Angajman Kominotè

Angaje avèk kominote a pou konbat COVID-19 an Ayiti

0
Photo by: Mikaela Raphael for HEI

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Doktè Inobert Pierre wè kont sitiyasyon ijans nan lavi li. Nan lane 2010, aprè li te fè 8 lane ap travay kòm pedyat nan Lopital St. Boniface nan Fondèblan, Ayiti, Dr. Pierre te vin direktè jeneral enstitisyon an. Kèk mwa anvansa, yon tranblemanntè te pran lavi plis pase 100 000 nan konpatriyòt li yo, epi nan 10 lane aprè yo, li te dirije lopital la ki t ap fè fas ak yon kantite kriz youn apre lòt, san rete.

Tranblemanntè a pa t andomaje Lopital St. Boniface, men li te kraze youn nan dispansè li yo, epi anpil moun te kite kapital la ki te frape fò pou vin nan zòn riral tankou Fondèblan; moun sa yo mennen avèk yo tout kalite bezwen swen sante. Pita nan ane sa a, yon epidemi kolera frape Ayiti, e epidemi sa a vin fè plis pase 800 000 moun malad. Sis lane aprè, siklòn Matye pase e li fè ravaj pati sidwès peyi a. Depi lè a vin gen sechrès, famin, twoub politik ak vyolans. St. Boniface fè fas avèk tout kriz sa yo, epi kounye a li ap konbat kowonaviris la.

San mank, ekip St. Boniface la vin ekspè nan fè fas avèk katastwòf. Pou Pierre, gen yon leson ki devan tout lòt yo.

Leson nimewo en an

“Nou toujou eseye fè kominote a santi ke lopital la se lopital pa li,” se sa Doktè Inobert Pierre, Direktè Jeneral, Lopital St Boniface la di.

“Kèlkeswa sa ke nou ap fè,” se sa Doktè Pierre te di nan yon seyans konferans videyo sou Zoom depi Fondèblan, nan depatman sid Ayiti, “fok ke nou toujou enplike kominote a ladan l.”

Aprè siklòn Matye, Pierre deklare, “Nou te genyen kapasite pou n te fe yon resansman kay pou nou t al gade ki dega ki fèt. Nou te ka fè sa pou kò nou, men nou te prefere itilize yon gwoup ki anndan kominote a ki gen yon ti eksperyans ak jan de travay sa, ke nou te travay avèk li. Yo te kolekte done pou nou, epi sa vin te fè ke bagay yo ale pi byen, pou nou te santi ke yo patisipe nan efò ki tap fèt ke pote ed pou bay moun ki afekte pa sa, donk nou te fini pa konprann ke pou kapab jwenn siksè, pou ou ka reyisi nan kèlkeswa nap fe anndan kominote a, ou bezwen enplike moun anndan kominote a.”

An pati, se yon kesyon sekirite. “De fwa nou fè bel bagay, nou di, ‘bel bravo pou tèt nou,’” se sa Pierre di. “Epi [si] kominote a pa retwouve l ladan l, donk li pa patisipe,.. premye jou ke bagay sa li menase, nou pa ka konte sou kominote pou pwoteje bagay la.”

Nan kèk zòn riral Ayiti, laperèz pou kowonaviris fè moun atake pèsonèl medikal, pasyan ak etablisman yo. Men nan Fondèblan, pa gen okenn atak ki fèt, selon Pierre se gras ak angajman byen bonè epi dirab kominote a.

Sekirite se pa sèl pwoblèm lan. Gen anpil mefyans sou enfòmasyon ofisyèl sou viris la, tèlke kijan pou fè prevansyon epi trete li, sa ki fè li difisil pou kontwole epidemi a san patisipasyon enpòtan lidè lokal yo.

"De fwa nou fè bel bagay, nou di, ‘bel bravo pou tèt nou. Epi [si] kominote a pa retwouve l ladan l, donk li pa patisipe,.. premye jou ke bagay sa li menase, nou pa ka konte sou kominote pou pwoteje bagay la.

“Sa ke nou te fè anvan menm nou pa te konnen ke nou ta pral genyen yon sant pou pran swen moun ki gen kowona,” selon Pierre, “nou te travay ak tout lidè nan kominote a. Nou te eksplike yo kisa maladi a y e, kòman yon moun kapab pran l, kòman yo menm ka patisipe nan premyèman pwoteje tèt yo, men patisipe nan pwoteje kominote a.” (Nan mwa avril, patnè St. Boniface genyen depi lontan, Build Health International, te fè sal kowonaviris yo ak yon espas triyaj nan lopital la.)

Ekip lopital la te fè plizyè reyinyon avèk lidè relijye (kretyen ak vodouyizan), pwofesè ak direktè lekòl epi lòt moun nan kominote a, tankou mèt gagè yo, ki pou te rale plis moun vini. “Nou te bay yo responsabilite,” selon sa Pierre te di. “Nou di yo ke sa kap vini la a, lopital la gen wòl pa li pou l jwe, men yo menm tou yo gen wòl pa yo pou yo jwe, e… yo te enplike depi komansman.”

