Angajman KominotèSistèm Alimantè

The Common Market (Mache Komen an): yon kokennchenn entèvansyon nan kad COVID-19

0
service person inspecting lettuce at common market

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Nan lane 2020, The Common Market, yon benefisyè sibvansyon W.K. Kellogg Foundation (WKKF) ki baze Philadelphia, te jwenn yon mwayen pou l distribiye 1.1 milyon bwat alimantè dijans epi nan menm moman an sipòte vyabilite 132 eksplwatasyon agrikòl familyal. Tout sa fas ak pandemi COVID-19 la ak retonbe ekonomik li yo oswa sa ko-fondatè Haile Johnston rele yon “katastwòf natirèl.”

Johnston ak madanm li, Tatiana Garcia-Granados, te lanse The Common Market nan lane 2008. Òganizasyon a vin agrandi pou travay avèk plis pase 900 patnè kominotè nan twa rejyon. Yo konekte kominote ki pa jwenn sèvis yo avèk manje ki soti nan eksplwatasyon agrikòl familyal vyab. Manje ki kiltive sou plan lokal yo sikile atravè rezo The Common Market yo nan Sant Atlantik la, nan Sidès la ak nan eta Texas la.

Johnston eksplike “Travay sa a devlope yon degre resipwosite ak respè ant moun zòn iben yo ak moun zòn riral yo.” “Nou etabli relasyon nan tout kalite kominote, ak tout kalite moun ou ka imajine.”

Adaptasyon yo pandan pandemi an reflete fokalizasyon sou relasyon sa a ak lyen pou lavi yo genyen avèk manje.

ANRASINE LAKAY

CM_HaileandTatiana_21
Haile Johnston ak Tatiana Garcia-Granados ki se yon koup marye, jwenn yon fason pou yo entegre atik fre ki soti nan eksplwatasyon agrikòl nan entèvansyon alimantè dijans.

Garcia-Granados te leve sou eksplwatasyon legim papa l nan peyi Gwatemala. Lè afè yo te mal vire oswa lè ralantisman mache a te afekte biznis yo, kizin fanmi an te vin plen ak sipli tomat ak bwokoli. Menm jan an, Johnston, ki fèt nan Philadelphia, sonje avèk tandrès lè papa l te konn leve li bonè nan wikenn pou ale andeyò Pennsylvania. Yo te konn plen machin yo avèk joumou ak fwi pou vann nan katye vil la ki pat gen aksè fasil ak manje fre.

Garcia-Granados di: “Nou toude grandi avèk manman ki te kizinyè ekstrawòdinè epi papa nou toude te antreprenè nan domèn manje. Li nan san nou.”

Nan lane 2003, kòm jèn koup marye, yo te vin abite nan katye Strawberry Mansion Philadelphia a, poutèt kominote nwa istorik la, ki gen yon epòk, te lakay atis tankou John Coltrane, te atire yo. Lè Johnston ak Garcia-Granados te enstale yo, fanmi ki te gen mwayen yo te gentan demenaje. Pandan kilti a te la toujou, lavi moun òdinè yo te sibi enpak degradasyon, chomaj ak povrete.

Johnston eksplike: “Nou te vle travay ansanm ak vwazen nou yo pou nou rann li yon kote moun ta vle rete.”

Nan travay nan kad yon òganizasyon devlopman kominotè katye, yo te angaje jèn moun nan pwojè pou anbeli teren vid katye a – netwaye, plante flè epi kiltive legim. Finalman ekip katye yo a te antretni plis pase 14 ak (5.67 ekta) teren vid ki pa youn sou kote lòt nan Strawberry Mansion – epi li vin gen yon ouvèti sou yon lòt kouch defi kominote a.

