Angajman KominotèlidèchipTravay

Nan Utah, Ze Min Xiao ap redefini sans apatenans

0
Fellows from the Community Leadership Network - Class Two

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl) Português (Pòtigè)

Filozofi apatenans Ze Min Xiao lan senp: «Se pa sèlman satisfè bezwen debaz yo. Sa vle di bay moun opòtinite pou kontribiye nan sosyete a epi fè yo santi yo vrè ak tèt yo, se pa pou yo moun nou mande yo ye a», se sa l di.

Xiao te rive konprann sa apatennans ou vle di depi byen bonè nan karyè lè l t ap travay antanke yon kontak pou refijye biwo majistra a nan Konte Salt Lake, Utah, epi li te rankontre yon fi ki te chape anba jenosid nan peyi Rwanda. Fi a te fè Xiao konnen nan ki pwen li te santi l mizerab. Xiao mande l poukisa? Li te an sekirite, li te rete nan yon kay epi bezwen debaz li yo te satisfè. Fi a te reponn li di: «Mwen pa gen anyen.» Mari m al travay, timoun mwen yo ale lekòl epi mwen jis lakay mwen poukont mwen. Pa itil anyen. San espwa. Mwen pa santi mwen ka kontribye nan anyen.»

Sa a te ouvri je Xiao: «Li te frape m paske m te kapab ba l anpil bagay, men mwen pa t ka ba li kapasite pou l santi l entegre nan yon bagay ak yon sans moun li ye an reyalite.» Se sa a Xiao te di, li menm ki se yon manm nan Global Fellows Network (GFN) nan Fondasyon W.K. Kellogg (WKKF).

Kounye a, Xiao ap travay pou asire l chak moun nan Utah gen santiman diyite sa a grasa travay li kòm fondatè, Prezidan Direktè Jeneral Center for Economic Opportunity and Belonging (Sant pou Opòtinite Ekonomik ak Santiman pou w apatennans ou). Sant lan te fonde an 2021 pou angaje ak kominote yo epi rasanble patenarya prive, piblik ak byenfezans pou jwenn solisyon ak eka ki gen nan opòtinite ekonomik, edikasyon, sante ak lojman nan Utah. 

Bati alyans pou chanjman

Prensipal fonksyon sant lan se rasanble, kominote yo ansanm ak moun k ap pran desizyon yo      ansanm pou kreye nouvo solisyon pou enkyetid ki gen nan kominote a. 

«Pati relasyon an vrèman esansyèl nan travay nou fè a.» Se sa a Xiao te di. «Nou vrèman kwè pou nou kreye espas kote moun yo kapab travay ansanm, nou dwe kreye konfyans ant moun ki gen enterè yo.»

Sa pa gen twò lontan, sant lan te travay ak 150 paran ki soti nan de distri lekòl pou ede yo bati pouvwa kolektif. Xiao ak ekip li a te bay fòmasyon teknik epi ede yo idantifye twa domèn debaz pou konsantre efò defans yo. Youn nan pwoblèm sa yo te adrese enjistis nan rezilta akademik pou timoun yo. 

Repanse Opòtinite pou Envestisman (ROI) nan Sid

Previous article

Centro de Leyes y Políticas para los Niños: La necesidad continua de un trabajo interno de equidad racial

Next article

Comments

Comments are closed.