Sante

Estrateji ki anrasine nan kominote a te rann plan Detroit an repons a COVID la pi bon

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Lè COVID-19 te frape Detroit nan mwa mas 2020, pwoblèm vil la t ap afwonte yo te imedyatman anpil, e yo te lakòz moun pèdi lavi yo.

Vil la ki gen yon pousantaj povrete ki plis pase 30% ak yon popilasyon ki prèske gen 80% moun Nwa, ak antou prèske 94% moun po fonse, te vin tounen yon kote ki chaje ak rezilta tès pozitif, moun ki entène ak moun k ap mouri.

Pandan eta Michigan t ap kontwole ka ak moun ki mouri nan kòmansman mwa avril 2020, yo te dekouvri ke, byenke moun Nwa se sèlman 14% popilasyon eta a, se yo ki te 33% nouvo ka COVID-19 yo, ak 40% lanmò. Disparite nan enfeksyon ak lanmò sa a te pouse konvèsasyon fèt konsènan inegalite nan aksè detèminan sosyal nan domèn lasante (kondisyon moun fèt, grandi, travay, viv ak vieyij) nan eta a, e sa te pouse Gouvènè Michigan nan, ki se, Gretchen Whitmer pou l te kreye Gwoup Travay Sou Disparite Rasyal Kowonaviris nan nan Michigan nan dat 20 avril 2020.

Benefisyè W. K. Kellogg Foundation nan Detroit te kanpe pou sipòte byennèt ak sante manm nan kominote yo nan youn sans sa potko janm fèt, kote yo te kreye nouvo apwòch nan travay yo epi kreye nouvo kolaborasyon pou pi byen ede moun ki pi frajil yo. 

WKKF te pale ak reprezantan twa benefisyè sou nouvo pratik kolaboratif yo te devlope. Pami reprezantan sa yo te gen Mary Carmen Muñoz, direktè egzekitif Latin Americans for Social and Economic Development (LA SED); Jametta Lilly, Direktè jeneral Detroit Parent Network (DPN); ak Doktè Phillip Levy, pwofesè medsin ijans, asistan vis prezidan Syans Translasyonèl ak Rechèch Klinik pou Wayne State University (WSU) e ki se Prensipal Responsab pou Inovasyon pou Wayne Health. Nou modifye pawòl yo pou espas e pou yo ka pi klè.

WKKF: Kijan KOVID-19 la te gen enpak sou travay nou?

Muñoz: Tout sèvis yo te vin fèt a distans. Nou te fè apèl telefonik, nou te bay manje, èd ak lwaye, èd ak sèvis epi anpil moun ki te kalifye pou lajan chomaj pa t konn kòman pou yo itlize yon òdinatè, e sèl telefòn selilè yo te genyen pou yo te monte sou entènèt. Nou te konn rankontre yo isit la nan bilding nou an e nou te konn mete mas epi fè yo enskri pou yo te ka resevwa benefis. Malerezman, te gen moun ki pa t gen papye – yo te soufri anpil. Yo pa t kalifye pou lajan chomaj la. Pafwa nou te konn ba yo lajan kach pou ede yo.

Kesyon lang lan te yon baryè tou. Te gen lè nou te oblije tradui pou fanmi ki pa t ka la ak fanmi yo lè yo t ap trepase. Mwen te fè sa pou yon madanm ki te gen 68, 70 an maryak ak menm mesye a, ki pa t ka la pou l kenbe men l lè l t ap mouri. Se te yon privilèj pou m te la pou m te fè sa, men se yon bagay ki p ap janm sot nan tèt mwen.

Lilly: Nan mwa mas 2020, nou t ap mande kankou tout moun ‘Kisa pou n fè?’ Li te klè nou te gen yon bèl gwoup nan eta a ki t ap gide nou pandan premye jou pandemi an. Men sa k rive sèke moun nan zòn nan pa t ap prete atansyon a sa yo t ap fè. Tout òganizasyon sa yo te met ansanm nan yon apèl konferans yon jou dimanch pou yo te wè nan ki fason yo t ap rive sou yo.  