Apeprè yon mwa anvan yo te idantifye premye ka kowonaviris la an Ayiti, ekip lopital la te fòme 63 ajan sante kominotè (community health worker, CHW, nan lang anglè) pou aprann vwazen yo kòman pou fè prevansyon kont COVID-19. Kèk nan CHW sa yo ap travay tou avèk lidè kominotè yo sou swivi kontak epi y ap kontinye edike piblik la sou kowonaviris atravè yon emisyon radyo chak semèn, pandan enfimyè kominotè yo ap itilize  kamyon ki gen sistèm son ak gwo wopalè pou fè pase mesaj yo nan mache yo ak nan lari a.

Etabli relasyon pi pwòch ak kominote a

Istwa angajman k ap ogmante Lopital St. Boniface avèk kominote a ale pi lwen pase kriz yo. Anpil bagay chanje depi etablisman an te kòmanse an 1992 kòm yon ti klinik ki te depann de vizit ekip medikal ki te sòti lòtbò dlo.

Etablisman an grandi pandan ane yo, epi ekspansyon li ale pi vit aprè tranblemanntè 2010 la akòz yon ogmantasyon nan bezwen medikal epi ogmantasyon finansman. Se lè sa a li devlope premye pwogram reyabilitasyon mwal epinyè peyi a, sèl inite swen neyonatal entansif nan yon zòn ki gen prèske 3 milyon moun, ki ouvri 24 sou 24, epi yon nouvo sant sante matènèl, sal ijans, sant maladi enfektye ak sant chiriji, kote yo fè plis pase 300 operasyon esansyèl nan yon mwa (byenke chif sa a bese depi COVID-19 frape ). Jodia, St. Boniface apeprè 5 fwa gwosè li te ye anvan tranblemanntè a.

Gen yon lòt chanjman esansyèl nan fonksyònman lopital la ki merite yo gade li, selon Conor Shapiro, prezidan ak PDG Health Equity International (HEI), òganizasyon ki chita nan peyi Etazini k ap sipòte lopital St. Boniface.

Foto: Mikaela Raphael pou HEI

“Etan yon enstitisyon ki gen plis pase 30 lane ki sòti nan modèl ekip medikal itineran pou rive vreman nan ranfòse kapasite lokal,” se sa Shapiro di, “epi sa te enpòtan nan repons [pandemi] sa a.”

Jodia òganizasyon an gen plis pase 500 manm ekip ki chita Ayiti, epi tout se Ayisyen. Lopital la te voye rezidan kominote lokal yo lekòl, epi apresa te anplwaye yo –- nan pòs medikal ak pòs ki pa medikal (kontabilite ak plonbri). Li fòme tou ajan sante kominotè volontè ki se moun kominote kote yo ap bay sèvis yo avèk alokasyon.

Shapiro rekonèt volontè ak ekspètiz ki sòti andeyò Ayiti te ede anpil pandan tout ane sa yo, menm aprè tranblemanntè a. Men li di objektif HEI nan ranfòse kapasite yon ekip lokal pou jere ijans chak jou te pèmèt St. Boniface fè fas avèk dezas sa a, yon fason ki efikas.

Li pa p fasil. Pandan ka kowonaviris yo ap ogmante Ayiti, gen yon pakèt rezon pou gen enkyetid. Pierre enkyete li sou zafè jwenn ekipman pwoteksyon pèsonèl rapid rapid, li enkyete l tou sou pote fado swen sante majorite moun nan sid Ayiti, epi sou kontinye satisfè bezwen medikal ki te egziste anvan – St. Boniface te okipe anpil nan tan nòmal, epi, jan Pierre di sa, “lot maladi ki te konn genyen pa te disparèt.”

Sepandan, Pierre sanble li gen konfyans. Lè yo mande li kisa ki ba li lespwa nan yon tan tèlman difisil an Ayiti, li di se detèminasyon ekip li a. “Nou pa pè anyen, ” se sa li di. “Sa ke nou ka fè, n ap fè l.”

Dènye ivè ki pase a, yon pakèt repòtaj medya te make 10yèm anivèsè tranblemanntè Ayiti. Anpil te bay yon vye imaj yon peyi ki pa janm retabli. Men CBS News te gen yon imaj diferan. Nan yon vizit nan Lopital St. Boniface, jounalis la te montre odyans li sa li te rele, “yon kote ankourajan anpil ki kapab yon chemen pou lavni.”

Li plis pase yon Bibliyotèk, se Yon Ajan Transfòmasyon Kominotè

Previous article

Yon apèl mondyal pou fè avanse ekite rasyal disi 2030

Next article

Comments

Comments are closed.