Johnston eksplike: “Afòs nou vin aprann konnen fanmi jèn yo, nou te kòmanse konprann kijan maladi ki lye avèk alimantasyon yo ak inegalite nan maladi yo te afekte kapasite yo pou yo transande pòvrete jenerasyonèl la. Selon analiz nou, sou plan fonksyonèl la, moun yo paka avanse poutèt yo soufri maladi kè oswa dyabèt – epi tout bagay sa yo gen rapò ak kalite manje yo pote nan kominote nou an.”

Yon vizit sou teren an avèk ekip yo a te antrene yon moman sansasyonèl ki chanje fiti yo. Garcia-Granados sonje “Chans fè nou tonbe sou yon gwo vant ozanchè agrikòl nan yon distans anviwon inèdtan nan yon zòn riral.” “Epi pandan nou te lòtbò a, nou reyalize se pa kominote tankou pa nou yo sèlman ki dekonekte parapò ak manje ki bon pou lasante. Gen tout ti agrikiltè familyal sa yo ki pa gen aksè ak mache yo – yo depann de sistèm vant ozanchè a.”

Rekonèt disiparite ki te genyen ant de (2) kominote sa yo te pwen depa The Common Market: pote fwi ak legim nou pwodui sou ti eksplwatasyon agrikòl yo nan kominote tankou pa yo.

PREZÈVASYON DIYITE PANDAN YON IJANS

Nan kondisyon nòmal, manje The Common Market ale jwenn sant edikasyon pou timoun piti, lekòl, lopital, fwaye swen enfimyè ak prizon – enstitisyon ki gwo ase pou kòmande gwo kantite. Yo rasanble pwodui ti agrikiltè yo ak agrikiltè mwayen yo nan pwosesis la.

Men nan kòmansman lane 2020 an, pandemi COVID-19 la chanje tout bagay.

Johnston sonje: “Lè bagay yo te kòmanse fèmen nan mwa mas, te gen yon ensètitid tèlman gwo; nou pat konnen kisa ki ta pral rive.”

Jan Johnston di l, “Pwodui yo te deja ap soti nan tè a,” lè sant edikasyon pou timoun piti yo fèmen pòt yo epi kafeterya nan fwaye swen enfimye yo, lopital yo ak prizon yo fèmen. Patnè agrikòl The Common Market yo te planifye rekòlt yo avèk enstitisyon sa yo nan tèt yo.

Defi yo te vin genyen se te pou yo defini yon estrateji pou pèmèt yo kenbe angajman yo fas ak agrikiltè yo ak kominote iben yo desèvi yo.

Gad Nasyonal la resevwa palèt manje agrikòl fre The Common Market yo nan Vil New York nan mwa me 2020.

Apresa, Vil New York ki se premye kominote kowonaviris la te frape fò, te vin fè yon demann pwopozisyon. Vil la t ap chèche yon bagay yo rele bwat gad manje. Moun nan The Common Market yo te sipoze yo te vle yon apwòch tradisyonèl pou distribisyon manje dijans yo – pwodui ki ka konsève pandan lontan men ki souvan pa opsyon ki pi bon pou lasante a. Malgre sa, yo pran yon chans – epi yo aksepte pwopozisyon yo pou bwat manje agrikòl fre yo. Apresa vin gen yon kontra similè ak Atlanta, ansanm ak yon sibvansyon pou fè distribisyon atravè Central Texas Food Bank (Bank Alimantè Santral Texas)

Pwogram Bwat Manje Agrikòl Fre The Common Market la te ofri fwi, legim, patisri ak pwodui abaz lèt nan bwat endividyalize ki te ka distribiye yon fason sekirize pandan moun yo te rete abrite sou plas.

Kòmantè moun ki te resevwa bwat yo te ankouraje The Common Market agrandi pwogram yo a.

Janice ki soti nan Vil New York ekri: “Mwen nan swasantèn mwen epi mwen rete Jackson Heights nan Vil New York, ki kounye a se zòn ki pi mòtèl sou latè poutèt kowonaviris la. Mwen rete ansante, men mwen pa anvi soti deyò a…Men, yè bwat ou a vini ak pen fre, pwa sèch, pòmdetè, yon bètrav, chou frize, tomat kraze nan bwat konsèv ki bon anpil ak fwomaj cheda.

