PolicyTravay

Fleksibilite pou papa yo nan travay la kontribye nan pèmèt fanmi yo gen pi bon sante

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Puiske nap selebre Fèt Papa yo, W.K. Kellogg Foundation (WKKF) rekonèt tout jan ke mesye yo prezan antanke moun kap bay swen. Mesye yo reprezante yon pati entegral pou elve fanmi ak elve kominote yo. Nan premye istwa sa a pami seri istwa ki gen 2 pati pou Fèt Papa yo, nou remake ke lè nou selebre papa yo, sa vle di nou onore efò yo fè epi sa vin ouvri nouvo chimen ki pi laj pou mesye yo angaje aktivman nan lavi pitit yo.
Depi sèz dènye mwa ki sot pase yo, mo nòmal la pa janm sispann pran kou. Gen sa ki swete pou bagay yo vin nòmal; gen lòt ki kwè pandemi an ofri yon opòtinite pou nou redefini sa ki nòmal nan vi pèsonèl nou ak nan sistèm yo.   Definitvman nan mond travay la, lavi a te nenpòt kisa, esepte nòmal. Timoun ak paran vin tounen kanmarad; sal-a-manje vin transfòme an espas kote moun travay ansanm epi plaka vin tounen kabin telefonik prive; timoun, madanm ak mari ak pèsonaj parèt nan reyinyon estaf vityèl (san yo pa fè espre).   “Wòl moun kap travay antanke moun kap pran swen moun pat janm osi vizib pou anplwayè yo,” selon Molly Day, direktris ekzekitif Paid Leave for the U.S. (PL+US), yon benefisyè WKKF. Ann asosyasyon ak anplwaye, anplwayè, kliyan ak envestisè, PL+US te genyen konje familyal pou anviwon 8 milyon travayè ki travay nan kek nan pi gwo konpayi ki gen nan peyi a.
Anvan pandemi an te eklate, gen kèk konpayi tankou Gap Inc., Target ak Starbucks ki t ap deja devlope plis pwogram konje otorize ki konplè e fleksib. Sepandan, poutèt pandemi an, Day di “Kounyeya nou nan yon pwen kritik, avèk tout kalite konpayi kap mande pou gen yon politik konje otorize peye onivo nasyonal ki konplè.”  Aktyèlman, Etazini se youn nan wit peyi nan lemond ki pa gen yon politik onivo federal sou sa. Pandan pandemi an, PL+US te asosye ak Promundo pou fè sondaj ak dirijan e ak ekip resous imèn nan 40 konpayi ki baze Ozetazini ak nan peyi etranje. Yo vin dekouvri ke “… konpayi yo ap travay defason pou ke fleksibilite vin tounen yon eleman kle nan kilti yo – yon bagay ki kapab dire lontan apre pandemi an.” Fleksibite a vle di pou ankouraje anplwaye “bay byennèt yo priyorite” epi “diminye sou atant ke anplwaye fèt pou yo toujou fasilman e enstantàneman disponib,” etan “yap chèche fason kreyatif pou yo nòmalize nosyon ke tout anplwaye gen obligasyon e ke yo bezwen okipe tèt yo ak okipe fanmi yo.”
Nan lane 2019 PL+US ak Georgetown Center te pibliye yon atik sou Pòvrete ak Inegalite ki montre ke lè yo pèmèt papa, manman ak tout paran yo pran konje otorize peye, sa gen yon enpak pozitif sou lavi fanmi an ak yon enpak pozitif onivo pwofesyonèl, ikonpri:
  • li bay paran ak timoun plis opòtinite pou yo fòme lyen afektif epi l pèmèt yo devlope konpetans koparantal
  • manman, papa ak moun kap okipe pèsonaj yo gen pi bon sante fizik ak sante mantal
  • pousantaj alètman an pi wo, pousantaj mòtalite enfantil la pi ba epi tibebe yo devlope pi byen onivo emosyonèl e onivo koyitif
  • fanm yo gen plis opòtinite onivo karyè e yo fè plis lajan nan salè nan karyè yo
  • moral anplwaye yo pi wo epi anplwayè yo vin gen mwens woulman nan efektif yo
Gen yon moman nan lavi, se prèske tout moun ki okipe yon lòt moun – antanke paran, patnè oswa madanm/mari, oswa pou satisfè bezwen manm fanmi ki pi aje – epi tout moun ap bezwen swen. Mesye yo jwe yon wòl enpòtan antanke moun kap bay swen tou. Se pou sa WKKF fè menm jan ak lòt sèt òganizasyon filantwopik divès pou l anonse fòmasyon Fon The Care for All with Respect and Equity (CARE). Fon komen $50 milyon sa a ap depanse sou plizyè lane pou nou ka fè envestisman kap fè gwo chanjman ak transfòmasyon pou n konstwi enfrastrikti konplè ki bon pou tout moun. Li Plis >>
WKKF sipòte konje otorize peye antanke konpayi kap sibvansyone e antanke anplwayè. Travay nou enkli sipòte yon gàm òganizasyon onivo etatik ak onivo nasyonal kap travay pou asire ke tout fanmi ka benefisye konje otorize peye, etan nap bay priyorite ak sante, byennèt ak swen kòlèg nou yo bezwen bay.
Etazini se

1 nan 8

peyi nan lemond ki pa gen yon politik federal sou konje otorize peye. Bank Mondyal klase l antanke sèl peyi ki gen gwo revni ki pa gen yon politik sou sa.

Pifò peyi Afrik, Azi, Amerik Latin, Karayib ak Ewòp

Omwen

87

peyi garanti konje otorize peye pou papa yo oswa paran yo pataje konje.
Lasyèd ofri

480 jou

konje otorize peye ke paran yo ka pataje ant yomenm nan wit premye lane yon timoun.

Peyi afriken yo gen an mwayèn

12-14 semèn

pou nouvo manman yo

8

eta Ozetazini plis Distri Koloumby ak Pòtoriko gen politik pou konje otorize peye.
Check out part two of the Father’s Day series

Check out part two of the Father’s Day series

Entèvansyon dijans Ayiti vin deplizanpli lokal

Previous article

Eli Cuna, dirije avèk yon konektivite ak yon detèminasyon apwofondi

Next article

Comments

Comments are closed.