Angajman KominotèSante

Lavni Baze Sou Zansèt Yo: Fanmsaj otoktòn ak fanmsaj tradisyonèl ki soti toupatou nan Amerik rasanble pou defann dwa yo

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Nan mwa avril, plizyè douzèn fanmsaj ak lòt moun ki fè akouchman tradisyonèl te pran avyon pou ale nan vil Nouyòk soti nan sid Chili ak nan nò Alaska pou yo reyini devan Fowòm Pèmanan Nasyonzini sou Pwoblèm Otoktòn yo (United Nations Permanent Forum on Indigenous Issues). Yo te vin pale sou difikilte yo tout ap rankontre epi dekri revandikasyon yo pou yo prezante yo nan fowòm Nasyonzini an. Alye ki soti jis Nepal, Ostrali ak Kenya te vin patisipe nan travay sa a. Avèk 11 peyi ki reprezante yo, pwen komen yo te anpil e yo te solid, sa gen ladan l yon lide ki te vin tounen yon refren ki te make rasanbleman ki dire de jou a: “Lavni Baze Sou Zansèt Yo.”

Menm si pratik akouchman tradisyonèl yo se pratik ki byen anrasinen, pèsonèl epi esansyèl, pwofesyonèl nan monn nan sibi diskriminasyon ki fè yo mal e menm kriminalizasyon. Anpil moun vin ap pale plis sou dwa yo genyen ak sa ki nesesè pou asire y ap ka pratike nan pi bon kapasite yo epi pwoteje sante ak byennèt manman ak tibebe yo.

Se Mouvman Fanmsaj Nich Ixim nan Chiapas ki te prensipal òganizatè evènman an epi li reprezante yon etap enpòtan nan evolisyon l. Nich Ixim, ki vle di “flè mayi” nan Tseltal ak Tsotsil, te fonde an 2014, e kounye a li gen plis pase 600 fanmsaj otoktòn. Avèk sipò òganizasyon benefisyè WKKF (Formación y Capacitación; Asesoría, Capacitación y Asistencia en Salud; Camati Mujeres Construyendo desde Abajo, Sakil Nichim Antsetik ak Global Pediatric Alliance), Nich Ixim travay pou amelyore sante ak byennèt manman ak timoun atravè fòmasyon, epi li lite pou dwa manman, timoun ak fanmsaj yo atravè defans onivo eta, nasyonal ak entènasyonal.

An 2019, anba direksyon Nich Ixim, yon gwoup òganizasyon sosyete sivil, akademisyen ak aktè kle yo te dakò pou mete sou pye yon Pwogram Nasyonal pou Defans ak Pwomosyon Fanmsaj Tradisyonèl pou reponn ak menas ofisyèl sou pratik fanmsaj nan peyi Meksik. Kounye a Pwogram Nasyonal la gen sipò ak patisipasyon fanmsaj ki soti nan 12 eta nan peyi Meksik.

Menmsi manm nan mouvman Nich Ixim lan te patisipe nan UNPFII nan ane ki sot pase yo, se te premye fwa yo reyini yon gwoup entènasyonal ki gen fanmsaj epi prezante revandikasyon kòm yon fòs ini nan fowòm nan. Revandikasyon gwoup la te prezante nan 23yèm sesyon UNPFII (2024) te gen ladan l:

  1. Pou eta yo rekonèt sistèm sante tradisyonèl yo, konesans ki baze sou zansèt, pratik, syans ak teknoloji otoktòn yo.
  2. Pou elimine obstak ki anpeche moun otoktòn yo pataje konesans yo ak nouvo jenerasyon yo.
  3. Dwa fanmsaj otoktón ak fanmsaj tradisyonèl yo genyen pou yo analize ak modifye pwotokòl OMS ak UNFPA yo, ki konsidere fanmsaj tradisyonèl kòm yon opsyon ki danjere nan moman an.
  4. Aplikasyon mezi pou asire peyi yo responsab pwogrè sou sante pèp otoktón yo ak nan respè dwa fanm yo ak fanmsaj otoktón yo.
  5. Kreyasyon yon komite pèmanan sou fanmsaj tradisyonèl ak otoktón nan Fowòm Pèmanan an pou ankouraje dispozisyon ki garanti pwoteksyon ak respè pou konesans ak travay esansyèl yo pou sante fanm yo ak sivi kominote yo.

Nan eta Chiapas ak nan Meksik an jeneral, Nich Ixim te fè pwogrè pandan ane yo nan nan zafè ranfòsman ak rekonesans demann li yo. Chanm Depite Chiapas la ansanm ak fanmsaj otoktón nan tout Meksik apwouve pwogram li an (sa ki louvri chemen pou Ministè Sante ak Biwo Rejis Sivil la aplike yo); mouvman an ap kolabore kounye a ak youn nan prensipal enstitisyon sante piblik nan peyi a, mete fanmsaj yo an kontak ak lopital si medam yo bezwen swen ijans; e gras ak defans mouvman an ap mennen, refòm Lwa Jeneral Sante Meksik la gen ladan l de atik nan pwogram li yo: pwoteksyon pratik fanmsaj tradisyonèl yo, ak dwa pou fanmsaj yo bay sètifika nesans.