Grasa Detroit Public Television (DPTV) ki te la kòm poto mitan nou pou kominikasyon, lòt patnè yo te vin ak konpetans yo nan òganizasyon kominotè ak enfliyans yo antanke resous nan kominote a moun fè konfyans depi lontan. Nou te adopte yon apwòch kolaboratif pou bay moun k ap patisipe nan Konferans Vityèl Piblik COVID313 yo resous. Nou te gen yon gwoup nannan ki gen 10-15 òganizasyon nou te rele ekip pwodiksyon. Nou te rasanble resous ki fyab sou sante, edikasyon, bezwen debaz ak jistis sosyal, e nou te difize yo. Objektif nou se te pou n bay paran yo mwayen pou yo te ka pran pi bon desizyon.

Se sèl DPTV ki te responsab kominikasyon, men moun ki nan gwoup nou an se òganizatè ki chaje ak talan. Sa k te nouvo pou nou se te itilize Zoom ak Facebook an dirèk pou n konekte ak moun. Fason nou lage enfòmasyon kounye a, chak patnè òganize pwomosyon, nou fè konferans piblik an dirèk epi nou mete anrejistreman yo sou sit entènèt nou yo. Nou gen 95 difizyon nan achiv la e nou rive atenn 400,000 moun.

Doktè Levy: COVID se te yon kout pous pou avanse ak yon pwojè ki te kòmanse depi anvan pandemi an. Mwen se yon pwofesè medsin ijans nan WSU, kote m te wè anpil jèn moun ki gen eleman ki gen faktè risk ki pa kontwole e ki ka koze maladi kadyovaskilè. Nou te vle atire atansyon sou faktè risk sa yo e se pou sa nou te kreye PHOENIX (yon pwojè rechèch ki rele Population Health Outcomes ak Information Exchange) kòm yon mwayen pou pran enfòmasyon sou moun nan kominote a, rasanble done yo epi konprann risk ki gen nan kominote a.

Pousantaj moun ki mouri akoz maladi kè nan Detroit prèske de fwa pi wo pase tout rès peyi a – tout sa se akoz tansyon wo ki pa kontwole, e nou ka idantifye sa pami moun ki vin nan sal ijans lopital la. Lè w kontinye rasanble done diferan moun nan menm kominote a ki itilize ER la, wou gen yon mwayen pou w konprann risk nan kominote a tank tan ap pase, e ki domèn ou ka vle sible pou w fè entèvansyon. Objektif nou se te toujou pou nou pran done yo epi sèvi avè yo pou nou kreye egalite nan kad rezilta maladi kè yo, men jan COVID la montre sa, se vrèman yon platfòm ki ka aplike pou nenpòt maladi oswa kritè ki reprezante danje.

Nou te kòmanse mete done COVID yo sou lòt done PHOENIX yo, e nou te vin reyalize se te pi bon mwayen pou idantifye kote danje COVID la ye nan kominote a. Nou te kòmanse travay ak Ford Motor Company pou kreye mwayen transpò n ap voye nan zòn ki gen plis danje nan kominote a. Nan mwa mas 2020, nou te mache devan lè n te bay mwayen transpò nan zòn ki pi frajil nan domèn sosyal yo pou vin fè tès nan kominote yo.

Tank tan ap pase, nou te amelyore pwogram tès nou an pou n te fè lòt bagay tankou fè evalyasyon pou tansyon wo, dyabèt, kolestewòl ki wo, maladi ren ak VIH. Nou te kòmanse bay sèvis navigasyon ak lòt sèvis grasa defansè sante nan Detroit Parent Network ak travayè nan domèn sante nan kominote a pou Wayne Health pou nou asire moun yo gen mwayen pou yo rete an sekirite epi an karantèn si sa nesesè, pandan n ap travay sou lòt maladi ki pa COVID. Se tankou nou vin evolye nan yon modèl sante popilasyon pòtab. Nou imajine anpil swen se ajan sante kominotè ki bay yo. Apre sa tès KOVID nou an vin tounen vaksen pou COVID.

Nou te fè plis pase 71,000 rankont ak pasyan, nou te travay ak plis pase 250 patnè kominotè e nou te òganize plis pase 1,000 evènman. Ak finansman WKKF, nou te agrandi modèl nou an pou n te afoute pwogram mobil nan rejyon an epi, itilize done PHOENIX ki bay kote nan kominote a moun pran vaksen pou idantifye kote ki pa tèlman resevwa vaksen pou nou ka planifye pou n rive sou yo. Grasa travay sa yo, nou te ede ranfòse vaksinasyon jiska 25% nan katye nan tout vil Detroit la.

