Ekite RasyalEnvestisman Enpak

Sèvis bankè abòdab e reseptif kap fèmen eka richès rasyal nan Mississippi

0
photo of Jackson, Mississippi home of Southern Bancorp

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Abitan Mississippi ki nwa yo te deja ap sibi disparite nan opòtinite ekonomik depi anvan COVID-19 te mete pye. Disparite sa yo ap vin pi laj poutèt chomaj ap ogmante epi biznis ap goumen pou siviv.

Selon yon rapò National Bureau of Economic Research (Biwo Nasyonal sou Rechèch Ekonomik) pibliye, biznis ki pou moun nwa yo bese de 41% depi pandemi an kòmanse. Se pou sa kounyeya èd pou ti biznis se yon sovè pou antreprenè yo, anplwaye yo ak fanmi yo.

Southern Bancorp Inc. ap ofri pwodui ak sèvis finansye onivo pèsonèl ak onivo biznis ki san danje e ki abòdab bay kominote ke enstitisyon finansyè komen yo nan Mississippi ak nan Delta a konn inyore ak abandone souvan. Jodiya, plis ke de-tyè prè Southern Bancorp yo se mache ti revni ak revni modere ki jwenn yo.

Anvan pandemi an, fwaye blan yo te gen yon valè nèt medyàn ki te $54,000 ki pi wo pase sa fwaye moun ki pa blan yo nan Mississippi, epi 47% timoun nwa rete nan zòn ki pòv anpil, an konparezon ak 10% timoun blan yo

Gras a Pwogram pou Pwoteksyon Chèk Pewòl (Paycheck Protection Program, PPP), yo te distribye plis ke 48,000 prè ki totalize $3.2 milya nan Mississippi, selon Administrasyon Prè pou Ti Antrepriz (Small Business Loan Administration). Sepandan se sèlman yon-tyè nan 30,000 aplikan Mississippi yo ki bay enfòmasyon demografik, e pami sa ki bay enfòmasyon an, gen 83% ki te blan epi 75% ki te gason. Kantite biznis ki pou blan ki resevwa prè PPP depase kantite biznis ki pou moun koulè avèk yon maj senk pou youn.

Bank kominotè ak òganizasyon yo se mwayen vital pou atenn kominote ki gen popilasyon moun koulè yo. Senkannsenk pousan nan sikisal Southern Bancorp yo chita nan kominote ki gen minorite (popilasyon moun ki pa blan yo) an majorite, e jiska dat, Southern Bancorp te bay biznis ki nan kominote riral, iben ak kominote ki gen popilasyon moun koulè nan Arkansas ak Mississippi Deltas anviwon $112 milyon prè PPP.

"Kominote sa yo se kominote ki defavorize, ki pa gen anpil resous, e lè pa gen enstitisyon finansyè ki reseptif e responsab, enstitisyon predatè yo vin founisè prensipal kap rann moun yo esklav tandans prè sou salè ak prè predatè kap souse revni fanmi yo epi li enposib pou fanmi sa yo amelyore sitiyasyon finansyè yo."

Lè yo ogmante aksè ak pwodui finansyè kritik ak sèvis, li posib pou moun ak biznis siviv yon ijans finansyè. Southern Bancorp ap kontinye konsantre l sou plis stabilite ekonomik ak plis opòtinite pou moun ki pa blan nan rejyon an.

Depi 2016, Southern Bancorp te kreye 30,778 travay nan Mississippi ak Arkansas, nan plizyè domèn tankou agrikilti ak lojistik e menm nan biznis ki vann an detay ak biznis ospitalite. Enpak yo estime ke lap genyen sou pwodui domestik brit la se $2.5 milya nan eta sa yo. Pandan menm peryòd la, òganizasyon an te sipòte anviwon 6,000 moun pou yo jwenn lojman abòdab ki gen sekirite epi l pèmèt anviwon 24,000 moun ekonomize lajan, ak dè santèn de milye moun anplis ke li pèmèt ekonomize atravè efò sou règleman piblik Southern Bancorp.

Kliyan Southern Bancorp yo, Keith Williams ak Michael Howard ki nan MMK Trucking nan Greenville, Mississippi.

KONVÈSYON AKSELERE KWASANS

Se Mitchell Titus, LLP Kellogg Foundation te envesti $5 milyon nan Southern Bancorp, Inc., ladann gen $4 milyon ki te sou fòm aksyon priyorite epi $1 milyon sou fòm aksyon òdinè. Nan yon epòk kote enstitisyon finansyè yo tap goumen pou jwenn kapital epi kriz ekonomik Gwo Resesyon an tap ravaje ekonomi a, WKKF te chwazi pou l envesti aksyon, bay plis kapital fleksib, olye pou l depoze lajan nan yon kont kap peye enterè.

An 2017, WKKF te konvèti $4 milyon sou fòm aksyon priyoritè an tout aksyon òdinè nan kanpay kapitalizasyon Southern Bancorp – pou l siyale ke Southern te yon opsyon envestisman ki te gen yon enpak enteresan. Konvèsyon envestisman sa a katalize lòt envestisè, epi Southern te leve $31 milyon anplis sou fòm aksyon pou l sipòte kwasans kapital bank la ki plis ke $300 milyon. Sa ki pi enpòtan an, inisyativ sa a te pèmèt Southern mete anprent li nan plis kominote defavorize, ikonpri devlope nouvo pwodui ak enstalasyon nouvo sikisal pou biznis an detay.

Gen 47% timoun Nwa kap viv nan zòn ki pòv anpil

Gen 10% timoun Blan kap viv nan zòn ki pòv anpil

$54 MILYON

benefis nan rannman ekonomik poutèt yo konble eka richès rasyal la selon Analis Rantabilizasyon MS pou Ekite Rasyal (MS Business Case for Racial Equity).

$111 MILYON

Southern Bancorp distribye sou fòm 1,285 prè PPP bay ti antrepriz yo

72% nan PRÈ

ke yo fè sou mache ki gen revni ba ak modere

Travay yo te kreye oswa ke yo te kenbe nan Mississippi ak Arkansas depi 2016
0
Moun ki vin gen aksè ak lojman abòdab e ki san danje depi 2016
0
W.K. Kellogg Foundation
The W.K. Kellogg Foundation (WKKF), founded in 1930 as an independent, private foundation by breakfast cereal pioneer Will Keith Kellogg, is among the largest philanthropic foundations in the United States. Guided by the belief that all children should have an equal opportunity to thrive, WKKF works with communities to create conditions for vulnerable children so they can realize their full potential in school, work and life.

Fanm Navajo ak Hopi yo nan tèt mouvman sovgad kominote Endijèn yo

Previous article

Konesans antanke yon Byen Piblik, Kap Enfòme Defi Aktyèl yo

Next article

Comments

Comments are closed.