Ekite RasyalEnvestisman Enpak

Altènativ ki konsantre sou moun alaplas prè predatè yo sipòte travayè ak fanmi yo

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Rasis ak diskriminasyon sistemik nan sektè jesyon aktif ak ekonomi a nan lansanm restrenn ajans ekonomik yo ki fè se kèk grenn ki rete, kidonk sa vin deklanche inegalite rasyal ak inegalite ekonomik epi alèkile sa vin anpeche kominote moun koulè yo sezi opòtinite pou bati richès nan kreye travay, pwopriyetè antrepriz, lojman, elatriye.   Se poutèt sa W.K. Kellogg Foundation envesti kapital nan jesyonè fon ak antreprenè ki gen talan, konesans nan biznis e ki te viv eksperyans pou fè ekite rasyal avanse epi pou jwenn opòtinite neglije pou kreye randman finansye ak randman sosyal. Envestisè ak patnè Pòtfèy Envestisman ki Baze sou Misyon nou an, ap chanje naratif la epi ap deranje sistèm lan pou yo konstwi yon ekonomi ki vreman enklizif pou tout moun
Prè pewòl ki koute chè yo mete konsomatè yo nan gwo dèt, fè yo pèdi richès epi yo menase estabilite ekonomik moun ki prete yo avèk yon to enterè anyèl ki an mwayèn 391%.  Malgre sa 12 milyon ameriken oblije pran prè pewòl predatè paske prè pewòl sa yo pèmèt ti enjeksyon lajan kach rapid lè li nesesè olye pou moun tann jou pewòl yo.  Laplipa moun ki prete yo se moun ki gen ti revni, ki depanse an mwayèn $520 nan frè pou reprete $375 regilyèman. Si nap gade dèyè prè sa yo ki gen to enterè ki wo yo, nap wè se moun òdinè ki fè yo — pwofesè kap achte founiti klasik pou elèv yo, paran ki pran pàn lajan kach ki bezwen repare machin yo ak anpil lòt moun kap chèche èd ekonomik akoutèm.

Gen 12 milyon ameriken ki oblije pran prè predatè chak ane paske prè sa yo ofri ti enjeksyon lajan kach rapid lè li nesesè olye pou yo tann pewòl yo.

0
%
to enterè anyèl an mwayèn
$
0
frè pou prè $375
0
%
Texas gen to enterè ki pi wo a sou prè pewòl Ozetazini.
Nan Texas, kote to enterè a sou prè pewòl yo pi wo nan peyi a, Rio Grande Valley Multibank (RGVMB) te kreye yon altènativ an tout sekirite e ki pratik: yon pwodui prè ki baze sou anplwayè a ke yo kapab repeye nan dediksyon ki fèt sou pewòl. Anplwaye ki kalifye yo ka prete jiska $1,000 epi yo ka resevwa konsèy finansye. RGVMB ofri prè abòdab sa yo atavè Sant Prè Kominotè li a (Community Loan Center, CLC), yon modèl franchiz ki pa travay pou pwofi ki itilize lojisyèl pwopriyetè pou minimize depans administratif, pou pèmèt lòt òganizasyon kominotè yo, pran prè pou anplwaye yo . Rezilta a se yon modèl rezilta ki dirab, fleksib pou prè responsab ki abòdab.  Selon RGVMB, moun ki prete nan CLC yo ekonomize apeprè $775 pou chak prè an konparezon ak pri li koute pou prete menm montan an si yo itilize prè sou pewòl tipik Texas la.

NAP ADRESE SIK ESTRÈS POU TRAVAYÈ KI TOUCHE SALÈ KI BA YO

“Antanke anplwayè, nou konnen anplwaye nou yo pa travay osi byen lè yo enkyete poutèt bagay kap pase andeyò biwo a oswa yo sètoblije rate jou travay pou yo jere yon bagay pèsonèl. Poutèt nou ofri prè sa yo, nou ka ede anplwaye nou yo santi yo gen lapèdespri nan travay la, e sa ede prezans ak pwodiktivite yo. Epitou prè sa yo se yon fason pou nou asire pyès moun kap prete lajan yo pa pwofite de anplwaye nou yo. Tout moun ki nan kominote nou an benefisye ladann.”

Depi yo te fonde li an 2011, CLC te prete apeprè $82 milyon bay plis ke 85,000 travayè ki touche salè ki ba grasa asosyasyon li te fè ak anplwaye yo nan nèf eta epi nan 19 mache diferan.  Swasant pousan moun ki prete yo se fanm, 86% se moun koulè epi prèske tout te touche mwens ke 200% nivo povrete federal la, swa apeprè $53,000 pou yon fanmi ki gen kat moun ladann.
Nan yon ane tipik, demann pou prè CLC yo gen tandans suiv yon sik ki prediktib, ki ogmante avan ane akademik la kòmanse epi apre nan epòk fèt sezon ivè, lè depans moun fè tankou rad, founiti klasik ak kado konn depase bidjè mansyèl yo. Epi nan sezon taks, aplikasyon prè yo bese lè anpil ki konn prete lajan resevwa lajan taks yo, epi prè yo estabilize pandan sezon ete a pou l remonte ankò lè lekòl louvri, e se sa ki demontre enkapasite anpil moun ki gen salè ki ba pou yo kouvri ti bezwen lajan yo konn genyen. Sik estrès sa yo pi volatil pandan pandemi an. Done resan montre ke gen anpil chans ke tandans sa yo ka chanje avèk vag èd ekononmik federal yo. Kidonk, pral gen ogmantasyon nan prè pewòl lè peman estimilis yo, lajan pou moun ki nan chomaj ak lòt asistans tanporè ekspire.
0
travayè ki touche salè ba
$
0
M
nan prè san danje ki abòdab
0
%
pami moun ki prete yo se moun koulè

Sou 10 lane, moun ki prete yo ekonomize anviwon $7.75 M

YON ENVESTISMAN ALONTÈM KI KONTINYE BAY REZILTA

W.K.  Kellogg Foundation founi yon envestisman $1 milyon pou envestisman nan pwogram konèks (pwogram-related investments, PRI) nan pwogram CLC a nan lane 2017.  Prè ki pa sekirize sou 10-lane a avèk yon to enterè 1%, pral finanse omwen 10,000 prè epi lap bese depans kapital RGVMB pou asire ke moun kap prete yo gen yon to enterè abòdab.  Puiske prè yo renouvle chak ane, envestisman nan pwogram konèks sa a (PRI) gen potansyèl pou li fè moun kap prete yo ekonomize plis pase $7.75 milyon nan peryòd envestisman 10 lane a ansanm epi lap mobilize plis kapital nan bank komèsyal yo, nan sektè piblik la ak fondasyon menm jan avè l yo pou sipòte jande pwodui sa yo.

Envestisman nan pwogram konèks yo (PRI) bouche twou sou mache kapital la, epi li bay fleksibilite moun bezwen souvan pou pèmèt kapital la vin gen yon gwo enpak.

Eli Cuna, dirije avèk yon konektivite ak yon detèminasyon apwofondi

Previous article

Sajès premye edikatè yo

Next article

Comments

Comments are closed.