Ekite Rasyal

Fanm Navajo ak Hopi yo nan tèt mouvman sovgad kominote Endijèn yo

0
Front Page Banner Image navajo and hopi

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Ethel Branch (Diné: Navajo) – yon avoka ki te nome 11yèm Pwokirè Jeneral Nasyon Navajo an 2015 – te pase tout lavi li antanke yon gwò lidè epi avoka pou pèp Diné a.

Pandan ke li grandi sou tè zansèt li yo san dlo potab ak kouran, Branch dekri anfans li kòm yon anfans ki te plen ak abondans. “Mwen grandi avèk bèl tè a, dlo a epi tradisyon kiltirèl yo, antoure ak fanmi m epi aprann konnen abondans benediksyon lavi a,” li di. Pou Branch ak kèk lòt, tè a te founi nou jis sa ki te nesesè. Yo grandi ak respè pou li pou benediskyon li yo, epi yo onore epi respekte Manman Latè – yon stil lavi pou pèp Endijèn.

“Mwen grandi avèk bèl tè , dlo ak tradisyon kiltirèl, antoure ak fanmi m pandan m ap aprann konnen abondans benediksyon lavi a.”

Nan yon laj kote li te trè jèn, Branch te note enjistis ke fanmi li ak plizyè milye nan yo t ap sibi. “Mwen te kòmanse kesyone poukisa nou pa t gen pwodui premye nesesite yo,” lè l ap sonje. “Poukisa nou te dwe mache pou nou jwenn dlo pandan ke sou kèk kilomèt distans sèlman, menm timoun ki pi pòv yo te gen klimatizasyon ak dlo potab?”

Lè l te timoun, Branch pa t ka konprann poukisa kèk fanmi te toujou genyen tout pwodui premye nesesite yo pandan ke gen lòt ki t ap redi pou jwenn yo. Lè l granmoun, inegalite yo vin plis ke inakseptab.

Alòs lè pandemi an kòmanse nan debi mwa mas la, li te pase alaksyon.

ranch te kòmanse poste sou kont medya sosyal li, ankouraje moun yo pou yo avanse ak don yo atravè yon page GoFundMe pou ede moun ki pi vilnerab yo nan kominote Navajo ak Hopi yo. “Mwen te vle ede kominote m nan, espesyalman ene nou yo ak sa ki oblije mache nenpòt dezèdtan oswa plis pou yo jwenn manje ak dlo,” dapre sa Branch di.

Branch te pami premye moun ki dirije efò pou mete an plas filè sekirite ke moun yo te bezwen pou fè fas ak pandemi an, kote finalman li te moun ki ko-òganize pi gwo inisyativ popilè Nasyon Navajo a. Nan espas yon jou apre etablisman kanpay GoFundMe an, li rasanble yon ekip fanm lidè nan Navajo ak Hopi ki enkwayab – yo chak la pote talan yo ak menm angajman an pou restore balans ak amoni pandan y ap pwoteje patrimwàn ki pi enpòtan pou yo: pèp yo a.

“Mwen te vle ede kominote m nan, espesyalman ene nou yo ak sa ki oblije mache nenpòt dezèdtan oswa plis pou yo jwenn manje ak dlo.”

Nan dezyèm jou kanpay la, dirijan sa yo ak benevòl ke yo te rekrite yo te kòmanse achte manje ak lòt founiti esansyèl ke adilt pi aje yo ak moun ki iminodepresif yo gen bezwen nan rejyon ki pi rekile yo pou yo mete tèt yo an karantèn pou de semèn ak pou yo ka pwoteje kont atak inisyal COVID-19 la. Nan twazyèm jou kanpay la, yo te delivre premye kagezon manje ki soti Flagstaff bay Reprezantan Sante Kominote Navajo a (Navajo Community Health Representatives) pou fè distribisyon bay fanmi ki riske anpil yo ki nan bezwen. Lè yo te idantifye premye ka COVID-19 la nan Navajo Nation, manje sa a te mobilize pou pote èd bay kominote Chilchinbeto a pou asire ke fanmi yo ka izole epi antre an karantèn an tout sekirite.

Kòm rezilta, Yee Ha’ólníi Doo – Fon COVID-19 pou pote Sekou ak Fanmi yo nan Navajo ak Hopi, yon òganizasyon non-gouvènmental de baz, ke Endijèn yo ap dirije, e ke yo te kreye.

YEE HA’ÓLNÍI DOO - FON COVID-19 POU POTE SEKOU AK FANMI YO NAN NAVAJO AK HOPI

Branch – yon etidyan ki gradye nan Harvard Law School, Harvard Kennedy School ak Harvard College – se youn nan dirijan fanm enkwayab k ap dirije Yee Ha’ólníi Doo.