WKKF: sou ki pwoblèm nou t ap travay? Ki solisyon nou te eseye?

Muñoz: Moun nan kominote nou an pa t vaksinen. Pwoblèm lang lan te yon baryè. Fòmilè yo te ann anglè, e sa te met moun nan konfizyon. Se te lapolis ki t ap jere foul moun ki te nan gwo klinik vaksinasyon yo, e te gen anpil kamyon ki t ap kontwole fwontyè a nan Sant TCF bò rivyè a. Epi te gen etablisman swen sante an ijans nan kominote a ki t ap fè moun yo peye malman $250 pou yon vaksen. Kominote nou an pa t konn kote pou yo ale. Mwen te kòmanse fwape pòt Vil Detroit e m te rive konvenk yo pou yo fè yon klinik pwovizwa nan gwo sal espò ki nan sant pou granmoun ak jèn nou an. Yo di yo t ap ba nou 100 dòz e nou pa t ap ka itilize tout. Nan premye klinik nou an, nou te bay 280 moun vaksen.

Nou te òganize klinik vaksinasyon chak de semèn jiska mwa jen e nou te kontinye fè klinik pwovizwa. Menm yon grenn dòz vaksen nou pa t jete. Nou te rive gen 97% moun ki te retounen vin pran yon dezyèm dòz. Nou te pran enfòmasyon nan men moun ki vin pran vaksen yo e nou te itilize mwayen nou genyen pou n fè swivi. Nou rele moun yo epi nou di yo sa gen twa semèn depi yo te pran vaksen e lè a rive pou yo pran dezyèm dòz la. Epi nou asire nou yo gen transpò k ap mennen yo vin pran dezyèm dòz la. Si yo pa gen mwayen transpò, nou ba yo.

Lilly: Sitou nan Detroit, nou te wè moun ki vilnerab anpil, kote yo menm oswa moun nan fanmi yo te malad anpil e ki t al nan ijans epi yo di yo pou retounen lakay yo. Pa t gen enfrastrikti ki te pèmèt moun nan kominote a pale ak lòt moun nan kominote a pou ba yo enfòmasyon ak resous yo bezwen, tankou pou yo jwenn manje oswa sa pou yo fè si yo gen gwo pwoblèm lojman. Kisa pou w fè si w nan yon kay de chanm-a-kouche ki gen wit oswa nèf moun e kounye a grann nan lopital nan yon aparèy pou l ka respire. Nou asosye ak kat lòt òganizasyon pou antrene paran yo pandan kat a sis semèn pou rele fanmi yo pou di yo, ‘kijan w ye?’ Kisa w bezwen? Ak kisa m ka konekte w? Sa nou te kreye a se te yon gwoup moun ki resevwa fòmasyon pou fè swivi, pasyan ak fanmi yo, pou konekte yo ak resous yo, dapre priyorite.

Wayne Health te fè kontra ak Detroit Parent Network pou bay defansè sante fanmi nou yo yon travay bò kot ekip klinik yo ki t ap soti al fè tès COVID nan klinik mobil yo a. E sa te fè plis moun pran vaksen. Pandan machin sa yo t ap pase bay vaksen nan pwogram kominotè a, legliz ak lekòl, te gen defansè sante fanmi nan kominote a ki t ap resevwa enfòmasyon ke DPN te prepare. ki t ap gade pou wè si te gen moun ki bezwen swen debaz epi konekte yo ak resous kominotè pou sante mantal, lamanjay, edikasyon nan premye etap nan anfans lan. Ansanm, n ap travay pou nou elimine diferans nan domèn sante a. Nan mwa novanm, nou te gen premye defansè nou ki te resevwa sètifika kòm travayè sante kominotè.

