiya, nou vrèman gen chans ke nou fè pati yon ti gwoup k ap pran swen kominote a nan moman san parèy sa a,” dapre sa Matteucci di. “Bote entèkoneksyon kominote lokal yo, yon gwoup divèsifye moun ki gen menm valè pou ede moun se sa ki ban m, anreyalite, se sa ki bay nou tout, espwa pandan moman ensèten sa yo.” Fonde an 1994 nan yon sal pawasyal, Southwest Creations Collaborative (SCC) te kòmanse ak yon misyon rediksyon pòvrete lè l te kreye opòtinite ekonomik ak edikatif entèjenerasyonèl atravè konsepsyon kontra ak kouti. Jodi a, yo konsidere SCC kòm yon biznis esansyèl akòz travay li antanke yon founisè pou asosye de chwa depi byen lontan, Clariant, ki se yon fabrikan pake jèl dezidratan pou prezève pwodui pou konntenè y ap ekspedye yo ak konpayi famasetik yo.

"Nou vrèman gen chans ke nou fè pati yon ti gwoup k ap pran swen kominote a nan moman san parèy sa a."

Reyaksyon Fas Ak Kriz Covid-19 La

Reyoryantasyon rapid Southwest Creations Collaborative an reyaksyon fas ak COVID-19 pran nesans li nan yon konvèsasyon avèk Victoria Tafoya, ofisye pwogram pou W.K. Kellogg Foundation. Alòske l konsyan de mank ekipman pwoteksyon ki genyen pou travayè an premye liy yo, Tafoya te detèmine pou li jwenn yon òganizasyon ki ta ka ede l. “Southwest Creations Collaborative vin nan tèt touswit,” li di, “pa sèlman akòz talan yo ak angajman yo anvè kominote a, men akòz misyon solid ke yo genyen pou konstwi opòtinite ekonomik ak edikatif pou fanm ki fè pati tout jenerasyon. Mwen jis te konnen ke yo t ap jenere yon solisyon pou yo satisfè demann lan, paske kominote nou an te depann de li.” Nan kèk minit, Tafoya te gen tan ap entwodwi Direktè Depatman Ensandi nan Konte Bernalillo (Bernalillo County Fire Department) lan, Greg Perez bay Matteucci ak Southwest Creations Collaborative (SCC), sa ki vin mennen imedyatman yon elaborasyon solisyon yo — ak kòmansman patenarya sa a ki baze sou kominote. Pandan ke medam k ap pwospere nan SCC yo te pwoteje kont repèkisyon ekonomik la, yo te pwoteje tou gras ak mask yo ak mezi distans sosyal yo ki te anplas depi avan COVID-19. Pwodiksyon yo a, ki toujou ap travay chak jou, rive jiska 4,200 mask pa semèn. Byenke Matteucci di ke yo pat rive atenn rezilta sa a san obstak.

"Mwen jis te konnen ke yo t ap jenere yon solisyon pou yo satisfè demann lan, paske kominote nou an te depann de li."

“Pi gwo defi nou kounye a se apwovizyònman elastik paske, literalman, tout moun nan monn lan ap chèche jwenn yon gwo kantite ki disponib touswit ” sa a se deklarasyon li fè. “N ap travay defason dilijan pou nou reponn ak tout demann nou resevwa yo nan limit resous imèn ak materyèl nou.” Malgresa, SCC deja pwodui plis pase 8,000 mask ak1,000 blouz pou Depatman Jesyon Dijans nan Konte Bernalillo (Bernalillo County Department of Emergency Management) pou distribye bay travayè an premye liy yo, travayè transpò an komen yo, prestatè sèvis gadri yo, travayè nan sanitasyon yo ak anpil lòt moun k ap sèvi piblik la atravè konte a ak nan zòn metwo Albuquerque a. E kòm anplwaye SCC yo se travayè esansyèl yo ye pandan moman sa a, yo menm tou yo resevwa mask pou fanmi yo pou asire sekirite yo alòske yo kontinye pwodui ekipman pwoteksyon.
firefighter vertical

Dè Dizèn Lane Nan Endistri Ak Nan Sèvis

Diana Camacho te kòmanse travay pou Southwest Creations Collaborative sa gen 26 lane pandan li te toujou nan sal pawasyal San Jose a, e pitit li yo grandi nan gadri danfan SCC a. “Mwen renmen kote sa a,” li di. “Angajman ke nou genyen anvè youn lòt ak anvè kominote a vrèman enpòtan pou nou. Nou gen yon opòtinite pou nou ede moun kounye a la a – nou vin la a chak jou ak konesans ke nou gen yon responsabilite anvè yo.” Camacho fè pati gwoup dinamik ki gen 36 fanm antreprenè ki ouvri wout la pou jenerasyon k ap vini apre yo pou simonte disparite rasyal yo, ak obstak ekonomik ak sanitè ke yo konfwonte pi souvan yo. Jan yo konn sa pèsonèlman, pakou medam nwa yo pa yon pakou ki fasil ditou. Lè yo koud ansanm sa ofri yo yon chans pou yo pataje istwa ki kouraje anpil — pou kèk, migrasyon yo pou vin nan peyi Etazini epi pou kèk lòt, entegrasyon nan politik yo ak nan sistèm yo ki te difisil. Istwa yo ka pa menm men sa y ap pataje se yon angajman pou yo simonte eprèv yo ansanm. Entèlijans kolektif yo ak sans rafine ke yo genyen pou biznis te parèt atravè modèl antreprenarya global, ki baze sou fanmi e ki reyisi yo a.
Nan devlope ak aplike estrateji pou de jenerasyon nan devlòpman pou timoun piti, nan kapasite pou gen aptitid pou anplwa, nan preparasyon pou inivèsite ak lidèchip, SCC itilize, tou, antreprenarya sosyal ak edikasyon popilè pou fè fas ak rasin pwoblèm nan ki gen rapò ak pòvrete nan kominote yo a. Pandan y ap itilize estrateji ki fè prèv yo, jodiya kolaborasyon kominotè yo ap fè fas ak bezwen nan pwoteksyon kont COVID-19 pou ewo yo nan kominote yo. Sepandan, pou travayè an premye liy yo, se medam SCC yo ki se ewo yo.

“Angajman ke nou genyen anvè youn lòt ak anvè kominote a vrèman enpòtan pou nou."

Comments

Comments are closed.