Konsèy Administrasyon Yee Ha’ólníi Doo konpoze annantye ak fanm nan Navajo kòm kad siperyè li. Asosye prensipal li ki an sèvis kominote Hopi a, Fondasyon Hopi, se fanm nan Hopi k ap dirije l. Atravè efò kolektif sa a, Fon pu pote Sekou a – ki gen misyon pou li ede kominote Navajo ak Hopi ki nan Northern Arizona, Southern Utah ak New Mexico yo konbat kowonaviris la – te kolekte plis pase $18 milyon depi Mas 2020.

Cassandra Begay (Diné), ko-fondatè epi direktè adjwen Fon pou pote Sekou a, ke se yon manman selibatè ki te leve l ansanm ak sis frè ak sè, rekonesan pou edikasyon l te resevwa nan Navajo Nation ak ansèyman manmanm l yo sou enpòtans tè ansestral yo. Menm jan ak Branch, li menm tou li te rann li kont de inegalite ke fanmi l ap sibi yo, epi li te kòmanse misyon li pou li demantibile sistèm opresyon an pou divès kominote Endijèn.

Kredi pou atis la: Charlize Branch

“Mwen te vle rezoud pwoblèm inegalite sa yo, alòs mwen te kòmanse milite epi òganize tèt mwen nan Utah kote m ap viv la ak nan tout peyi a pou tè ansestral yo, souverènte tribi yo, pwoteksyon dlo ak dwa elektè yo.”

Begay pote yon eksperyans ki rich a defi ke pandemi an te prezante. Kòm yon moun ki gradye nan Inivèsite Leta Utah a, li se fondatris “Defend the Sacred Consulting”, k ap travay pou li konble fose inegalite sosyal la nan konstwi relasyon moun ak moun epi ak anviwònman an. Li se yon ko-fondatris epi ansyen ajan lyezon Tribal pou òganizasyon Defans Otoktòn yo Peaceful Advocates for Native Dialogue and Organizing Support (PANDOS), yon òganizasyon ke Otoktòn yo ap dirije k ap goumen pou defann dwa debaz moun genyen. Anplis de sa, l ap jere yon kanpay medyatik nan lang Otokttòn yo atravè Fon pou Pote Sekou a pou fè pwomosyon sansibilizasyon sou sante ak sekirite pou evite pwopagasyon COVID-19 la.

Kreyativite ak detèminasyon gwoup dirijan òganize sa a evidan nan rit ak enpak repons lan ki vize pou pwoteje kominote yo.

KOURAJ NAN MOMAN ADVÈSITE

“Mwen fyè pou mwen kanpe ansanm ak fanm eksepsyonèl – yo tout òganize toutotou travay lespri ak kè avèk objektif prensipal pou redwi to ak pwopagasyon enfeksyon an nan Navajo Nation nan ak nan Hopi Nation nan,” dapre sa Begay di apwopo òganizasyon an ak enpak li fè.

“Nou bay manje, dlo ak Ekipman Pwoteksyon Pèsonèl PPE (personal protective equipment) bay moun ki iminodepresif yo, adilt ki pi aje yo, moun ki pozitif pou COVID ak fanmi ki an difikilte yo, konsa moun yo ap ka rete lakay yo epi pratike distansyasyon sosyal.” Atravè Fon pou Pote Sekou a, yo te founi PPE bay manm kominote yo ak diferan gwoup ki gen gwo kontak ak moun, tankou reprezantan kominote sante yo, ofisye polis yo ak pèsonèl medikal la.

“Mwen fyè pou mwen kanpe ansanm ak fanm eksepsyonèl – yo tout òganize toutotou travay lespri ak kè avèk objektif prensipal ki se redwi to ak pwopagasyon enfeksyon an nan Navajo Nation nan ak nan Hopi Nation nan.”

Theresa Hatathlie-Delmar ki se ko-fondatris ak manm kad siperyè Fon pou Pote Sekou a (Relief Fund) te lanse yon sou-inisyativ ke yo te rele depi kòmansman Navajo Seamstresses COVID-19 Dooda. Ekip la te òganize plis pase 300 koutiryè – soti nan Navajo ak Hopi ansanm ak kominote ki andeyò rezèvasyon nan kat eta ki nan kwen yo, New York ak Georgia – pou koud mas ak lòt ekipman pwoteksyon pèsonèl (PPE) pou ajan premye swen yo, ene yo, kominote ki an karantèn yo ak benevòl yo. Ekip koutiryè a te koud epi kowòdone don pou 187,550 mas, 3,252 blouz chirijikal, 863 bonè chirijikal, 13 “kostim lapen” pwotektif, 3,129 pwotèj pou vizaj, 700 estetoskòp ak 1,747 oreyèt pou mas nan dat 22 Desanm 2020.

Sa ki te kòmanse tankou al fè mache nan episri ak transpò dlo ak manje nan dèyè yon remòk ak plato ke yo te prete vin tounen pi gwo mouvman jistis sosyal nan zòn nan, ki bouche fose ke plizyè syèk enjistis sistemik yo te fouye.