Doktè Levy: Depi nan kòmansman te gen restriksyon sou kiyès ki te ka fè tès. Nou te kwè ke tout moun ta dwe teste, men materyèl ak resous pou fè tès yo te limite anpil. Pi gwo pwoblèm nou se kote ki t ap ba nou materyèl yo. Nou te fè tèt nou travay. Nou te kòmanse kreye pwòp materyèl nou, ke nou te fabrike nan laboratwa nou. Nou te toujou gen difikilte ak reta nan rezilta tès yo. Nou te gen pwoblèm pou nou jwenn laboratwa poun kolabore ki t ap ka ba nou rezilta tès yo nan twa jou. Nou te kontakte Garcia Laboratory nan Jackson ki te fè laboratwa nan prizon. Okòmansman yo te fè yon ti poze jiskaske prizon yo te kòmanse fè tès nòmal, donk yo te vin vle travay avè nou. Depi lè sa a nou travay ak RapidBio e kounye a nou ak Ion, yo toulède fè yon bon travay. Pou kounye a, pi gwo pwoblèm nou se moun pou travay. Pou nou voye moun nan kominote a nan mwayen transpò nou yo nan tout kalite tanperati – li difisil pou n jwenn moun pou fè sa.

Lòt obstak nou te oblije elimine se te fason enfòmasyon ap gaye. Li fasil anpil pou w fè moun ki bon nan smatfonn yo jwenn rezilta yo men li pa bon si w se yon granmoun e w pa vrèman konprann teknoloji oswa si diferans dijital la vle di ou pa gen teknoloji a. Nou te oblije jwenn youn solisyon pou sa. Nou te kòmanse travay ak Patient Education Genius, yon konpayi ki fè anpil travay pou sansibilize pasyan yo pou itilize sistèm mesaj tèks. Donk, pou moun ki pa ouvri mesaj tèks yo fasil, nou ka wè sa epi rele yo. Gen kèk moun, se lakay yo nou oblije ale.

Nan pèspektiv pwofesyonèl k ap bay swen sante, petèt pi gwo pwoblèm mwen wè se move enfòmasyon ak mank konfyans moun yo gen nan sous enfòmasyon ki plis tradisyonèl yo, tankou CDC. Nou te travay di pou n bati konfyans nan tout kominote n ap bay sèvis. Paske nou atache ak sa e nou te ale menm kote yo plizyè fwa, moun yo konn kiyès nou ye e yo konnen nou pare pou n ede yo. Nou wè anpil òganizasyon ki vle retounen jan bagay yo te ye anvan. Men nou p ap fè sa. Kounye a sou se sinonim sante mobil.

WKKF: Ki leson nou te aprann?

Muñoz: Nou toujou bezwen konn sa kominote a panse – nou pran yo oserye. Lè nou fè sa, sa vle di nou ka evolye rapidman. Se sekrè pou òganizasyon sa a rete pou lontan. Fòs nou se paske nou ka bouje. Angajman nou nan kominote nou an se sa ki ede n kanpe pandan dezan sa yo.

Lilly: N ap eseye rete nan domèn nou, angaje paran yo yon fason onèt epi konekte yo ak resous yo bezwen, paran ak paran ak nan ti gwoup. Nou bay fòmasyon ak ankadreman pou paran Detroit yo, nou ba yo posibilite pou yo amelyore pwòp sante yo ak pwogrè ekonomik yo e pou yo vin gen otorizasyon pou yo travay pou òganizasyon tankou asirans pou swen sante yo. Lè nou te kòmanse fè sa, mwen t ap atann aske nan jounen joodi a, nou vin gen 10 defansè sante lafanmi. Nou fenk aprann nou pa menm gen kandida ki aplike pou pozisyon yo. Donk, kounye a, se sèl kat nou genyen.

Mwa pwochen, n ap pran yon poz pou nou fè yon chanjman pou nou fè DPN vin mwayen pou nou jwenn plis moun nan pwogram ki baze sou kominote a, k ap genyen plis gason Nwa, ki angaje nan swen sante nan premye wòl navigatè ak premye nivo nan kominote. Donk, nou vle ba yo yon travay a tan plen nan yon etabliman tankou Wayne Health, kote yo ka jwenn plis kredi nan yon lekòl edikasyon oswa travay sosyal. Donk, paran nou yo, pandan n ap ba yo fòmasyon, ka ale nan yon sous pou yo jwenn fòmasyon, pou Wayne Health anboche yo epi pou yo gen aksè ak fòmasyon san rete epi pou yo pran spesyalizasyon. Pa egzanp, yo ta ka antre nan pwofesyon tankou jeryatri. Sa vrèman entèresan. 