Pandan rasanbleman anvan UNPFII yo a nan vil Nouyòk, asosyasyon fanmsaj yo te resevwa de vizit ofisyèl: youn se Adelfo Regino Montes, direktè jeneral Enstiti Nasyonal Pèp Otoktón Meksik la, e lòt la se Dario Mejía Montalvo, prezidan UNPFII a. Toude te montre solidarite yo ak fanmsaj yo, yo te mete aksan sou enpòtans travay yo pou avanse sante ak byennèt kominote otoktón pou plizyè jenerasyon, epi toude te di yo te pran angajman pou yo pote pwopozisyon kowalisyon an ak lòt alye posib yo.

Te gen reprezantan plis pase 30 òganizasyon ki te vin nan Nich Ixim nan Nouyòk, ki gen ladan l plis pase yon douzèn benefisyè WKKF nan peyi Etazini, Ayiti ak Meksik. Gade lis konplè a pi ba a. Epi klike la a pou w li yon atik BBC sou mouvman fanmsaj Nich Ixim yo.

Apre fowòm nan, UNPFII te pibliye rapò li sou sesyon 2024 la, kote li te repete plizyè revandikasyon Alyans lan. Gade yon ti pati ki piba a ak lyen ki mennen nan dokiman konplè a.

Fowòm Pèmanan an rekonèt nesesite ijan pou ogmante angajman pou sante medam otoktòn yo nan monn lan, paske, souvan bezwen yo gen nan domèn sante pa konble epi yo manke swen ki adapte ak kilti yo, sitou akoz kriminalizasyon pratik akouchman tradisyonèl yo. Fowòm nan ankouraje Eta Manm ak antite Nasyonzini yo pou yo kolabore pou devlope pwogram epi mete lajan pou pèmèt sante, ak sèvis fanmsaj pou Fanm Otoktòn yo gen priyorite; epi ogmante vizibilite sitiyasyon an konsènan sante medam otoktón yo ak plis plis done detaye. Fowòm nan mande pou fè chanjman nan lwa ki gen diskriminasyon ki afekte fanm otoktón yo. Fowòm nan envite Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS), Fon Nasyonzini pou Popilasyon ak Fon Nasyonzini pou Timoun yo, pou kreye patenarya, idantifye ak ekri bon pratik entèvansyon sante ki adapte ak kilti nan travay yo onivo peyi a, tankou sipòte Fanm ak tifi otoktón yo lè yo respekte dwa seksyèl ak repwodiksyon yo. Fowòm nan mande pou antite yo konpile yon rapò konplè sou pwogrè, pou yo voye nan sesyon 2025 Fowòm lan.

Patisipan nan rasanbleman Alliance of Traditional and Indigenous Midwives of the Americas:

  • Agenda Nacional para la Promoción y Defensa de la Partería Tradicional (Mexico)
  • Alaska Native Birthworkers Community
  • Asociación Corazón del Agua (Gwatemala)
  • Asociacion de Parteras Unidas del Pacífico (Kolonbi)
  • Birth Place Lab, University of British Columbia
  • Cais do Parto (Brasil)
  • Camati Construyendo desde Abajo
  • Casa de la Mujer Indígena (Meksik)
  • Center for Indigenous Midwifery (Etazini)
  • Chirapaq (Perú)
  • Cihuapactli Collective (Etazini)
  • Coordinadora de Mujeres Campesinas e Indígenas (Conamuri),
  • SUNU (Paragwe)
  • Every Mother Counts (Etazini)
  • Formación y Capacitación (Meksik)
  • Fondasyon pou avansman fanmsaj ayisyen yo, Inc (FAHM)
  • Global Pediatric Alliance (Meksik)
  • Hummingbird Indigenous Family Services (Etazini)
  • Indigenous Women Rising (Etazini)
  • International Funders for Indigenous Peoples
  • Kinal Antzetik DF (Meksik)
  • Midwives for Haiti
  • Movimiento de Parteras de Chiapas Nich Ixim (Meksik)
  • Native American Women’s Dialog on Infant Mortality (Etazini)
  • Navajo Nation Breastfeeding Coalition
  • Nim Alaxik (Gwatemala)
  • Sakil Nichim Antsetik (Meksik)
  • Salud de los Pueblos (Bolivia)
  • Building the Fire Fund (Etazini)
  • Tewa Women United (Etazini)
  • United Nations
  • University of New Mexico
  • W.K. Kellogg Foundation

Our Voice Nuestra Voz selebre kilti nwa ak mawon New Orleans

Previous article

Yon rezo pou soutni lavi

Next article

Comments

Comments are closed.