Jodi a, gen chajmn kamyon ki soti nan Shamrock Foods, youn nan pi gwo founisè e distribitè pwodui alimantè nan peyi a, k ap depoze nan plizyè kote atravè kominote Navajo ak Hopi yo pou fè distribisyon chak semèn. Nan pi fò zòn elwanye yo kote aksè ak wout la se yon pwoblèm, plis pase 48,000 liv atik sekou imanitè esansyèl te transpòte rive jwenn yon pa avyon pandan mwa jiyè ak dawout 2020, gras ak yon patenarya ak Air Serv International, ki dabitid dirije efò sekou imanitè aletranje.

Founi sekou dirèk bay plis pase 65,000 fwaye ki gen moun aje, moun ki iminodepresif ak timoun, sa ki plis ou mwen tradwi kòm sèvi plis pase 260,000 moun – plis pase tout popilasyon rezèv Navajo ak Hopi a konbine.

Livrezon manje, dlo, PPE, materyèl netwayaj ak lòt atik esansyèl nan Kinship Care Packages bay 10 – 20 kominote Navajo ak Hopi chak semèn pou valè ki ekivo ak $100,000 – $200,000.

Distribisyon kit PPE bay 30,000 moun nan pilis pase 20 kominote Navajo ak Hopi nan yo mwayèn ki anviwon 3,000 kit PPE chak semèn jsika fen sezon rim ak grip la ak aktyèl vag san parèy COVID la.

Sèvi vilaj 12 Hopi yo, menm jan ak lòt vilaj satelit Hopi yo, ak 93 nan 110 Chapit nan Navajo Nation nan nan Arizona, New Mexico ak Utah.

An kolaborasyon ak lòt èd mityèl, patnè òganizasyon non-gouvènmental , patnè gouvènmantal ak biznis tankou Dennehotso Strong, Defend Our Community, Kaibeto Covid Relief, Bluff Area Mutual Aid, Utah Navajo Health System, Utah Dineh Bikeyah, Chinle Chapter, Aneth Chapter, Apache County, Kayenta Diabetes Prevention Program, Hopi Foundation (Hopi Emergency Relief Fund), Hopi Relief, Ganado Unified School District, Pinon Unified School District, Bashas’ Diné Market ak Navajo Nation Shopping Centers pou distribiye Kinship Care Packages ak kit PPE pou fanmi Navajo ak Hopi adisyonèl yo.

KONDISYON KI LA DEPI BYEN LONTAN, ENJISTIS SISTEMIK

Kowonaviris la pa lakoz inegalite rasyal, ekonomik ak sante nan Peyi Endyen yo, men enpak pandemi pi fò nan kominote sa yo, ki deja manke resous nan yon fason ki grav anpil. Nan pwosesis la, plizyè syèk dezenvestisman nan enfrastrikti ak rasis sistemik yo vin trè vizib nan kominote Tribal yo nan Navajo Nation ak nan Hopi Nation.

Nan Navajo Nation ak Hopi Nation, 30 pousan fwaye yo pa gen dlo potab, e yon gwo pousantaj nan dlo ki disponib la kontamine akoz lizyè chabon, fraktirasyon idwolik epi min iranyòm. Yon tyè nan moun ki nan kominote sa yo pa gen kouran elektrik.

Avèk sèlman 16 episri ak ti depanè alimantè sou tout 30,000 mil kare yo, anviwon 200,000 moun k ap viv la yo ak revni fiks gen yon aksè ki vrèman limite ak manje ki abòdab e ki nitritif.

Nan rejyon an, aksè nòmal la jis iregilye, e 16 grenn lopital ki genyen yo, ak yon total 170 kabann, gen yon kantite founiti ak sèvis ki limite. Epoutan pandan plizyè syèk, moun nan Navajo ak Hopi yo andire tout sa. Kont teni pandemi ak kriz COVID-19 la, ensekirite ak inegalite ki la depi lontan sa yo rann ris ak konsekans sou sante yo pi grav toujou.

Andepi defi san presedan sa yo, madam k ap dirje Yee Ha’ólníi Doo an ap pwoteje moun nan Navajo ak Hopi yo pandan l ap sovgade kilti yo, tradisyon yo, lang yo ak mòd lavi yo.

“Kominote nou yo pran nan sipriz fas ak COVID la, e ekip nou an ap travay 24 sou 24 pou li asire l ke nou an mezi pou nou simonte menas egzistansyèl sa a,” dapre sa Branch di. “Lè nou fin pase atravè sa a, ekip nou an pral konsantre enèji l sou asire l ke kominote nou yo pa janm vilnerab ankò fas ak sa ki se menas pou sivi nou, ke se akoz yon pandemi oswa yon chanjman klimatik”

The Common Market (Mache Komen an): yon kokennchenn entèvansyon nan kad COVID-19

Previous article

Sèvis bankè abòdab e reseptif kap fèmen eka richès rasyal nan Mississippi

Next article

Comments

Comments are closed.