Doktè Levy: Gen pi bon fason pou nou bay sèvis medikal pase sa n ap fè yo. Malerezman se pandemi an ki fè nou vin wè sa. Gen anpil bagay k ap eseye fè nou tounen nan modèl jeneral la. Pandemi an fè nou wè tout sistèm sante nou an fèb. Sa nou bezwen se yon nouvo modèl sante ki kalkile bagay yo alavans e ki bay moun yo yon posibilite pou yo jwenn egzakteman sa yo bezwen pou yo evite bagay tankou maladi kè. Gen twòp bagay nou wè nan ijans lan ki se konsekans sa ki te, oswa pi souvan, sa ki pa t rive moun anvan sa pou sa nan kontèks faktè risk yo. Moun ki fè arè kadyak yo te gen yon bagay anvan ki vin koze sa.

Kounye a, akoz pandemi an, nou konnen nou ka bay swen sante yon lòt jan. Nou konnen tou, moun yo vle resevwa swen sante yo youn lòt jan. Nan klinik mobil nou an, nou bay moun ki rive anvan an sèvis. Pou w jwenn swen, ou annik vini. Nou gen enfòmasyon w nan dosye nou – nou pa bezwen poze pasyan yo kesyon; nou jis bezwen mete enfòmasyon yo ajou sou yon tablèt. Nou konekte yo ak yon travayè sante nan kominote a nan 10 minit. Sa vrèman pratik. Se konsa nou bezwen panse sou ki jan pou n delivre swen sante.

WKKF: Ki lòt bagay ou ta renmen nou konnen?

Muñoz: Se te youn pè nan zòn lan ki te kreye nou an 1965 nan kominote Sidwès Detroit la, kote ki gen plis imigran ladan lan. Depi lontan n ap bay kominote sa a sèvis. Se te toujou yon pati nan travay nou fè. Lafwa w, fanmi w ak lanmou w pou moun – ou ede kote w kapab.

Menm si se moman yo pa t fasil, m ap di w bonte moun yo an jeneral se te bagay ki bèl anpil. Moun yo – e sa se te plis pase yon ponyen moun – te konn vin frape pòt sou kote a epi ban m yon anvlòp ki gen $25 oswa 10 fwa plis ke sa. Sa rive anpil fwa. Yo pa t vle okenn kalite remèsiman oswa rekonesans. Yo te annik vle fè sa pou vwazen yo. Te gen yon moun ki te chanje chèk bonis li de fwa epi l te ba nou l. Yo te di, ‘Mwen gen ase pou m manje e pou m peye lwaye. Kisa mwen bezwen?’ Moun yo te ekstraòdinè.

Lilly: kolaborasyon ki te mennen nan Konferans Piblik Vityèl COVID313 la te vrèman espesyal. Sa gen kèk tan depi m la. Onètman, mwen wè kolaborasyon ki te jwenn sipò fondasyon oswa yon sibvansyon, epi yo kraze paske moun ki ladan yo pa t gen espri kolaborasyon. Se yon gwoup ki pwofondeman diferan. Gwoup moun sa a te deside met ansanm pou kominote nou an. Nou te kreye yon gwoup direksyon, e nou pale sou fason pou nou rezoud pwoblèm ki gen enpak sosyal yo. Adrese pwoblèm COVID la, se pa jis konsantre sou dinamik malad a, se yon travay pou atire atansyon sou disparite nan domèn sante, sou lòt pwoblèm yo – nan anviwònman, nan sante – jan de bagay sa yo.

Doktè Levy: Youn nan bagay ki pi enpòtan nou fè se sansibilizasyon nan kad sante kominotè. Se lavi n ap sove. Gen yon dam ki pa t wè doktè depi dezan. Yon travayè sante kominotè te konvenk li pou l al pran tansyon l. Tansyon l te wo. Li te fè l jwennn swen sante. Li te ka fè yon atak serebral si l pa t jwenn swen sa a. Sa pa t ap rive si nou pa t panse bay moun swen sante yon fason diferan. COVID se yon gwo evènman ki chanje bagay yo nèt. Nou ta dwe itilize l kòm yon okazyon pou n ouvri je n sou sa moun yo bezwen epi rekonèt sa nou ka fè pi byen.

Comments

Comments are closed.