“Premye sa ki vin nan tèt mwen se ke gen yon moun ki vle m viv, sa ki te fè m anvi kriye.”

PREZÈVASYON DIYITE PANDAN YON IJANS

Avèk kalite ankourajman sa a, The Common Market te chèche epi ranpòte kontra avèk Depatman Agrikilti Etazini (USDA) a, avèk $5.7 milyon dola pou kòmanse nan mwa me a epi yon lòt $7.6 milyon dola nan mwa dawout la. Bwat pwodui agrikòl fre yo ak pwodui abaz lèt yo fè chimen yo soti nan eksplwatasyon agrikòl Sant Atlantik la rive nan kominote yo nan New Jersey, Pennsylvania, Washington D.C. epi soti nan eksplwatasyon agrikòl sidès yo rive nan Tennessee, Georgia ak Alabama. Bezwen an te ogmante tèlman vit ke The Common Market, non sèlman te respekte tout angajman yo fas ak agrikiltè yo, yo te vin ap chèche etabli nouvo relasyon andeyò rezo yo a.

Agrikiltè ki travay ak The Common Market yo te fyè ofri yon èd dijans.

Steven P. Frecon, yon agrikiltè nan Boyertown, Pennsylvania, ekri: “Lè nou konnen nou se yon pati nan solisyon an pou bay moun ki fèmen nan New York yo manje, sa fè tout estrès la vo lapèn. Sa fè m fyè epi sa fè m santi travay nou an gen enpòtans.”

Li ajoute: “Patenarya avèk The Common Market la ede kenbe eksplwatasyon agrikòl nou yo vyab, pèmèt anplwaye yo kenbe travay yo pandan gen plizyè milyon ameriken ki nan chomaj epi li te distribiye fwi nou yo bay moun ki te bezwen yo. Se pou sa nou fè agrikilti.”

Howard Berk, pwopriyetè Ellijay Mushrooms nan Ellijay, Georgia, te ekri: “The Common Market ba nou yon sovtaj nan tan ensèten sa yo.”

Antonio nan Welcome Atlanta montre fòs li jwenn nan legim.
Youn nan èd Backyard Basecamp ki pi jèn yo asire ke fanmi nan Baltimore yo resevwa manje fre pandan pandemi an.

JANBE FWONTYÈ, KREYE KONEKSYON

Responsab Pwogram WKKF la, Linda Jo Doctor, sonje li te rankontre Johnston nan yon reyinyon kèk ane anvan epi li te tande vizyon inisyal la. “Lè sa a, li menm ak lòt patnè kominotè yo te vize kreye yon sistèm distribisyon lavant angwo ki chita sou ekite rasyal – agrikiltè yo, ki gen ladan yo agrikiltè nwa yo, t ap jwenn peman yo davans pandan yo t ap veye pri yo pou asire yo te aksesib pou kominote yo.”

Apwòch The Common Market la reflete entèkoneksyon ant pwodiksyon manje a, lasante ak mwayen sibzistans nan kominote yo ak byennèt timoun yo ak fanmi yo.

Li di: “Epi Tatiana ak Haile se de patnè refleksyon ekstrawòdinè.” “Yo respekte yon seri prensip epi yo eksplwate opòtinite otan yo kapab. Yo gade yo wo kòm lidè nan domèn nan.”

Epi poutèt fason The Common Market fonksyone a, yo te rive fè piwèt epi fè fas ak defi ekstrawòdinè ki te prezante pandan lane ki sot pase a.

Pwopriyetè a, Shakera Raygoza, òganize yon vizit Terra Preta Farm nan Edinburg, Texas.

Fè mesaj enfòmasyon pou konbat COVID-19 yo pase nan tout kilti yo

Previous article

Fanm Navajo ak Hopi yo nan tèt mouvman sovgad kominote Endijèn yo

Next article

Comments

Comments are closed.