Angajman Kominotè

Resansman 2020 — Fè dekont la malgre tout obstak yo

0
2020 census graphic

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

W.K. Kellogg Foundation te youn pami plis pase 100 òganizasyon ki patisipe nan yon Kolaboratif Donatè Resansman pou asire yon dekont egzak pou Resansman 2020 an nan peyi Etazini. Ansanm, Kolaborasyon an finanse 229 òganizasyon atravè peyi a pou sipòte youn nan dekont desenal ke listwa poko janm konnen. Defi a se te pou konn kijan pou asire ke kominote ki difisil pou konte yo – tèlke, moun koulè yo, jèn timoun yo, kominote Tribal yo, travayè ki gen salè ba yo, moun ki pa p travay yo, imigran yo ak lòt – te reprezante defason ekitab nan Resansman 2020 an.
Done yo ajou apati dat 15 novanm 2020
Atravè Fon Ekite pou Resansman an, Kolaborasyon Filantwopik Nasyonal sou Resansman an (National Philanthropic Collaborative on Census) te kreye yon fon pou founi sipò bay gwoup nan eta yo – asosye, òganizasyon lokal, anplwayè ak kominote yo – ki gen yon kantite fwaye ki elve e ki difisil pou konte kote filantwopi a limite. Avèk objektif la ki se asire ke timoun ak fanmi yo ki nan kominote ki pi difisil pou konte yo resevwa finansman pou pwogram ke yo vrèman konte sou yo tankou aprantisaj pou timoun piti, asistans pou manje ak sèvis sante – finansman ki depann de chif ke resansman an bay.

Plizyè milye moun te travay san kanpe pou byen dirije operasyon pou fè swivi ak fwaye ki pat patisipe nan resansman an, malgre plizyè defi ki te prezante yo e yo merite apresiyasyon ki pi pwofon nou paske yo rive jwenn yon to repons total ki depase to 2010 yo.

Kolaborasyon an te pèmèt sible efò sektè filantwopik ak sektè nonpwofi a ofiramezi defi yo t ap prezante. Litij ozalantou kesyon potansyèl sou sitwayènte a, katastwòf natirèl yo ak enkapasite pou ale sou plas akòz pandemi kowonaviris la te afekte to repons yo pandan ete a — an patikilye avèk Ameriken Natif Natal yo, imigran yo, moun ki nan milye riral yo ak kominote moun nwa yo. Pandan tout pwosesis la, WKKF te travay ansanm ak asosye Kolaborasyon yo pou reponn epi leve yon vwa kolektif an favè dekont lan. Òganizasyon ki jwenn finansman yo pase de sansibilizasyon an pèsòn planifye a ale nan pwomosyon kominikasyon nimerik/pa telefòn/pa tèks pou konekte ak kominote ki difisil pou konte yo tout pandan pandemi an. Kòm rezilta, yo te kreye yon paj resous pou COVID-19, pou pwoteje sante ak sekirite travayè ak benevòl resansman yo. WFFK te asosye l tou ak plis pase 500 enstitisyon filantwopik ki nan prèske chak eta lè l te siyen yon lèt pou Ministè Komès la pou mande pou yo pa rakousi delè resansman an yon fason pou asire yon dekont ki fyab.

To Repons Resansman 2020 an

Apre yon bès nan tandans patisipasyon nan resansman ak ankèt an 2010, e malgre defi yo, to a reflete efò plizyè santèn mil moun k ap travay san kanpe pou asire ke yo te konte tout moun.

To repons final pou Resansman 2020 an te 67.0%, yon ogmantasyon parapò ak to oto-repons final 2010 la ki te 66.5%

Previous slide
Next slide
Aprann plis sou to repons espesifik pou chak eta yo:

Pouki Rezon Dekont la Enpòtan

Nan Resansman 2010 la, yo pat konte yon milyon timoun ki te gen mwens pase laj 5 lane, e sa te koute eta yo $550 milyon dola chak ane nan fon federal yo te pèdi pou pwogram kritik pou timoun yo. Selon komite Count All Kids la, nan yon milyon sa a, popilasyon yo plis te souzestime kantite reyèl yo, se te popilasyon timoun Afwo-Ameriken ak Latino yo.  Apresa, pwochen gwoup yo te souzestime kantite reyèl la an 2010 se te timoun ant laj 5 ak 9 lane. Nan Resansman 2020 an, yo te prete yon atansyon patikilye nan konte jenn timoun yo. Nan kad inisyativ Count All Kids la, patnè yo tankou “Sesame Street” ak Nickelodeon te difize kontni bileng pou timoun nan plizyè lang natif-natal atravè dè douzèn chèn miltimedya. Sa asire yo te konte timoun yo etan yo t ap fè tranzisyon pou yo rete lakay yo pandan pandemi COVID-19 la. Yo te founi materyèl nan plizyè lang sa yo bay mesaje lokal de konfyans yo, ikonpri paran, pwofesè, founisè swen gadri, biwo doktè, bibliyotèk ak nan rezo pou swen ak edikasyon timoun piti yo.

Tradisyonèlman, timoun yo reprezante pi gwo gwoup nan peyi Etazini ke yo souzestime kantite reyèl yo An 2010, Biwo Resansman an te pat konte 2.2 milyon jèn timoun ki gen mwens pase laj 5 lane.

REZIME AKONPLISMAN YO

  • Kreyasyon kominote aprantisaj gras ak bayè fon ak benefisyè ki kontribye nan reyalizasyon yon rezo angajman sivik nasyonal ki pi solid
  • Finansman komen ki mobilize dè milya de dola nan afektasyon gouvènman federal/etatik ak dè milyon de dola pou sipò etatik ak filantwopik lokal
  • Asire dekont kominote imigran yo
  • Kreyasyon rechèch sou fason pou ogmante patisipasyon nan kominote ki difisil pou konte yo ke pati enterese yo, medya ak bayè fon yo itilize anpil yo
  • Avèk kolaborasyon ekip dekont resansman lokal yo ak kominote yo, yo te sipòte konsepsyon resansman lokal la ak efò enplemantasyon yo
  • Devlopman yon kanpay konpreyansif “Get Out the Count” (Fè Dekont Total La) pou enkli kominote ke tradisyonèlman yo te konn souzestime dekont reyèl yo
  • Dirije jounen daksyon nasyonal, anplis de Jounen Resansman ofisyèl la nan dat 1ye avril la
  • Etablisman 25 “sant” nasyonal ki konekte ak gwoup etatik/gwoup lokal aktif (kote pifò nan yo kowòdone) nan prèske tout eta
  • Rekritman ak asistans pou bayè fon etatik ak lokal yo nan apeprè 40 eta
  • Deplwaman zouti dijital ak fòmasyon pou ede pati enterese yo fè tranzisyon a dekont dijital la fas ak pandemi an
  • Lansman yon estrateji piblisitè ak kominikasyon pou ankouraje moun ke tradisyonèlman yo te konn souzestime dekont reyèl yo pou konplete resansman an epi enkli jèn timoun yo
  • Lansman ak sipò pwojè ranfòsman kalite resansman an pou adrese kalite done resansman an

Yon ilistrasyon grafik ki reflete travay Kolektif la sou resansman an.

Done pataje yo ap fè diferans pou jèn timoun

Previous article

Tout zouti ki disponib

Next article

Comments

Comments are closed.